BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb19 oktòb p. 7
  • Jis nan ki pwen ou bay Pawòl Bondye a valè?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jis nan ki pwen ou bay Pawòl Bondye a valè?
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Yo te bay Bib la valè — Rezime (William Tyndale)
    Kèk lòt sijè
  • Ou kapab jwenn èd
    Reveye n! — 2020
  • Yo te bay Bib la valè
    Kèk lòt sijè
  • Sit wèb ofisyèl nou an: Yo fè l pou l itil ni nou menm ni lòt moun
    Ministè Wayòm nan — 2012
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
mwb19 oktòb p. 7

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Jis nan ki pwen ou bay Pawòl Bondye a valè?

Bib la, yon liv ki sakre, gen ladan l panse ak pawòl Jewova, Sila a ki te fè ekri l la (2P 1:20, 21). Lefètke Labib atire atansyon nou sou jan Jewova pral defann dwa li genyen pou l dirije antanke Souvren an grasa Wayòm li an, li bay tout limanite espwa talè konsa y ap kapab viv pi byen. Anplis de sa, Labib ede nou konnen bèl pèsonalite Jewova, Papa nou ki nan syèl la, genyen. — Sm 86:15.

Nou chak nou gen rezon pa nou ki fè nou apresye Pawòl Jewova a. Men, èske n montre nou bay kado sa a anpil valè, lè nou li l chak jou epi n aplike sa n li ladan l nan lavi nou? Ann montre nan aksyon nou nou santi n menm jan ak youn nan moun ki te ekri nan liv Sòm yo ki te di: “Se pa ti renmen mwen renmen lwa w yo!” — Sm 119:97.

GADE VIDEYO YO TE BAY BIB LA VALÈ — REZIME (WILLIAM TYNDALE), EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • William Tyndale; William Tyndale ki kote l te gen près pou l enprime a; yon kopi premye edisyon Nouvo Testaman Tyndale la

    Poukisa William Tyndale te tradui kèk pati nan Bib la?

  • Sa k fè efò li te fè pou l tradui Bib la te vrèman estrawòdinè?

  • Ki jan yo te fè pou kopi Labib Tyndale te fè a antre an kachèt ann Angletè?

  • Ki sa nou chak ka fè pou n montre nou bay Pawòl Bondye a valè?

FÈ YON TI MEDITE: Nan ki sans Pawòl Bondye a tankou...

  • yon lanp ak yon limyè? — Sm 119:105

  • dlo? — Ef 5:26

  • yon epe? — Ef 6:17

  • yon glas? — Jk 1:23-25

LI PAWÒL BONDYE A CHAK JOU

Pwogram lekti Labib

Èske w te deja eseye itilize Pwogram lekti Labib ki sou sit jw.org la? Vèsyon PDF pwogram sa a ap voye w dirèkteman sou sit la ak sou pasaj nan Bib la ou ta renmen li a. Si gen anrejistreman odyo ki disponib nan lang pa w sou sit jw.org la, ou gen posiblite jwenn yo tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje