BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb18 jen p. 7
  • Evite danje ki gen nan rezo sosyal

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Evite danje ki gen nan rezo sosyal
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Sou menm sijè a
  • Kiyès ki zanmi w sou Entènèt?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Ki efè rezo sosyal yo genyen sou mwen?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Rezo sosyal yo — Premye pati: Èske pitit mwen ta dwe sèvi ak rezo sosyal?
    Èd pou fanmi
  • Yon gwo ofisyèl nan kesyon lasante fè konnen rezo sosyal ka gen move efè sou jèn yo — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
mwb18 jen p. 7

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Evite danje ki gen nan rezo sosyal

Jezi te refize fè wòch tounen pen.

POUKISA SA ENPÒTAN: Menm jan ak pifò zouti, rezo sosyal kapab itil nou, men se konsa tou li kapab vin yon danje pou nou. Gen frè ak sè ki chwazi pa itilize rezo sosyal. Gen lòt yo menm ki itilize rezo sosyal pou yo ret an kontak ak fanmi yo e ak zanmi yo. Men, Dyab la ta renmen nou mal sèvi ak rezo sosyal, sa ki ta ka sal repitasyon nou oswa gen gwo efè sou relasyon nou ak Jewova. Menm jan ak Jezi, nou ka itilize prensip ki nan Pawòl Bondye a pou ede nou idantifye danje yo epi evite yo. — Lk 4:4, 8, 12.

DANJE POU NOU EVITE:

  • Itilize rezo sosyal yo twòp. Lè nou pase plizyè èdtan sou rezo sosyal, sa kapab pran nan tan nou konn rezève pou Jewova a.

    Prensip ki nan Bib la: Ef 5:15, 16; Fp 1:10

  • Gade yon seri bagay ki yon ti jan sispèk. Lè n ap gade yon seri imaj ki ka leve dezi lakay nou, sa ka fè n vin esklav pònografi oswa imoralite. Lè nou li yon seri bagay aposta yo ekri oswa n al sou paj yo, sa ka kraze lafwa n.

    Prensip ki nan Bib la: Mt 5:28; Fp 4:8

  • Mete yon seri kòmantè oswa foto ki pa kòrèk. Kòm kè a trèt, yon moun gendwa gen tandans mete yon seri kòmantè oswa foto ki pa kòrèk sou rezo sosyal yo. Men, sa kapab sal repitasyon yon moun e menm lakòz lòt moun bite.

    Prensip ki nan Bib la: Wm 14:13; Ef 4:29

GADE VIDEYO KI GEN TIT BYEN SÈVI AK REZO SOSYAL, EPI GADE IMAJ KI VIN APRE YO POU W WÈ KÒMAN W KA EVITE TONBE NAN PYÈJ SA YO:

Yon vòlè ki sou rezo sosyal ki konnen mèt kay la al an vakans.
Yon mesye k ap pase yon ti dam entèvyou e ki wè yon foto ti dam nan sou Entènèt ki fè l gen dout sou li.
Yon moun ki sou rezo sosyal e ki an kontak ak moun k ap di mo sal.
Yon moun ki te rete byen ta sou rezo sosyal ki pa ka leve nan demen maten.
    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje