CHAPIT 10
Fason nou kapab fè plis nan sèvis n ap bay Bondye a
LÈ MOMAN an te rive pou Jezi voye disip li yo al preche mesaj Wayòm nan, li te di yo: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil travayè.” Te gen anpil travay ki pou fèt, se sa k fè li te di yo tou: “Priye Mèt rekòt la pou l voye travayè nan rekòt li a.” (Mat. 9:37, 38). Jezi te di disip li yo ki jan pou yo fè travay predikasyon an. Pawòl li yo te montre gen ijans. Li te di: “Nou pap gentan fin pase nan tout vil Izrayèl yo anvan Pitit lòm nan vini.” — Mat. 10:23.
2 Jodi a tou, gen anpil travay ki pou fèt nan travay predikasyon an. Fòk nou preche bon nouvèl Wayòm nan anvan lafen an vini, e pa gen anpil tan ki rete ankò (Mak 13:10). Nou nan yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon Jezi ak disip li yo te ladan l lan, men nou gen plis tèritwa pou n preche pase yo, paske tèritwa nou gen pou n preche a se tout tè a. Nou pa anpil lè nou konpare kantite nou ye a ak plizyè milya moun ki gen sou tè a, men nou gen konfyans Jewova ap ede nou. Nou gen pou nou preche mesaj Wayòm nan sou tout tè a, e nan moman Jewova fikse pou sa a, lafen an ap vini. Èske n ap mete Wayòm Bondye a an premye nan lavi nou? Èske n ap bay tout nou menm nan sèvis n ap bay Bondye a? Ki objektif nou kapab genyen nan sèvis n ap bay Bondye a k ap ede nou nan sans sa a?
3 Jezi te montre ki sa Jewova ap atann nan men sèvitè l yo ki vwe lavi yo ba li lè l te di: “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou.” (Mak 12:30). Jewova mande pou n sèvi l ak tout nanm nou. Kidonk, nou dwe bay tout nou menm nan sèvis n ap ba li a. Konsa, n ap demontre nan ki pwen nou atache ak Jewova e n ap demontre nou vwe lavi nou ba li ak tout kè nou (2 Tim. 2:15). Nou chak gen plizyè posiblite devan nou, selon sitiyasyon nou ak kapasite nou. Nou pral egzamine kèk nan posiblite sa yo, e konsa w ap kapab deside ki objektif w ap fikse nan sèvis w ap bay Bondye a.
OU KAPAB SÈVI KÒM PWOKLAMATÈ NAN KONGREGASYON AN
4 Tout moun ki aksepte laverite gen privilèj pou yo preche bon nouvèl la. Travay sa a se prensipal travay Jezi te bay disip li yo fè (Mat. 24:14; 28:19, 20). An jeneral, disip Jezi yo kòmanse pataje bon nouvèl la ak lòt moun depi premye fwa yo tande bon nouvèl la. Se sa Andre, Filip, Kònèy ak lòt disip ankò te fè (Jan 1:40, 41, 43-45; Tra. 10:1, 2, 24; 16:14, 15, 25-34). Èske sa vle di yon moun kapab pataje bon nouvèl la ak lòt moun depi anvan l batize? Repons lan se wi. Depi yon moun vin yon pwoklamatè ki poko batize, li lib pou l preche kay an kay. Mete sou sa, selon kapasite l ak sitiyasyon l, li kapab patisipe nan lòt fòm predikasyon.
5 Lè yon pwoklamatè batize, se sèten li anvi fè tout sa l kapab pou l pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Gason kou fi gen privilèj pou yo patisipe nan travay predikasyon an. Nou jwenn anpil benediksyon lè nou travay nan enterè Wayòm nan, menm lè sitiyasyon nou pa pèmèt nou fè anpil. Nenpòt moun ki ka fè plis nan sèvis l ap bay Bondye a ap jwenn bonjan kè kontan lè l patisipe nan lòt fòm sèvis.
OU KAPAB AL SÈVI KOTE KI GEN PLIS BEZWEN
6 Li posib pou tèritwa kongregasyon w lan se yon tèritwa yo preche souvan e moun yo nan tèritwa a jwenn yon bon temwayaj. Si se sitiyasyon pa w, ou gendwa santi w ta kapab fè plis nan sèvis w ap bay Bondye a si w ta deplase al viv nan yon zòn ki gen plis bezwen (Tra. 16:9). Si w deja yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl, gendwa gen yon lòt kongregasyon ki t ap byen kontan jwenn èd ou. Siveyan sikonskripsyon an kapab ba w kèk ide sou fason w kapab ede yon lòt kongregasyon nan sikonskripsyon an. Si w ta renmen al sèvi yon lòt kote nan peyi a, biwo filyal la kapab ba w enfòmasyon k ap itil ou.
7 Èske w ta renmen al sèvi nan yon peyi etranje? Si w ta renmen fè sa, ou bezwen reflechi seryezman sou sa. Ou kapab pale ak ansyen ki nan kongregasyon w lan sou sa. Si w ta fè yon deplasman konsa, se sèten sa ap gen yon gwo enpak sou ou menm ansanm ak nenpòt moun ki prale avè w (Lik 14:28). Men, si w pa gen entansyon pou w rete pandan lontan, li ka pi bon pou w al sèvi nan yon lòt zòn nan peyi kote w ye a.
8 Nan kèk peyi, frè k ap sèvi kòm siveyan yo se yon seri frè ki pa gen anpil tan nan laverite. Etandone frè nan kongregasyon sa yo se moun ki enb, lè gen lòt ansyen ki gen plis eksperyans ki vin nan kongregasyon sa yo, frè sa yo pa gen pwoblèm pou yo kite ansyen sa yo pran latèt. Si w se yon ansyen e w ap reflechi pou w ta al sèvi nan yon peyi konsa, ou bezwen sonje ou pa dwe gen objektif pou w sèvi nan plas frè sa yo. Olye de sa, se pou w sèvi bò kote yo. Ankouraje frè yo pou yo chèche vin kalifye e pou yo aksepte gen plis responsablite nan kongregasyon an (1 Tim. 3:1). Se pou w gen pasyans si w ta wè gen kèk bagay ki pa fèt jan yo te konn fèt nan peyi kote w soti a. Sèvi ak eksperyans ou pou w ede frè yo toutbon. Konsa, si sa ta rive ou oblije kite peyi a pou w retounen nan peyi w, frè yo ap kapab pi byen pran swen kongregasyon an.
9 Anvan biwo filyal la ba w non kèk kongregasyon ou ta kapab al ede, komite sèvis kongregasyon w lan ap bezwen ba w yon lèt rekòmandasyon. W ap bezwen lèt sa a, kit w ap sèvi kòm ansyen, kit ou sèvitè ministeryèl, kit ou pyonye, kit ou se yon senp pwoklamatè. Komite sèvis la ap voye lèt rekòmandasyon an ansanm ak demann ou an bay biwo filyal ki responsab peyi kote ou vle al sèvi a.
OU KAPAB PRECHE NAN YON LÒT LANG
10 Pou w kapab fè plis nan sèvis w ap bay Bondye a, petèt ou kapab aprann yon lòt lang, san wete lang siy. Si w gen objektif pou w aprann preche nan yon lòt lang, poukisa w pa pale ak ansyen yo e ak siveyan sikonskripsyon an? Yo kapab ba w kèk sijesyon ak ankourajman ou kapab bezwen. Anba sipèvizyon biwo filyal la, gen kèk sikonskripsyon ki konn òganize kou pou fòme kèk pwoklamatè ki kapab, yon fason pou pwoklamatè sa yo ka preche nan yon lòt lang.
SÈVIS PYONYE
11 Tout pwoklamatè yo dwe konnen ki kondisyon yo dwe ranpli pou yo vin pyonye oksilyè, pyonye pèmanan, pyonye espesyal, oswa pou yo jwenn privilèj pou yo antre nan lòt fòm sèvis aplentan. Yon pyonye dwe yon kretyen ki batize e ki bay bon egzanp. Mete sou sa, sitiyasyon l dwe pèmèt li pase yon kantite tan byen presi nan travay predikasyon an. Se komite sèvis kongregasyon an ki deside si yon pwoklamatè, ki ranpli fòmilè pou l vin pyonye oksilyè oswa pyonye pèmanan, kalifye pou privilèj sa a, tandiske se biwo filyal la ki nome pyonye espesyal yo.
12 Pwoklamatè yo nome pyonye oksilyè yo kapab sèvi nan fòm sèvis sa a pou yon mwa pou pi piti, pou plizyè mwa, oswa yo kapab kontinye nan sèvis sa a nèt ale, toutotan sitiyasyon yo pèmèt yo. Gen anpil pwoklamatè Wayòm nan ki renmen pran sèvis pyonye oksilyè nan kèk moman espesyal, tankou nan epòk Memoryal la ak mwa siveyan sikonskripsyon an ap vizite kongregasyon an. Gen lòt ki chwazi mwa vakans yo. Jèn ki lekòl e ki batize yo kapab pran sèvis pyonye oksilyè tou nan mwa yo gen konje. Tout pwoklamatè ki pran sèvis pyonye oksilyè nan mwa mas, mwa avril ak mwa siveyan sikonskripsyon an ap vizite kongregasyon an kapab preche pou yon kantite lè ki redui pa rapò ak kantite lè pyonye oksilyè yo preche nòmalman. Kèlkeswa sitiyasyon w, si w rete pwòp nan domèn moral e w gen bon konduit, si w kapab fè kantite lè yo mande a e w panse w kapab pase youn oswa plizyè mwa nan sèvis pyonye oksilyè, ansyen yo ap byen kontan si w ranpli yon fòmilè pou w pran sèvis sa a.
13 Pou w kalifye kòm pyonye pèmanan, ou dwe kapab fè kantite lè yo mande pou w preche pandan ane a. Antanke pyonye pèmanan, w ap bezwen byen soutni kongregasyon w lan. Lè pyonye yo chofe nan travay predikasyon an, se yon benediksyon sa ye pou kongregasyon an. Sa ankouraje lòt frè ak sè yo tou pou yo chofe nan travay predikasyon an e pou yo menm pran sèvis pyonye. Anvan w ranpli yon fòmilè pou w pran sèvis pyonye pèmanan, ou dwe yon pwoklamatè ki bay bon egzanp e w dwe gen omwen sis mwa depi w batize.
14 An jeneral, yo chwazi pyonye espesyal yo pami pyonye pèmanan ki demontre yo efikas nan travay predikasyon an. Pyonye espesyal yo dwe kapab sèvi kèlkeswa kote biwo filyal la voye yo. Souvan, yo voye yo nan zòn andeyò kote yo ka jwenn moun ki enterese epi yo ka fòme nouvo kongregasyon. Pafwa, yo konn voye pyonye espesyal nan kongregasyon ki bezwen èd pou yo rive preche tout tèritwa ki sou kont yo a. Gen kèk pyonye espesyal ki ansyen yo konn voye al ede ti kongregasyon, menm lè kongregasyon sa yo gendwa pa bezwen plis pwoklamatè pou ede yo preche tèritwa ki sou kont yo a. Pyonye espesyal yo resevwa yon ti kòb pou ede yo kouvri depans yo fè. Gen moun yo nome pyonye espesyal pou yon ti tan sèlman.
MISYONÈ
15 Se Komite pou sèvis la, youn nan komite nan Kolèj santral la, ki nome misyonè yo. Annapre, Komite filyal ki responsab tèritwa kote yo voye yo a ba yo asiyasyon pou yo preche nan zòn ki gen anpil moun. Misyonè yo fè yon travay estrawòdinè, paske yo bay travay predikasyon an ak lòt aktivite k ap fèt nan kongregasyon an jarèt. Souvan, misyonè yo resevwa fòmasyon nan Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. Yo peye kay pou misyonè yo e yo ba yo yon ti kòb pou yo kouvri depans yo fè.
SÈVIS SIKONSKRIPSYON AN
16 Se kolèj santral la ki nome siveyan sikonskripsyon yo. Anvan yo nome yon frè siveyan sikonskripsyon, frè sa a resevwa fòmasyon pandan l ap sèvi kòm siveyan sikonskripsyon ranplasan, sa ki pèmèt li vin gen eksperyans. Frè sa yo se pyonye ki renmen travay predikasyon an e ki chofe nan travay sa a. Mete sou sa, yo renmen frè ak sè yo. Yo renmen etidye Labib, yo se bon oratè e yo se bon anseyan. Yo demontre aklè yo gen fwi lespri a, yo ekilibre, yo rezonab e yo gen bon konprann. Si siveyan an marye, madanm li se yon pyonye ki bay bon egzanp nan konduit li e nan fason li boule ak lòt moun. Li se yon pwoklamatris ki efikas. Mete sou sa, li konprann wòl li genyen antanke yon madanm ki soumèt li devan mari l. Li pa pran devan pou l pale nan plas mari l, ni li pa chèche domine konvèsasyon k ap fèt. Siveyan sikonskripsyon yo ak madanm yo gen yon pwogram ki chaje, se sa k fè yon frè k ap chèche jwenn privilèj sa a dwe gen bon sante. Pyonye yo pa ranpli yon fòmilè pou yo vin siveyan sikonskripsyon. Olye de sa, si yo ta renmen vin jwenn privilèj sa a, y ap fè siveyan sikonskripsyon yo a konn sa, e li menm l ap ba yo kèk sijesyon.
LEKÒL POU BAY FÒMASYON
17 Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan: Pou travay predikasyon an ka fèt nan tèritwa yo pa preche souvan, e pou kongregasyon yo jwenn èd yo bezwen, òganizasyon an bezwen plis moun pou preche bon nouvèl Wayòm nan. Pou rezon sa a, frè ak sè ki selibatè ak de kretyen ki marye youn ak lòt ka ranpli yon fòmilè pou y al nan Lekòl evanjelizatè Wayòm nan pou yo jwenn yon fòmasyon espesyal. Lè frè ak sè yo fin gradye nan lekòl sa a, yo voye yo al sèvi kòm pyonye pèmanan nan zòn nan peyi yo ki bezwen plis pwoklamatè. Men, sa ki disponib yo, yo kapab ba yo lòt asiyasyon nan peyi yo oswa nan peyi etranje. Gen kèk ladan yo ki kapab vin pyonye espesyal pou yon ti tan oswa pyonye espesyal pèmanan. Pyonye ki ta renmen asiste lekòl sa a ap jwenn plis enfòmasyon nan reyinyon ki fèt nan entansyon sa a nan kongrè rejyonal yo.
18 Lekòl Galaad: Frè ak sè ki selibatè ansanm ak kretyen ki marye yo chwazi pou asiste lekòl sa a se moun ki pale anglè e k ap sèvi kòm sèvitè aplentan espesyal. Yo se moun ki gen kapasite pou yo bay travay predikasyon an jarèt, oswa pou yo ede filyal yo. Anplis de sa, yo demontre yo renmen sèvi frè ak sè yo e yo gen dousè lè y ap ede lòt moun aplike prensip ki nan Bib la ak enstriksyon òganizasyon an bay. Komite filyal la envite moun ki kalifye pou asiste lekòl sa a pou yo ranpli yon fòmilè. Frè ak sè ki gradye nan lekòl sa a jwenn asiyasyon swa pou y al preche nan yon tèritwa, swa pou y al sèvi nan biwo filyal ki nan peyi yo a oswa ki nan yon lòt peyi.
SÈVIS BETÈL
19 Sèvi nan Betèl se yon privilèj espesyal. Mo Betèl la vle di “Kay Bondye”, e non sa a byen tonbe paske Betèl yo jwe yon gwo wòl nan aktivite k ap fèt nan adorasyon n ap bay Bondye a. Frè ak sè k ap travay nan Betèl yo fè yon travay ki enpòtan anpil ki pèmèt òganizasyon an pibliye piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la, ki pèmèt li tradui yo epi distribye yo. Travay y ap fè a gen anpil enpòtans pou Kolèj santral la k ap voye je sou kongregasyon yo sou tout tè a e k ap dirije yo. Anpil Betelit ki sèvi kòm tradiktè viv nan zòn ki sou tèritwa filyal ki responsab yo a, kote yo pale lang y ap tradui ladan l lan, e se la yo fè travay tradiksyon an. Sa pèmèt yo tande fason moun yo pale lang y ap tradui ladan l lan. Mete sou sa, sa pèmèt yo wè pèsonèlman si moun ki pale lang nan chak jou konprann piblikasyon yo tradui yo.
20 Anpil nan travay ki fèt nan Betèl yo se travay ki mande pou moun gen anpil fòs pou yo fè yo. Pou rezon sa a, pifò moun yo envite vin travay nan Betèl se jèn gason ki vwe lavi yo bay Bondye, ki batize, ki gen bon sante e ki gen fòs. Si filyal ki responsab peyi kote w ap viv la ta bezwen moun pou vin travay nan Betèl e w ta renmen al sèvi nan Betèl, mande ansyen nan kongregasyon w lan plis enfòmasyon sou kondisyon w dwe ranpli yo.
SÈVIS KONSTRIKSYON
21 Patisipe nan bati lokal pou òganizasyon an se yon fòm sèvis sakre, menm jan ak travay ki te fèt pou bati tanp Salomon an (1 Wa 8:13-18). Gen anpil frè ak sè ki montre jan yo chofe nan sèvis y ap bay Bondye a lè yo bay tan yo ak sa yo posede volontèman pou yo patisipe nan travay sa a.
22 Èske w anmezi pou w bay èd pa w? Si w se yon pwoklamatè batize e w dispoze patisipe nan fòm sèvis sa a, frè ki responsab travay sa a nan zòn kote w ap viv la ap byen kontan resevwa èd ou. Mete sou sa, yo dispoze ba w fòmasyon menmsi w pa gen anpil konpetans nan domèn konstriksyon. Ou kapab fè ansyen ki nan kongregasyon w lan konnen ou disponib pou w bay èd ou. Gen kèk pwoklamatè ki konn menm gen posiblite pou y al konstwi lokal pou òganizasyon an nan peyi etranje.
23 Yon pwoklamatè ki vle patisipe nan sèvis konstriksyon gen plizyè posiblite devan l. Pwoklamatè batize ki bay bon egzanp e ki gen kèk konpetans nan domèn konstriksyon kapab soutni konstriksyon k ap fèt toupre lakay yo antanke volontè pou plan ak konstriksyon lokal. Lè yon pwoklamatè gen posiblite pou l soutni konstriksyon k ap fèt pi lwen toujou, biwo filyal la kapab nome l volontè nan konstriksyon pou de semèn rive nan twa mwa. Pwoklamatè yo nome pou yo sèvi pi lontan toujou, yo rele yo sèvitè nan konstriksyon. Yon sèvitè nan konstriksyon ki jwenn asiyasyon pou l al sèvi nan yon peyi etranje pral sèvi antanke sèvitè entènasyonal nan konstriksyon. Ekip konstriksyon yo gen sèvitè nan konstriksyon ak volontè nan konstriksyon ladan yo, e se ekip yo ki pran latèt nan chak konstriksyon k ap fèt. Yo gen volontè pou plan ak konstriksyon lokal ansanm ak volontè ki sot nan kongregasyon y ap konstwi pou yo a ki soutni yo tou. Lè yon ekip konstriksyon fin bati yon lokal nan tèritwa ki sou kont yon filyal, li deplase al konstwi yon lòt lokal nan menm tèritwa sa a.
KI OBJEKTIF OU GENYEN NAN SÈVIS W AP BAY BONDYE A?
24 Si w vwe lavi w bay Jewova, sa vle di ou vle sèvi l pou toutan. Men, annatandan, ki objektif ou genyen nan sèvis w ap ba li a? Si w fikse objektif pou tèt ou nan sèvis w ap bay Bondye a, sa ap ede w byen sèvi ak enèji w e ak lòt bagay ou posede (1 Kor. 9:26). Mete sou sa, sa ap ede w gen pi bon relasyon ak Bondye e sa ap ede w konsantre sou bagay ki pi enpòtan yo, toutpandan w ap chèche vin kalifye pou w jwenn plis privilèj. — Flp. 1:10; 1 Tim. 4:15, 16.
25 Apot Pòl ban nou yon bèl egzanp pou n imite nan sèvis n ap bay Bondye a (1 Kor. 11:1). Li te bay tout li menm nan sèvis li t ap bay Bondye a. Li te rekonèt Jewova te met anpil posiblite devan l. Men sa Pòl te ekri kretyen nan kongregasyon Korent lan: “Gen yon gwo pòt ki mennen nan aktivite ki ouvri pou mwen.” Èske nou pa nan menm sitiyasyon an jodi a? Wi. Nou gen anpil posiblite devan nou nan sèvis n ap bay Jewova a anndan kongregasyon an, sitou nan travay nou genyen pou n preche bon nouvèl Wayòm nan. Men, menm jan sa te ye nan ka Pòl, lè nou pase nan “gwo pòt” la, n ap fè fas ak “anpil opozan”. (1 Kor. 16:9.) Apot Pòl te konnen li te dwe disipline tèt li. Remake sa l te di: “Mwen benyen kò m ak kou e mwen mennen l tankou yon esklav.” (1 Kor. 9:24-27). Èske nou panse menm jan an?
Si w fikse objektif pou tèt ou nan sèvis w ap bay Bondye a, sa ap ede w byen sèvi ak enèji w e ak lòt bagay ou posede.
26 Nou chak nou jwenn ankourajman pou n travay pou n atenn objektif nou genyen nan sèvis n ap bay Bondye a selon sa sitiyasyon nou pèmèt nou fè. Gen anpil frè ak sè ki nan yon fòm sèvis aplentan jodi a paske depi byen bonè nan lavi yo yo te gen objektif sa a. Depi yo te toupiti, paran yo ak lòt moun ankò te ankouraje yo fikse objektif pou tèt yo. Se sa k fè yo fè yon bèl karyè nan sèvis Jewova a, e yo pa regrèt anyen (Pwo. 10:22). Lòt bèl objektif nou kapab genyen se patisipe nan travay predikasyon an chak semèn, kòmanse yon etid biblik epi kondui l chak semèn, oubyen pran plis tan pou nou prepare reyinyon yo. Sa ki pi enpòtan se rete tennfas nan sèvis n ap bay Bondye a epi bay tout nou menm nan sèvis sa a. Si nou fè sa, n ap onore Jewova e n ap rive atenn pi gwo objektif nou genyen an ki se sèvi Jewova pou toutan. — Lik 13:24; 1 Tim. 4:7b, 8.