LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Jewova anseye nou fason pou n pran swen fanmi nou
Ki sa mari ak madanm ka aprann nan men Jewova, Papa nou ki nan syèl la, k ap ede yo byen leve pitit yo? Gade videyo Jewova anseye nou fason pou n pran swen fanmi nou, epi reponn kesyon ki vin apre yo sou Abilio ak Ulla Amorim:
Jis nan ki pwen fason yo te leve yo te prepare yo pou yo leve pitit pa yo?
Ki bèl bagay pitit yo sonje anrapò ak lè yo te timoun?
Ki jan Abilio ak Ulla te fè efò pou yo aplike Detewonòm 6:6, 7?
Poukisa yo pa t annik di timoun yo sa pou yo fè?
Ki jan yo te ede timoun yo pran bon desizyon nan lavi yo?
Yo te toujou ankouraje pitit yo rete nan sèvis aplentan, men ki sakrifis sa te mande? (bt 178 § 19)