LESON 27
Bay diskou a san se pa li w ap li nòt ou yo
OU KA te fè anpil efò pou w prepare diskou w la. Petèt ou ka gen enfòmasyon k ap itil moun yo. Ou ka òganize ide yo yon fason ki lojik. Ou ka gen kapasite pou w pale yon fason ki swa lè w ap bay diskou a. Men, si moun k ap koute w yo pa ba w tout atansyon yo, sa vle di yo koute sèlman kèk pati nan sa w ap di a paske souvan, lespri yo al konsantre sou lòt bagay, jis nan ki pwen ou ka di prezantasyon w lan reyisi? Si yo gen difikilte pou yo rete konsantre sou diskou a, ki jan w ap fè rive touche kè yo?
Ki sa k ka alabaz yon pwoblèm konsa? Plizyè bagay. Byen souvan, moun k ap bay diskou a konn bay li yon fason ki montre se li l ap li nòt li yo. Sa vle di, oratè a gade nòt li yo twò souvan oswa li gen yon stil ki twò serye. Men, pwoblèm sa yo gen rapò dirèkteman ak fason oratè a te prepare diskou a.
Si w te ekri tout diskou w la anvan, epi apre sa w eseye fè l tounen yon plan, petèt li ka difisil pou w bay li yon fason ki natirèl, san w pa ap li nòt ou yo. Poukisa? Paske w te gentan chwazi mo egzak ou prevwa itilize yo. Menmsi w vin ap sèvi ak yon plan pou w bay diskou a, ou pral chèche sonje mo ou te itilize nan premye papye w te prepare a. An jeneral, langaj yo itilize nan yon tèks yo ekri ak fason fraz yo ranje ladan l pi konplike pase jan nou pale nan konvèsasyon chak jou. Se konsa diskou w la ap ye.
Olye w ekri diskou w la an detay, eseye suiv pwen ki vin apre yo pito: 1) Chwazi yon tèm e chwazi pwen prensipal ou pral itilize pou w devlope tèm sa a. Pou yon diskou ki kout, de pwen prensipal ka sifi. Yon diskou ki long ka gen kat oswa senk pwen prensipal. 2) Anba chak pwen prensipal, ekri ki vèsè kle ou prevwa itilize pou w devlope pwen sa a, ekri tou ki egzanp w ap itilize e ki rezònman enpòtan w ap fè. 3) Reflechi sou fason w pral entwodui diskou a. Ou ka menm ekri youn oswa de fraz. E fè sa tou pou konklizyon diskou a.
Li trèzenpòtan pou w prepare fason w pral bay diskou a. Men, pa repete l motamo nan entansyon pou w konnen l pakè. Pou w fè diskou a san se pa li w ap li nòt ou yo, nan preparasyon w ap fè a, ou ta dwe konsantre w sou ide w pral transmèt yo olye w konsantre w sou mo yo. Ou ta dwe egzamine ide yo jiskaske yo ka chita annòd byen fasil nan lespri w. Si w te byen fè plan diskou a e w te devlope sijè a yon fason ki lojik, li pap difisil pou w fè sa. Konsa, lè w ap bay diskou a, ide yo ap vini byen fasil e yon fason ki natirèl.
Egzamine avantaj yo. Yon avantaj enpòtan ki genyen lè w ap bay yon diskou san se pa li w ap li nòt ou yo, sèke w ap pale yon fason ki senp, e moun yo ap byen reyaji. Diskou w la ap pi vivan, e konsa, l ap pi enterese moun k ap koute w yo.
Metòd sa a pèmèt ou gade plis moun posib pami moun k ap koute w yo, konsa ou kominike avèk yo pi byen. Piske w pa gad nan nòt ou yo pou w di chak fraz ki gen nan diskou a, sa fè moun yo wè aklè ou byen konnen sijè w la e ou kwè nan sa w ap di yo ak tout kè w. Konsa, w ap fè yon diskou ki vivan, ki tankou yon konvèsasyon, yon diskou kote w ap pale ak moun yo ak tout kè w e yo menm y ap koute w ak tout kè yo.
Yon diskou ou bay san se pa li w ap li nòt ou yo pèmèt ou adapte w ak divès sitiyasyon. Fason w ranje enfòmasyon yo pa anpeche w fè chanjman ladan yo. Ann sipoze byen bonè nan jou w pral fè diskou w la, yo bay yon nouvèl enteresan ki gen rapò ak sijè w la. Èske l pa t ap apwopriye pou w fè referans avè l? Oswa pandan w ap fè diskou a, ou rann ou kont gen anpil timoun ki lekòl ki nan asistans lan. Ala bon sa t ap bon pou w adapte ni egzanp w ap ba w yo ni aplikasyon w ap fè yo ak jèn sa yo, yon fason pou w ede yo pi byen konprann jan enfòmasyon yo gen rapò ak lavi yo!
Yon lòt avantaj ki genyen lè w ap fè yon diskou san se pa li w ap li nòt ou yo, sèke sa fè lespri w travay. Lè moun k ap koute w yo se moun ki byen reyaji parapò ak sa y ap koute a, sa fè w plis chofe pou w prezante yo enfòmasyon yo e sa fè w pran tan pou w esplike yo yon seri ide oswa pou w repete yon seri pwen yon fason pou w mete aksan sou pwen sa yo. Si w santi moun yo kòmanse sispann konsantre sou sa w ap di yo, ou ka pran kèk mezi pou w venk pwoblèm nan olye w annik kontinye pale pandan lespri moun yo byen lwen.
Kèk pwoblèm pou w evite. Ou dwe konnen lè w ap pale san se pa nòt ou yo w ap li, sa ka bay kèk pwoblèm. Youn ladan yo, se tandans pou w depase lè ou genyen pou w fè diskou a. Si pandan w ap fè diskou a, ou vin ajoute twòp lòt ide, ou ka gen pwoblèm ak lè a. Ou ka venk pwoblèm sa a si w make nan plan an kantite tan w ap fè nan chak pati nan diskou a. Apre sa, respekte kantite tan w mete yo.
Yon lòt pwoblèm, sitou oratè ki gen eksperyans yo konn genyen, se twòp konfyans yo mete nan tèt yo. Lefètke yo vin abitye pale an piblik, gen kèk ladan yo ki ka wè li pa difisil pou yo kouri rasanble kèk ide met sou yon fèy papye pou yo konble tan ki prevwa pou diskou a. Men, imilite ak rekonesans nou genyen dèske n ap patisipe nan pwogram ansèyman Jewova, Gran Pwofesè a, ap bay la, ta dwe motive nou pou nou priye chak lè nou gen yon patisipasyon pou nou fè e pou nou byen prepare patisipasyon an. — Iza. 30:20; Wom. 12:6-8.
Petèt, anpil oratè ki pa gen eksperyans nan bay diskou san yo pa ap li nòt yo pè pou yo pa bliye sa yo te vle di a, e sa enkyete yo anpil. Pa kite sa anpeche w itilize metòd sa a k ap pèmèt ou fè bon diskou. Byen prepare, e mande Jewova pou l ba w èd lespri sen l. — Jan 14:26.
Gen lòt oratè ki gen anpil sousi pou yo toujou itilize bon mo yo, e sa anpeche yo fè yon diskou san se pa li y ap li nòt yo. Se vre, si yo ta fè yon diskou konsa, yo pa t ap ka jwenn presizyon nan chwa mo yo ak nan règ gramè yo, tankou sa fèt nan yon diskou maniskri, men yo t ap bay li nan yon stil ki enteresan tankou lè y ap fè yon konvèsasyon, e sa t ap bay plis avantaj. Lè oratè yo eksprime ide yo yon fason ki fasil pou moun konprann e lè yo itilize fraz ki pa konplike, moun yo reyaji pi byen. Si w byen prepare, mo ki apwopriye yo ap vini tou natirèlman paske w te byen egzamine ide yo san w pa t oblije aprann mo yo pakè. Si w pale byen nan konvèsasyon w ap fè chak jou, w ap pale byen tou yon fason ki natirèl lè w sou estrad la.
Nòt w ap itilize. Ofiramezi tan ap pase e tank w ap fè pratik, w ap ka redui kantite pawòl ou met nan plan an, w ap ka annik sèvi ak kèk mo pou chak pwen prensipal nan diskou w la. Ou ka mete yo ansanm ak vèsè ou prevwa itilize yo sou yon moso bristòl oswa sou yon fèy papye pou w ka gade yo byen fasil. Pou predikasyon, nan pifò ka, w ap bezwen sonje yon ti plan tou senp ou fè nan tèt ou. Si w te fè rechèch sou yon sijè pou w al fè yon vizit, ou ka ekri kèk ti nòt nan yon moso papye epi w mete yo nan bib ou. Ou ka senpleman sèvi tou ak yon plan nan pati ki rele “Sijè biblik” yo, ki nan Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo, oswa ak enfòmasyon ki nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la pou w fè konvèsasyon an.
Sepandan, si yo ba w plizyè patisipasyon pou w fè nan reyinyon yo nan espas kèk semèn, e petèt menm yo ba w diskou piblik pou w fè tou, li ka bon pou w mete plis enfòmasyon nan plan w yo toujou. Poukisa? Pou w kapab rafrechi memwa w sou enfòmasyon w pral prezante yo anvan w fè chak patisipasyon. Menm nan ka sa yo, si w konte twòp sou nòt yo pou w jwenn mo pou w itilize yo pandan w ap bay diskou a, e w ap gade nan nòt ou yo prèske nan chak fraz, w ap pèdi avantaj ki genyen lè yon moun fè yon diskou san se pa li l ap li nòt li yo. Si w ap itilize anpil nòt, ekri yo yon fason pou nan yon senp koudèy, ou ka wè mo ou te souliye yo ak vèsè ou te prevwa itilize yo byen fasil, yo menm ki fòme plan diskou w la.
Byenke, an jeneral, yon oratè ki gen eksperyans ta dwe fè diskou l yo san se pa li l ap li nòt li yo, ka gen kèk avantaj tou si l sèvi ak kèk lòt metòd nan diskou l ap bay. Nan entwodiksyon ak nan konklizyon diskou yo, kote oratè a dwe byen gade moun k ap koute l yo e kote l bezwen di yon seri pawòl ki byen reflechi avèk fòs, li ka bon pou l sonje kèk fraz pakè. Lè l ap bay enfòmasyon presi sou yon evènman ki te pase, lè l ap bay kèk chif, lè l ap site sa yon moun te di oswa lè l ap itilize vèsè, li bon pou l li yo, e sa ka gen yon gwo efè sou moun yo.
Lè lòt moun mande yon esplikasyon. Pafwa, yo poze nou kesyon sou kwayans nou, e nou pa t deja fè preparasyon pou nou reponn kesyon sa yo. Sa ka rive nou rankontre yon moun nan predikasyon ki di yon bagay pou anpeche nou fè yon konvèsasyon avè l. Yon sitiyasyon konsa ka rive tou pandan nou avèk yon fanmi nou, pandan nou nan travay nou oswa nan lekòl nou. Moun ki nan gouvènman yo tou ka mande nou esplikasyon sou kwayans nou e sou konduit nou. Men sa Bib la ankouraje nou fè: “Se pou nou toujou pare pou nou defann nou devan nenpòt moun ki mande nou rezon ki fè nou gen esperans nou genyen an. Men, se pou nou fè sa avèk dousè e avèk gwo respè.” — 1 Pyè 3:15.
Gade ki jan Pyè ak Jan te reponn Sanedren an, tribinal siprèm Juif yo, selon Travay 4:19, 20. Nan de fraz sèlman, yo te di pozisyon yo byen klè. Yo te fè sa yon fason ki te apwopriye pou moun ki t ap koute yo, yo te montre kesyon sa a apot yo t ap fè fas avè l la te konsène tribinal la tou. Pi devan, gen moun ki te lage fo akizasyon sou do Etyèn e ki te mennen l devan menm tribinal sa a. Li repons pisan li te bay san l pa t prepare pou sa nan Travay 7:2-53. Ki jan l te òganize sa l t ap di yo? Li te prezante evènman yo nan lòd yo te pase a. Nan yon moman ki apwopriye, li te kòmanse mete aksan sou etadespri rebèl nasyon Izrayèl la te demontre. Nan fen repons lan, li te montre moun ki nan Sanedren an demontre yo gen menm etadespri sa a lefètke yo te fè touye Pitit Bondye a.
Lè yo mande w pou w esplike kwayans ou san w pa t prepare pou sa, ki sa k ka ede w byen prezante sa w ap di yo? Imite Neyemya, ki te priye an silans anvan l te reponn yon kesyon wa Atakzèksès te poze l (Ney. 2:4). Apre sa, fè yon plan nan lespri w byen vit. Ou ka ranje plan sa a konsa: 1) Chwazi youn oswa de pwen ki dwe gen nan esplikasyon w ap bay yo (ou ka chwazi sèvi ak kèk pwen ki nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la). 2) Chwazi vèsè w ap itilize pou w soutni pwen sa yo. 3) Reflechi sou fason w ka demontre w gen konsiderasyon pou moun ki poze w kesyon an depi lè w ap kòmanse reponn li kesyon an, yon fason pou l ka dispoze koute w. Ansuit, kòmanse pale.
Si w sou presyon, èske w ap sonje sa pou w fè? Men sa Jezi te di disip li yo: “Pa enkyete nou pou fason n ap gen pou nou pale oswa pou sa n ap gen pou nou di, paske n ap konnen sa n ap gen pou nou di a lè lè a rive. Paske, se pa nou menm sèlman k ap pale, men se lespri Papa nou k ap pale nan nou.” (Mat. 10:19, 20). Sa pa vle di Bondye ap fè yon mirak pou l fè w “pale avèk sajès”, menm jan l te fè sa pou kretyen premye syèk yo (1 Kor. 12:8). Men, si w toujou pwofite enstriksyon Jewova bay sèvitè l yo nan kongregasyon kretyen an, lespri sen ap fè w sonje enfòmasyon ou bezwen yo lè sa nesesè. — Iza. 50:4.
Pa gen dout nan sa, ou ka bay yon diskou san se pa li w ap li nòt ou yo. Si w pran abitid fè sa lè w gen yon patisipasyon nan kongregasyon an, li pap difisil, lè sa nesesè, pou w reponn yon kesyon menmsi w pa t prepare pou sa, piske se menm teknik la w ap itilize. Pa ezite itilize teknik sa a. Lè w byen aprann itilize teknik sa a, sa ap ede w pou w pi efikas nan predikasyon. E si w gen privilèj fè diskou nan kongregasyon an, w ap gen plis posiblite pou w kapte atansyon moun k ap koute w yo e w ap touche kè yo.