BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 14 p. 128-p. 130 par. 4
  • Pale yon fason ki natirèl

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pale yon fason ki natirèl
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Pale tankou se yon konvèsasyon w ap fè
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Pale tankou lè w ap fè konvèsasyon
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Fason pou w prepare patisipasyon yo ba w fè nan lekòl la
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Pale yon fason ki swa
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 14 p. 128-p. 130 par. 4

LESON 14

Pale yon fason ki natirèl

Ki sa pou w fè?

Rete ou menm. Pale tankou se yon konvèsasyon w ap fè, montre w sensè, pale nòmal.

Poukisa sa enpòtan?

Si w santi w strese, ou pa fin alèz oswa w pa pale byen paske w enkyete pou fason moun yo wè w, sa ka detounen atansyon yo sou sa w ap di a.

SI W pale yon fason ki natirèl, lòt moun ap plis anvi fè w konfyans. Èske w t ap mete konfyans ou nan yon moun k ap pale avè w pandan l kache figi l dèyè yon mask? Menmsi mask la pi bèl lontan pase figi moun nan an reyalite, èske sa t ap fè w fè moun nan konfyans pou otan? Nou pa panse sa. Kidonk, olye pou w chèche sanble ak yon lòt moun, rete moun ou ye a.

Nou pa dwe konfonn natirèl ak neglijans. Li pa bon pou yon moun neglije règ gramè yo, pou l mal pwononse mo yo e pou l pale yon fason ki pa klè. Nou ta dwe evite yon langaj ki vag. Nou vle toujou demontre nou gen bonjan diyite ni nan langaj nou ni nan konpòtman nou. Yon moun ki pale yon fason ki natirèl pa ni twò serye, ni li pa enkyete l depase pou sa lòt moun ap panse de li.

Nan predikasyon. Lè w ap pwoche bò kote yon kay oswa bò kote yon moun nan yon andwa piblik nan objektif pou w bay moun nan temwayaj, èske w santi w strese? Pifò nan nou konn santi sa, men gen kèk moun ki santi sa plis pase lòt. Strès sa a ka fè vwa w parèt yon ti jan pa natirèl e li ka fè vwa w ap tranble, oubyen li ka parèt nan yon seri mouvman w ap fè ak men w oswa ak tèt ou ki montre w jennen.

Gen yon kantite rezon ki ka fè yon pwoklamatè gen pwoblèm sa a. Petèt, li ka ap panse sou fason moun nan ap wè l oswa li ka ap mande tèt li si l ap byen fè prezantasyon l lan. Sa konn rive tout moun. Men, pwoblèm nan se lè moun nan bay bagay sa yo twòp enpòtans. Si w strese anvan w al preche, ki sa ki ka ede w? Fè bonjan preparasyon e priye Jewova avèk senserite (Tra. 4:29). Reflechi sou kokenn konpasyon Jewova gen pou moun dèske l ba yo posiblite pou yo vin gen yon sante pafè ak lavi pou toutan nan Paradi a. Reflechi sou moun w ap fè efò pou w ede yo e ki bezwen tande bon nouvèl la.

Sonje tou, moun yo gen libète pou yo deside, donk yo ka aksepte mesaj la tou kòm yo ka rejte l. Se konsa sa te ye tou lè Jezi t ap preche nan Izrayèl tan lontan an. Sèl responsablite w genyen se preche moun yo (Mat. 24:14). Menm lè moun yo pa kite w pale, prezans ou sèlman ap ba yo yon temwayaj. W ap gen kè kontan paske w kite Jewova sèvi avè w pou l akonpli volonte l. Nan okazyon kote w gen posiblite pale, ki jan w ap pale? Si w aprann konsantre w sou bezwen moun yo, w ap pale yon fason ki atire moun yo e ki natirèl.

Lè w ap bay temwayaj, si w aji e w pale jan w fè chak jou, sa ap fè moun k ap koute w yo santi yo alèz. Yo ka menm plis dispoze koute panse ki soti nan Bib la ou ta renmen pataje avèk yo. Olye w tonbe pale, fè yon konvèsasyon avèk yo pito. Se pou w amikal. Montre w enterese nan yo e montre w dispoze koute sa y ap di. Natirèlman, kote lang moun yo oswa koutim zòn nan mande pou w suiv yon seri règ pou w montre respè anvè moun ou pa konnen, l ap bon pou w dispoze suiv règ sa yo. Men, ou ka toujou souri ak tout kè w.

Lè w ap pale sou estrad la. An jeneral, lè w ap pale devan yon gwoup moun, li pi bon pou w pale yon fason ki natirèl, tankou se yon konvèsasyon w ap fè. Anfèt, lè se yon pakèt moun k ap koute w, ou bezwen pale pi fò. Si w ap chèche sonje diskou w la pa kè oswa si nòt ou yo twò detaye, petèt ou enkyete w twòp pou mo w ap itilize yo egzak. Li enpòtan pou mo yo byen chita, men lè w bay sa twòp enpòtans, pawòl w ap di yo pap soti swa e w ka di yo nan yon stil ki twò serye. Lè sa a, ou pa pale yon fason ki natirèl. Ou ta dwe byen reflechi sou ide ou pral prezante yo alavans. Kidonk, se ide yo pou w bay plis atansyon, se pa mo egzak ou pral di yo.

Se menm bagay la tou lè y ap fè yon entèvyou avèk ou nan yon reyinyon. Byen prepare repons ou pral bay yo, men pa li yo, ni pa chèche sonje yo pa kè. Pale yon fason ki natirèl toutpandan w ap fè varyasyon nan son vwa w yon fason pou jan w ap di bagay yo atiran pou moun yo.

Menmsi yon moun devlope yon seri bèl teknik pou l byen pale, si l egzajere, sa ka fè moun k ap koute l yo twouve li pa natirèl. Pa egzanp, ou dwe pale yon fason ki klè e w dwe byen pwononse mo yo, men ou pa dwe fè sa nan pwen pou diskou w la parèt twò serye oswa pou l pa natirèl. Lè w byen fè jès swa pou w mete aksan sou yon bagay, swa pou w dekri yon bagay, sa ka fè diskou w la vivan. Men, si jès yo twò serye oswa yo egzajere, sa ap detounen moun yo sou sa w ap di yo a. Pale ase fò, men pa pale twò fò. Li bon pafwa pou w mete vi nan yon diskou w ap fè, men ou pa ta dwe twò chofe lè w ap fè l. Nan diskou w ap fè, ou dwe fè varyasyon nan son vwa w, ou dwe mete vi nan sa w ap di e ou dwe pale avèk santiman, men ou dwe fè tout sa yon fason ki pa atire atansyon sou ou e ki pa deranje moun k ap koute w yo.

Gen moun ki pale yon fason presi tou natirèlman, menm lè se pa yon diskou y ap fè. Gen lòt ki pale tankou se lè y ap fè konvèsasyon lakay yo. Sa ki enpòtan se pou w byen pale chak jou e se pou w konpòte w avèk diyite antanke kretyen. Konsa, lè w sou estrad la, l ap pi fasil pou ou pou w pale e pou w konpòte w yon fason ki natirèl e ki atiran.

Lè w ap li an piblik. Pou w rete natirèl lè w ap li an piblik, sa mande efò. Pou w rive fè sa, chèche idantifye ide prensipal ki nan pòsyon w pral li a epi byen egzamine fason yo devlope ide sa yo. Kenbe yo klè nan lespri w. Si w pa fè sa, w ap vin yon moun k ap li mo tou senpleman. Chèche pwononsyasyon mo ou pa konnen yo. Fè repetisyon awotvwa pou w ka fè bonjan varyasyon nan ton vwa w e pou w ka byen li mo ki mache ansanm yo yon fason pou moun yo byen konprann ide yo. Fè sa plizyè fwa jiskaske w li yon fason ki swa. Chèche konnen pòsyon w pral li a ase byen, yon fason pou lè w ap li awotvwa, lekti w la ka parèt tankou yon konvèsasyon ki vivan. Konsa, w ap li yon fason ki natirèl.

Nòmalman, pifò nan lekti n ap fè an piblik yo soti nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. Anplis lekti nou fè nan Lekòl ministè teyokratik la, nou li vèsè ak moun yo lè n ap preche e lè n ap bay diskou sou estrad la. Gen frè ki gen responsablite pou yo li atik y ap egzamine nan etid Toudegad la ak pòsyon y ap egzamine nan etid biblik kongregasyon an. Gen frè kalifye yo bay responsablite pou yo fè diskou maniskri devan yon pakèt moun nan kongrè. Kit w ap li Bib la oswa w ap li nan yon lòt piblikasyon, li pati ki gen sitasyon yo yon fason ki fè sa w ap li a vivan. Si yo site sa plizyè pèsonaj di, chanje vwa w chak lè youn nan yo ap pale. Men yon prekosyon pou w pran: pa fè teyat, men mete vi nan lekti a yon fason ki natirèl.

Yon lekti ki fèt yon fason ki natirèl tankou yon konvèsasyon. Li fèt avèk senserite e avèk konviksyon.

FASON POU W FÈ SA

  • Pale jan w pale chak jou. Panse ak Jewova e ak bezwen pèp li a genyen pou l aprann sou li, pa konsantre sou tèt ou.

  • Lè w ap prepare yon diskou, konsantre plis sou ide prensipal yo, pa ret konsantre sou mo egzak ou pral di yo.

  • Lè w ap fè yon diskou e lè w ap pale nan konvèsasyon w ap fè chak jou, evite pran move abitid pale yon fason neglijan e evite tandans itilize teknik pou moun byen pale yo yon fason pou w atire atansyon sou tèt ou.

  • Byen prepare lè w gen pou w fè yon lekti an piblik. Li avèk santiman epi chèche byen konprann sans sa w pral li a.

EGZÈSIS: 1) Li Travay 22:1-22 an silans, e note ki moun k ap pale. Kounye a, li pasaj sa a awotvwa e mete santiman ki apwopriye nan lekti a. 2) An twa fwa, anvan w al preche, li de premye paragraf ki nan leson sa a ak pòsyon ki anba soutit “Nan predikasyon” an ki nan paj 128 la. Fè efò pou w aplike konsèy yo bay yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje