LESON 4
Pale yon fason ki swa
LÈ W AP li awotvwa, èske w bite sou yon seri mo? Oubyen èske lè w ap bay yon diskou, souvan ou tonbe nan chèche mo ki egzak? Si se konsa, petèt ou gen pwoblèm pou w pale yon fason ki swa. Yon moun pale yon fason ki swa lè l li oswa li pale yon fason pou mo ak ide l ap di yo soti swa, san pwoblèm. Sa pa vle di li pale san rete, oswa li pale rapid rapid, oubyen li pale san l pa reflechi. Okontrè, li pale yon fason ki agreyab e ki bèl. Pale yon fason ki swa se yon pwen yo bay yon atansyon espesyal nan Lekòl ministè teyokratik la.
Gen yon pakèt bagay ki ka fè yon moun pa fin pale yon fason ki swa. Èske gen youn nan bagay ki vin apre yo ou ta dwe byen veye? 1) Lè w ap li pou lòt moun, lefètke gen mo ou pa abitye avèk yo, sa ka fè w bite sou yo. 2) Si w ap plede fè yon pakèt ti poz, sa ka fè pawòl yo soti bout bout. 3) Ou ka gen pwoblèm sa a tou si w pa byen prepare. 4) Lè w ap pale devan yon gwoup moun, youn nan bagay ki ka fè souvan ou pa rive pale yon fason ki swa, se si w pa t òganize enfòmasyon yo yon fason ki lojik. 5) Si w manke konn anpil mo, sa ka lakòz ou ezite lè w ap chèche mo egzak pou w di. 6) Si w mete aksan sou twòp mo, sa ka anpeche w pale yon fason ki swa. 7) Si w manke konn règ gramè yo, ou ka gen pwoblèm sa a tou.
Si w pa rive pale yon fason ki swa, se vre moun k ap koute w nan Sal Wayòm yo pap soti kite Sal la, men lespri yo ka pa sou sa w ap di yo. Konsa, y ap pèdi anpil bagay nan sa w ap di yo.
Yon lòt bò, yon moun k ap chèche pale avèk fòs e yon fason ki swa dwe fè atansyon pou l pa parèt yon moun k ap pase moun lòd e ki awogan, oswa menm yon moun k ap chèche anbarase moun k ap koute l yo. Si akoz diferans ki genyen ant kilti pa w ak kilti moun yo, yo konsidere fason w pale a montre w manke konsiderasyon pou lòt moun oswa ou manke senserite, ou pap atenn objektif ou genyen an. Li enteresan pou w note, byenke apot Pòl te yon oratè ki te gen eksperyans, li te pale ak kretyen Korent yo “nan feblès, nan lakrentif e avèk anpil respè”, yon fason pou l pa t atire atansyon yo sou li san nesesite. — 1 Kor. 2:3.
Sa nou dwe evite. Gen anpil moun, lè y ap pale, ki konn ap plede di “e, e,...”. Souvan, gen lòt moun ki renmen di “donk” oswa “alò” devan chak ide yo kòmanse oswa tanzantan yo di “ou konprann”. Petèt ou pa rann ou kont si w itilize ekspresyon sa yo souvan konsa. Ou ka fè yon seyans egzèsis ak yon moun, kote moun nan ap koute w epi l ap repete ekspresyon sa yo chak fwa w di yo. Ou ka sezi wè konbyen fwa w di yo.
Gen moun, lè y ap li e lè y ap pale, k ap plede reprann sa yo te deja di. Sa vle di, yo kòmanse yon fraz, ansuit, san yo pa menm fini fraz la, yo reprann omwen yon pati nan sa yo te deja di a.
Gen lòt moun ki pa gen pwoblèm sa a, yo gendwa pale ase vit, men yo ka kòmanse yon ide epi apre sa, pandan yo nan mitan fraz la, yo janbe nan yon lòt ide. Menmsi mo yo soti san pwoblèm, chanjman sa yo yo fè bridsoukou anpeche yo pale yon fason ki swa.
Fason pou nou amelyore. Si pwoblèm ou, se chèche w toujou ap chèche mo w dwe di a, ou bezwen fè bonjan efò pou w ogmante kantite mo w konnen. Byen gade mo ou pa byen konnen ki nan Toudegad ak nan lòt piblikasyon w ap li yo. Chèche yo nan yon diksyonè, chèche sans yo epi itilize kèk nan mo sa yo nan konvèsasyon w ap fè. Si w pa gen diksyonè, mande yon moun ki pale lang nan byen pou l ede w.
Pran abitid li awotvwa regilyèman, sa ap ede w amelyore. Note mo ki difisil yo epi repete yo awotvwa plizyè fwa.
Pou w li yon fason ki swa, li nesesè pou w konprann ki rapò ki genyen ant yon mo ak yon lòt nan yon fraz. An jeneral, nou dwe li mo yo pa gwoup pou nou ka byen bay ide ekriven an te vle bay la. Byen gade ki jan yo mete mo yo ansanm pou yo fè yon gwoup mo. Fè yon mak pou w separe gwoup mo yo, si w santi sa ap ede w. Objektif ou se pa sèlman byen li mo yo, men tou, se fè moun yo byen konprann ide yo. Lè w fin analize yon fraz, ale nan lòt fraz ki vin apre l la. Fè konsa jiskaske w fin etidye tout paragraf la nèt. Chèche abitye ak fason yo òganize ide yo. Ansuit, repete yo awotvwa. Li tout paragraf la nèt plizyè fwa jiskaske w ka fè sa san w pa bite e san w pa fè poz kote w pa t dwe fè l. Apre sa, al nan lòt paragraf yo.
Lòt bagay w ap bezwen fè se ogmante vitès ou li. Si w vin byen konprann fason mo ki nan yon fraz mache ansanm, w ap kapab wè plizyè mo alafwa e w ap anmezi pou w gentan wè sa k ta dwe vini apre. Sa ap ede w li pi byen.
Ou ka jwenn yon bon fòmasyon tou lè w pran abitid fè kèk lekti san w pa t prepare yo. Pa egzanp, li tèks pou jounen an ak kòmantè ki mache avè l la awotvwa, san w pa t prepare yo alavans. Fè sa regilyèman. Fè je w abitye gade mo yo pa gwoup ki bay ide ki konplè olye pou yo annik wè grenn mo youn apre lòt.
Lè w ap pale ak lòt moun, pou w pale yon fason ki swa, li nesesè pou w reflechi anvan w pale. Pran abitid fè sa chak jou. Deside ki sa w vle di e ki fason w ap di l. Apre sa, kòmanse pale. Pa pale twò vit. Fè efò pou w di yon ide ki konplè san w pa kanpe e san w pa al nan yon lòt ide anvan w fini ak ide ou te kòmanse a. Li ka bon pou w itilize fraz ki kout e ki senp.
Nòmalman, depi w konnen egzakteman sa w vle di, mo yo ta dwe vini tou natirèlman. An jeneral, li pa nesesè pou w chwazi mo ou pral itilize yo. Anfèt, nan repetisyon w ap fè, li pi bon pou w jis asire w ide a klè nan tèt ou e pou w reflechi sou mo yo tank w ap pale. Si w fè sa e si w konsantre w sou ide a olye w konsantre w sou mo w ap di yo, mo yo ap vini prèske yon fason otomatik, e w ap pale ak tout kè w. Men, depi w kòmanse reflechi sou mo yo olye w reflechi sou ide yo, ou ka vin ap ezite nan pawòl ou yo. Ofiramezi w ap fè pratik, ou ka rive pale yon fason ki swa. Se yon pwen ki enpòtan k ap pèmèt ou pale byen e k ap pèmèt ou li byen.
Lè Jewova te bay Moyiz responsablite pou l te reprezante l devan nasyon Izrayèl la e devan Farawon, wa Ejip la, Moyiz te santi li pa gen kapasite pou l fè sa. Poukisa? Li pa t yon moun ki pale yon fason ki swa, petèt li te gen yon pwoblèm pou l pale (Egz. 4:10; 6:12). Moyiz te bay plizyè rezon kòm eskiz, men Bondye pa t aksepte youn. Jewova te voye Arawon avè l kòm pòt pawòl, men Jewova te ede Moyiz tou pou l pale. Plizyè fwa, Moyiz te pale nonsèlman ak kèk moun e ak kèk ti gwoup moun, men tou, li te pale ak tout nasyon an, e li te fè sa byen (Det. 1:1-3; 5:1; 29:2; 31:1, 2, 30; 33:1). Si w fè tout sa w kapab pou w pale yon fason ki swa, pandan w mete konfyans ou nan Jewova pou l ede w, ou menm tou, ou ka pale yon fason pou w onore l.