BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th leson 1 p. 4
  • Fè yon bon entwodiksyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè yon bon entwodiksyon
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • Entwodiksyon ki kapte atansyon moun
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th leson 1 p. 4

LESON 1

Fè yon bon entwodiksyon

Vèsè biblik.

Travay 17:22.

SA POU W FÈ: Entwodiksyon w lan dwe kapte atansyon moun k ap koute w yo, li dwe montre sou ki sa w ap pale e l dwe montre rezon ki fè moun yo dwe enterese nan li.

FASON POU W FÈ SA:

  • Kapte atansyon moun yo. Chwazi yon kesyon, yon deklarasyon, yon eksperyans ki te rive toutbon oswa yon nouvèl k ap kapte atansyon moun k ap koute w yo.

    Konsèy pratik.

    Depi davans, pran san w pou w reflechi ak sa k enterese moun yo ansanm ak sa k ap trakase lespri yo, epi adapte entwodiksyon w lan ak enfòmasyon w vin genyen yo.

  • Montre sou ki sa w ap pale. Nan entwodiksyon w ap fè a, asire w moun k ap koute w yo rive wè aklè sou ki sijè w ap pale ak objektif prezantasyon w lan.

  • Montre moun yo rezon ki fè sijè a enpòtan. Adapte sa w ap di a selon bezwen moun k ap koute w yo. Yo dwe byen konprann ki jan sijè a ka ede yo pèsonèlman.

    Konsèy pratik.

    Lè w ap prepare yon diskou, mande tèt ou: ‘Ki pwoblèm frè ak sè nan kongregasyon m nan ap rankontre?’ Apre sa, prepare entwodiksyon w lan selon bezwen yo.

NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Pou w rive wè ki sa k ka enterese yon moun, chèche wè ki aktivite l ap mennen oswa ki sa k ap pase toutotou l. Kòmanse konvèsasyon an ak yon kesyon oswa fè yon ti pale tou kout sou bagay sa yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje