BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwhf atik 13
  • Fason pou n kite travay nan plas li

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou n kite travay nan plas li
  • Èd pou fanmi
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa w dwe konnen
  • Kèk konsèy pou ede w fè ekilib
  • Gid pou ede n pale sou sijè a
  • Ki efè teknoloji genyen sou maryaj ou?
    Reveye n! — 2021
  • “Se pou tout moun onore maryaj”
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Fason n ka kite aparèy elektwonik yo nan plas yo
    Èd pou fanmi
  • Chèche pase bonjan tan ansanm
    Èd pou fanmi
Gade plis
Èd pou fanmi
ijwhf atik 13
Yon mari ak madanm li k ap bwè yon ti kafe ansanm nan kizin yo. Yo toule de mete travay yo ak telefòn yo byen lwen.

ÈD POU FANMI | MARYAJ

Fason pou w kite travay nan plas li

Akoz teknoloji ki egziste jodi a, patron w, kòleg travay ou yo oswa kliyan w yo ka atann w ap disponib 24 sou 24. E sa ka fè l difisil pou w fè ekilib ant travay ou ak lòt aspè nan lavi w tankou maryaj ou ak lòt bagay enpòtan ou dwe bay priyorite nan lavi a.

  • Sa w dwe konnen

  • Kèk konsèy pou ede w fè ekilib

  • Sa lòt moun marye di

  • Gid pou ede n pale sou sijè a

Sa w dwe konnen

  • Akoz teknoloji, ou ka ret ap travay nan moman ou ta dwe ap pase tan ak moun ou marye a. Ou ka panse li nesesè pou w kouri reponn chak apèl, chak imel oswa sms ou resevwa ki gen rapò ak travay menm nan moman ou pa nan travay.

    “Sanble lavi nòmal la, kote yon moun sot travay epi li pase tan ak fanmi l vin enposib. Paske anpil moun bay imel ak apèl ki gen rapò ak travay yo plis enpòtans pase moun yo marye avè l la.” — Jeanette.

  • Pou w rive fè ekilib ant travay ou ak fanmi w, ou dwe pran inisyativ. Si w pa planifye ki jan w ap pase tan w, travay ou ka vòlè tan ou te dwe pase ak moun ou marye avè l la.

    “Souvan se moun ou marye avè l la ou neglije an premye paske ou di tèt ou: ‘Anh, l ap konprann. L ap padone m. M ap pase tan avè l pita.’” — Holly.

Kèk konsèy pou ede w fè ekilib

  • Bay maryaj ou plis enpòtans. Labib di: “Pesonn moun pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm.” ​(Matye 19:6, Bib La). Si w pap pèmèt yon moun “separe” w ak moun ou marye avè l la, poukisa pou w ta pèmèt travay ou fè sa?

    “Gen kèk kliyan ki panse piske y ap peye w, ou ta dwe disponib nenpòt lè yo bezwen w. Piske m konnen maryaj mwen pi enpòtan, m di kliyan yo m pa disponib nan jou ki pa jou travay yo men m ap kontakte yo talè konsa.” — Mark.

    Mande tèt ou: ‘Èske aksyon m montre m bay maryaj mwen plis enpòtans pase travay mwen?’

  • Lè sa nesesè, pa aksepte fè kèk travay. Men sa Bib la di: “Se moun ki konn limit yo ki gen sajès.” ​(Pwovèb 11:2). Lè w konn limit ou, w ap konnen lè l ap pi bon pou w pa aksepte fè yon travay oswa bay yon lòt moun fè kèk travay ou konn fè.

    “M fè plonbri, lè yon moun bezwen èd mwen ann ijans, sa konn mete l sou strès. Si m pa ka fè travay la nan moman l bezwen m nan, m fè l pran kontak ak yon lòt moun ki ka fè travay la.” — Christopher.

    Mande tèt ou: ‘Èske m dakò pa aksepte kèk travay si sa t ap fè moun mwen marye avè l la santi m neglije l? Ki sa moun mwen marye avè l la t ap di?’

  • Planifye pou n pase tan ansanm. Men sa Bib la di: “Gen yon lè pou tout bagay.” ​(Eklezyas 3:1). Lè w gen anpil travay pou w fè, se lè sa a li enpòtan pou w planifye pou w pase tan ak moun ou marye avè l la.

    “Lè nou toule de okipe anpil, nou chèche fikse yon moman pou n pase l ansanm san pèsonn pa deranje n, li te mèt se pou nou manje ansanm oswa pou n fè yon ti mache bò lanmè.” — Deborah

    Mande tèt ou: ‘Èske m chèche fikse tan pou m pase ak moun mwen marye avè l la san okenn moun pa deranje m? Ki sa moun mwen marye avè l la t ap di?’

  • Etenn aparèy yo. Men sa Bib la di: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” ​(Filipyen 1:10). Èske detanzantan ou ka etenn aparèy ou yo yon fason pou w pa distrè ak mesaj oswa apèl ki gen rapò ak travay ou?

    “M te fè anpil efò pou m te ka kanpe travay mwen nan yon lè fiks. Lè lè sa a rive, mwen mete telefòn mwen sou silans.” — Jeremy.

    Mande tèt ou: ‘Èske m santi m dwe toujou mete m disponib pou si patwon m oswa yon kliyan bezwen m? Ki sa moun mwen marye avè l la t ap di?’

  • Montre w rezonab. Men sa Bib la di: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” ​(Filipyen 4:5). Pafwa, sa ka rive ou menm oswa moun ou marye avè l la oblije travay nan moman nou ta dwe pase tan ansanm. Pa egzanp, kalite travay li fè a ka mande pou l rete disponib menm nan moman ki pa lè travay. Pa twò egzijan ak moun ou marye avè l la.

    “Mari m gen yon ti biznis, e byen souvan gen ijans li dwe jere menm apre lè travay. Pafwa, sa deranje m men, piske nou toujou pase anpil tan ansanm, sa pa twò grav.” — Beverly.

    Mande tèt ou: ‘Èske m montre m konprann moun mwen marye avè l la gen anpil travay pou l fè lè m pa mande l plis tan ak atansyon pase sa l ka bay? Ki sa moun mwen marye avè l la t ap di?’

Yon anpoul.

Men yon konsèy: Pa sispann fè efò pou w fè ekilib ant travay ou ak lòt bagay nan lavi w. Sèvi ak Gid pou ede n pale sou sijè a ki nan atik sa a pou w wè nan ki aspè nan lavi a ou menm ak moun ou marye avè l la ka gen plis ekilib ant travay nou ak fanmi nou.

Sa lòt moun marye di

Joseph ak Hannah.

“Nou renmen mete telefòn nou sou silans pou n pa resevwa mesaj ki ka distrè nou pandan n ap manje ansanm. Nou dwe bay tan nou te planifye pou n pase ansanm nan anpil enpòtans.” — Joseph ak Hannah, madanm li.

Kara ak Daniel.

“Lè nou viv yon fason ki senp, sa ede nou anpil. Plis lavi nou senp, se plis l ap fasil pou n kenbe ekilib nou, paske n ap gen mwens bagay k ap distrè nou.” — Kara ak Daniel, mari l.

Gid pou ede n pale sou sijè a

Toudabò, nou chak kapab reflechi sou kesyon sa yo poukont nou. Apre sa, pale sou repons nou yo ansanm.

  • Èske moun ou marye avè l la konn plenyen paske ou kontinye travay menm nan moman ki pa lè travay yo? Si l deja fè sa, èske w dakò avè l?

  • Nan ki domèn ou panse ou ta dwe plis chèche jwenn ekilib ant travay ou ak lavi w?

  • Èske w te janm panse moun ou marye avè l la pa kapab kite travay nan plas li? Si repons ou bay la se wi, ki lè w sonje sa te rive?

  • Si sa nesesè, ki chanjman w ta renmen moun ou marye avè l la fè pou l jwenn ekilib ant travay li ak fanmi l?

Revizyon: Fason pou w kite travay nan plas li

  • Bay maryaj ou plis enpòtans. Pa kite travay la vòlè tan w ta dwe pase ak moun ou marye avè l la.

  • Lè sa nesesè, pa aksepte fè kèk travay. Pafwa, li ka pi bon pou w bay yon lòt moun fè kèk travay nan plas ou oubyen li ka bon pou n pa aksepte travay la.

  • Planifye pou n pase tan ansanm. Pa neglije maryaj ou sitou lè w gen anpil travay pou w fè.

  • Etenn aparèy yo. Pafwa, ou bezwen etenn aparèy ou yo, yon fason pou w pa toujou distrè ak travay ou.

  • Montre w rezonab. Se san rete ou bezwen kontinye fè efò pou w jwenn ekilib ant travay ou ak lavi w e w bezwen toujou ap fè kèk ti chanjman pou sa fèt. Montre w rezonab nan sa w ap atann yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje