BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwhf atik 8
  • Fason w ka demontre pasyans nan maryaj ou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason w ka demontre pasyans nan maryaj ou
  • Èd pou fanmi
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa k fè ou bezwen demontre ou gen pasyans?
  • Ki fason ou ka demontre ou gen pasyans?
  • Preche ak anseye mande pasyans
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kontinye demontre pasyans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Annou imite pasyans Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Annou aprann gen pasyans menm jan ak Jewova ak Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Èd pou fanmi
ijwhf atik 8
Yon mari k ap ret tann madanm li avèk enpasyans pandan madanm li ap achte soulye nan yon chòp.

ÈD POU FANMI | MARYAJ

Fason w ka demontre pasyans nan maryaj ou

“Chak jou, pasyans mari oswa madan marye pase anba eprèv. Pasyans gendwa pa sanble yon kalite ki enpòtan anpil lè w selibatè, men se yon kalite ki enpòtan anpil pou yon maryaj reyisi.” — John.

  • Sa k fè ou bezwen demontre ou gen pasyans?

  • Ki fason ou ka demontre ou gen pasyans?

  • “Pasyans se yon kalite ki enpòtan anpil”

Sa k fè ou bezwen demontre ou gen pasyans?

  • Lè w marye, ou ka konsantre w twòp sou feblès konjwen w.

    “Yonfwa ou fin abitye ak maryaj la, li fasil pou w konsantre w plis sou erè konjwen w fè. Lè w ret ap panse sou erè sa yo, li fasil pou w pèdi pasyans.” — Jessena.

  • Lè w pa gen pasyans, ou ka di pawòl san reflechi.

    “Pafwa, sa rive m di sa k nan panse m twò vit, e m di sa m pa t dwe di. Si m te gen plis pasyans, m t ap ka pran san m pou m reflechi ak sa m pral di a oswa pou m gade si l vrèman nesesè pou m di yon bagay.” — Carmen.

    Bib la di: “Lanmou gen pasyans ak byenveyans.” ​(1 Korentyen 13:4). Sanble li rezonab pou n di de moun ki renmen youn lòt ta dwe montre yo pran pasyans youn ak lòt. Men, sa pa toujou konsa. John nou te pale de li anvan an di: “Menm jan ak nenpòt lòt bon kalite, li pi fasil pou n manke pasyans olye pou n montre nou gen plis pasyans. Sa mande efò pou n vin gen plis pasyans.”

Ki fason ou ka demontre ou gen pasyans?

  • Lè yon bagay rive w sanzatann ki pase pasyans ou anba eprèv.

    Egzanp: Konjwen w di yon bagay ki blese w. Premye sa k ka vin nan lespri w se di yon bagay pou w blese l tou.

    Prensip ki nan Bib la: “Pa kouri fache, paske se mak fabrik moun sòt.” — Eklezyas 7:9, nòt.

    Fason ou ka demontre ou gen pasyans: Pran yon ti tan anvan w reponn. Olye w konsidere sa konjwen w di w la kòm yon atak pèsonèl, eseye wè l yon lòt jan pito. Men sa liv yo rele Fighting for Your Marriage, ki pale sou lavi koup marye di: “Pifò nan nou reyaji sou baz sa nou konprann konjwen nou di, olye n reyaji sou baz sa l te vle di an reyalite.”

    Yon mari ki di madanm li yon vye pawòl paske madanm li te di l yon move bagay tankou yon moun k ap met bwa nan yon dife; yon mari ki evite reponn madanm li k ap pwovoke l tankou yon dife ki pa gen bwa jiskaske li etenn.

    Menmsi konjwen w ta fè w fache, ou kapab amelyore sitiyasyon an pou l pa vin pi grav, depi w gen pasyans epi ou pa aji menm jan avèk li. Bib la di: “Kote ki pa gen bwa, dife mouri.” — Pwovèb 26:20.

    “Si w ta wè w kòmanse konsidere madanm ou kòm ènmi w, li t ap bon pou w sispann wè l konsa e reflechi konsènan rezon ki fè w renmen l lan epi san pèdi tan, eseye fè yon bagay k ap fè kè l kontan.” — Ethan.

    Fè yon ti reflechi:

    • Ki sa w fè lè konjwen w di oswa fè yon bagay ki pa fè w plezi?

    • Ki jan w ka demontre plis pasyans lè sa rive yon lòt fwa ankò?

  • Lè se menm bagay la konjwen w fè ki pase pasyans ou anba eprèv.

    Pa egzanp: Konjwen w toujou an reta, sa ki fè w oblije ret tann li e toutotan w ap tann li se toutotan w ap vin pi fache toujou.

    Prensip ki nan Bib la: “Se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l.” — Kolosyen 3:13.

    Fason ou ka demontre ou gen pasyans: Mete relasyon w genyen ak konjwen w lan anvan enterè pa w. Mande tèt ou: ‘Si m pete yon lobo ak konjwen m konsènan sa k te pase a, èske sa ap fè relasyon nou vin pi sere oswa pi mal?’ Sonje sa tou, Jak 3:2 di: “Nou tout nou bite tanzantan.” Sa vle di, ou menm tou ou gen pwòp feblès pa w.

    “Pafwa mwen demontre plis pasyans pou yon zanmi pase mari m. Mwen panse se paske m pase plis tan ak mari m, sa ki fè mwen wè tout ti defo l genyen. Men si m gen pasyans, m ap demontre lanmou ak respè pou li, donk pasyans gen anpil enpòtans nan maryaj mwen.” — Nia.

    Fè yon ti reflechi:

    • Èske w gen pasyans pou konjwen w parapò ak defo li genyen?

    • Ki jan ou ka demontre w ou gen plis pasyans alavni?

“Pasyans enpòtan anpil”

Jessena avèk mari l la ki rele Hayden.

“Pasyans vrèman enpòtan pou yon maryaj rive reyisi. Piske se de moun enpafè ki marye ansanm, diferan pwoblèm ap toujou met pye e menm kèk mès youn lòt genyen kapab vin deranje nou chak. Si nou pa toujou demontre pasyans, pwoblèm sa yo ka tankou mit k ap wonyen bwa ki nan yon kay tikras pa tikras, jiskaske l fè kay la tonbe.” — Jessena avèk mari l la ki rele Hayden.

Revizyon: Fason w ka demontre pasyans nan maryaj ou

Lè yon bagay rive w sanzatann ki pase pasyans ou anba eprèv

Anvan w reponn, di tèt ou sa konjwen w lan fè w la se pa yon atak, men se yon lòt bagay.

Lè se menm bagay la konjwen w fè ki pase pasyans ou anba eprèv

Mete relasyon w genyen ak konjwen w lan anvan enterè pa w. Sonje ou menm tou gen pwòp feblès pa w.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje