BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 104
  • Ki jan m ka aprann konsantre?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka aprann konsantre?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa k fè m pa ka konsantre?
  • Fason w ka pi byen konsantre
  • Ki efè teknoloji genyen sou fason w panse?
    Reveye n! — 2021
  • Èske mwen esklav aparèy elektwonik?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Ki efè teknoloji genyen sou amitye w yo?
    Reveye n! — 2021
  • Ki efè teknoloji genyen sou maryaj ou?
    Reveye n! — 2021
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 104
Yon jèn fi k ap eseye etidye men gen kèk desen anime nan lespri l k ap distrè l. L ap di yo pou yo fè silans. Desen anime yo reprezante mizik, videyo, mesaj tèks ak foto.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka aprann konsantre?

  • Sa k fè m pa ka konsantre?

  • Fason w ka pi byen konsantre

  • Sa lòt jèn di

Sa k fè m pa ka konsantre?

“M pa li anpil liv jan m te konn fè sa anvan. Kounye a, m pa menm renmen li paragraf ki long.” — Elaine.

“M konn fè yon videyo jwe pi vit si m panse li pa jwe ase vit.” — Miranda.

“Menm lè m ap fè yon bagay ki enpòtan, depi telefòn mwen sonnen, sèl sa ki nan lespri m se: ‘Kiyès sa k ap ekri m nan?’” — Jane.

Èske teknoloji ka fè l difisil pou w konsantre? Gen moun ki di wi. Men sa yon ekriven ki se yon konsiltan nan domèn jesyon ki rele Nicholas Carr fè konnen: “Tank nou sèvi ak Entènèt, se plis nou bay sèvo nou posiblite pou l jwenn yon pakèt enfòmasyon byen vit san li pa bezwen konsantre sou yo.”a

Ann egzamine twa sitiyasyon kote teknoloji ka anpeche w konsantre:

  • Lè w ap pale ak lòt moun. Men sa yon jèn fi ki rele Maria di: “Menm lè de moun ap pale fasafas, gen moun ki konn pa bay moun y ap pale avè l la tout atansyon yo. Yo konn sou telefòn yo ap voye mesaj tèks, ap jwe jwèt oswa yo sou kont rezo sosyal yo.”

  • Lè w lekòl. Men sa liv Digital Kids la fè konnen: “Pifò etidyan di yo sèvi avèk aparèy elektwonik yo lè yo nan kou pou yo voye mesaj, pou y al sou Entènèt e pou yo gade kèk lòt bagay ki pa gen okenn rapò ak lekòl.”

  • Lè w ap etidye. Men sa Chris ki gen 22 an di: “Li difisil anpil pou mwen pou m pa gade telefòn mwen chak fwa li sonnen.” Si w se yon elèv lekòl, devwa ki ta dwe pran w inèdtan ka pran twazèdtan oswa plis si w kite aparèy elektwonik ou yo ap distrè w.

Sa w dwe sonje: L ap difisil pou w konsantre si w kite aparèy elektwonik yo distrè w e si w kite yo kontwole w.

Yon cheval k ap lage yon tigason atè.

Lè n pa rive konsantre sou yon bagay, lespri nou vin tankou yon cheval sovaj, se li k ap dirije nou.

Fason w ka pi byen konsantre

  • Lè w ap pale ak lòt moun. Men sa Bib la di: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” ​(Filipyen 2:4). W ap montre ou enterese nan lòt moun lè w bay moun k ap pale avè w la tout atansyon w. Gade moun k ap pale avè w la e pa kite aparèy elektwonik ou yo fè w vin distrè.

    “Lè w ap pale ak lòt moun, fè efò pou w pa gade telefòn ou. Montre respè pou moun w ap pale avè l la lè w ba l tout atansyon w.” — Thomas.

    MEN YON IDE: Lè w ap pale avèk lòt moun, eseye mete telefòn ou yon kote ou pa ka wè l. Gen moun ki fè rechèch ki di lefètke yon telefòn sou lamen sa ka anpeche w konsantre paske li ka sonnen nenpòt lè.

  • Lè w lekòl. Men sa Bib la di: “Fè atansyon ak fason n ap koute.” ​(Lik 8:18). Pandan w ap reflechi sou prensip sa a, si lekòl ou pèmèt elèv yo gen telefòn lè yo nan klas, ou pa dwe ap gade mesaj, ap jwe jwèt oswa ap tchat sou Entènèt lè w ta dwe rete konsantre sou lekòl.

    “Eseye konsantre plis lè w lekòl. Pran nòt lè pwofesè a ap pale. Si sa posib, chita devan pou w evite distraksyon.” — Karen.

    MEN YON IDE: Pran nòt alamen olye w pran yo sou yon aparèy elektwonik. Moun ki fè rechèch yo fè konnen w ap gen mwens distraksyon e w ap pi byen sonje sa w ap aprann nan.

    Yon jèn fi k ap etidye nan chanm li. Li mete valiz lekòl li, telefòn li ak kèk jounal byen lwen.
  • Lè w ap etidye. Men sa Bib la di: “Bat pou w gen sajès e bat pou w gen bon konprann.” ​(Pwovèb 4:5). Sa mande pou w byen reflechi olye pou w annik li enfòmasyon an sèlman nan entansyon pou w pase egzamen an.

    “Lè m ap etidye, m mete tablèt mwen sou mòd avyon, konsa m ka konsantre sou sa m ap fè a. M pa gade si m resevwa mesaj. Si m sonje yon bagay m gen pou m fè, m ekri yon ti nòt pou m pa bliye.” — Chris.

    MEN YON IDE: Asire w kote ou chwazi etidye a ap yon kote ou ka konsantre. Kenbe espas la pwòp e byen òganize.

a Selon liv The Shallows — What the Internet Is Doing to Our Brains.

Sa lòt jèn di

Katie.

“Lè w ap etidye, ou ka tankou yon moun ki sou yon ti bato a motè k ap file byen vit sou dlo, li kouvri yon gwo distans men li rete anlè dlo a. Sepandan, pou nou byen aprann, nou ta dwe tankou yon moun ki plonje byen fon nan dlo pou l chèche yon bagay ki gen anpil valè.” — Katie.

Rogelio.

“Lè yon moun an sante, li ka pi byen reflechi. Lè m manje manje ki gen bonjan vitamin sa ede m konsantre pi byen. Epitou, lè m dòmi ase sa ede m konsantre pi byen nan demen.” — Rogelio.

Revizyon: Ki jan m ka aprann konsantre?

  • Lè w ap pale ak lòt moun. Ou montre w gen konsiderasyon pou moun w ap pale avè l la lè w byen koute sa l ap di a san w pa kite lòt bagay distrè w.

  • Lè w lekòl. Pa ret ap gade mesaj, ap jwe jwèt oswa ap tchat sou Entènèt lè w ta dwe ap konsantre w sou lekòl.

  • Lè w ap etidye. Pa kite lòt bagay ki ka distrè w nan espas kote w ap etidye a. Kenbe espas la pwòp e byen òganize.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje