BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th leson 2 p. 5
  • Pale tankou lè w ap fè konvèsasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pale tankou lè w ap fè konvèsasyon
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • Mete vi nan sa w ap di
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Pale yon fason ki natirèl
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Pale ak konviksyon
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Pale ak tout kè w epi mete w nan plas moun yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
Gade plis
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th leson 2 p. 5

LESON 2

Pale tankou lè w ap fè konvèsasyon

Vèsè biblik.

2 Korentyen 2:17.

SA POU W FÈ: Pale yon fason ki natirèl e ki sensè pou w montre sa w santi konsènan sijè a e konsènan moun k ap koute w yo.

FASON POU W FÈ SA:

  • Priye epi byen prepare. Priye pou w jwenn èd pou w ret konsantre sou mesaj la olye w konsantre sou tèt ou. Chèche gen pwen prensipal w ap trete yo byen klè nan lespri w. Di sa w ap di a nan pwòp mo pa w. Pa annik li ekspresyon yo mo pou mo jan yo parèt nan plan an.

    Konsèy pratik.

    Si w planifye pou w li kèk vèsè nan Bib la oswa kèk bagay nan yon lòt piblikasyon, chèche byen konnen sa w pral li a yon fason pou w ka byen li l. Si w ap site pawòl lòt moun, li sa yo te di a avèk santiman san w pa egzajere.

  • Pale ak tout kè w. Reflechi sou rezon ki fè moun k ap koute w yo bezwen tande mesaj la. Ret konsantre sou rezon sa yo. Konsa, fason w kanpe, jès w ap fè, vizaj ou ap fè yo wè jan w sensè ak jan w renmen yo.

    Konsèy pratik.

    Pa konfonn lè yon moun natirèl ak lè yon moun twò vag. Montre jan mesaj la enpòtan lè w pale yon fason ki klè e w byen sèvi ak gramè lang lan.

  • Gade moun k ap koute w yo. Kontinye gade moun yo si sa pa yon pwoblèm nan zòn ou ye a. Lè w ap bay yon diskou, detanzantan gade yon moun nan asistans lan olye w gade tout moun nèt oswa w fikse je w sou yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje