BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 189
  • Èske m ka jwenn pawòl pou konsole m nan Bib la?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske m ka jwenn pawòl pou konsole m nan Bib la?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Lè m gen pwoblèm
  • Lè yon moun pa m mouri
  • Lè m santi m koupab anpil
  • Lè m tris
  • Lè m malad
  • Lè m santi m strese
  • Lè gen lagè
  • Lè m gen enkyetid pou demen
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Fason Bib la ka ede mesye yo fè fas ak enkyetid lavi a
    Kèk lòt sijè
  • Mwen santi m koupab, èske Bib la ka ede m?
    Repons Bib la bay
  • Bib la bay espwa
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 189
Yon dam k ap pran san l pou l li Bib la.

Èske m ka jwenn pawòl pou konsole m nan Bib la?

Repons Bib la bay

Wi (Women 15:4). Ann egzamine kèk vèsè nan Bib la ki te ede plizyè moun ki t ap fè fas ak moman difisil nan lavi yo e ki te gen gwo tètchaje.

Nan atik sa a

  • Lè m gen pwoblèm

  • Lè yon moun pa m mouri

  • Lè m santi m koupab anpil

  • Lè m tris

  • Lè m malad

  • Lè m santi m strese

  • Lè gen lagè

  • Lè m gen enkyetid pou demen

Lè m gen pwoblèm

Sòm 23:4: “Menmsi m ap mache nan vale fènwa pwès la, mwen pa pè anyen paske w avè m.”

Sa l vle di: Lè w priye Bondye e ou montre w gen konfyans nan Pawòl li a, Labib, pou gide w, ou ka fè fas ak pwoblèm ou yo avèk kouraj.

Filipyen 4:13: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.”

Sa l vle di: Bondye ka ba w fòs pou w fè fas ak nenpòt pwoblèm.

Pou w aprann plis sou fason Bib la ka ede w fè fas ak pwoblèm ki dire anpil tan, gade atik “Ann kontinye kenbe lespri n anpè malgre sitiyasyon yo ap chanje”.

Lè yon moun pa m mouri

Eklezyas 9:10: “Pa gen ni travay, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Tonm [lan].”

Sa l vle di: Moun ki mouri yo pap soufri e yo pa ka fè nou okenn mechanste, se dòmi y ap dòmi.

Travay 24:15: “Pral gen yon rezirèksyon.”

Sa l vle di: Bondye ka fè moun nou renmen yo retounen viv ankò.

Pou w aprann plis sou fason Bib la ka ede w fè fas ak gwo lapenn ou genyen lè yon moun pa w mouri, gade atik “Sa w ka fè depi jodi a pou w fè fas ak gwo lapenn”.

Lè m santi m koupab anpil

Sòm 86:5: “Paske, ou bon e w dispoze padone, o Jewovaa. Ou demontre lanmou fidèl ou genyen an pou tout moun ki envoke non w.”

Sa l vle di: Bondye padone moun ki vrèman regrèt erè yo te fè yo e ki pran detèminasyon pou yo pa fè menm erè sa yo ankò.

Sòm 103:12: “Menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a, se konsa tou li mete peche nou yo lwen nou.”

Sa l vle di: Lè Bondye padone nou, li voye peche nou yo pi lwen pase sa nou ka menm imajine. Li pa plede ap fè nou sonje yo, pou l repwoche nou oswa pou l pini nou.

Pou w aprann plis sou fason Bib la ka ede w si w santi w koupab anpil, gade atik “Mwen santi m koupab, èske Bib la ka ede m?”

Lè m tris

Sòm 31:7: “Ou wè soufrans mwen yo. Ou konnen jan m nan gwo pwoblèm.”

Sa l vle di: Bondye vrèman konprann tout soufrans ou yo, li konprann jan w santi w nan fon kè w, menm lè lòt moun pa konprann.

Sòm 34:18: “Jewova toupre moun kè yo ap fann, li sove moun ki gen lespri yo kraze.”

Sa l vle di: Bondye pwomèt ou l ap ede w lè w santi w tris. Li ka ba w fòs pou w fè fas ak sa k ap trakase w yo.

Pou w aprann plis sou fason Bib la ka ede w lè w santi w tris, gade videyo Sa w ka fè si w santi w tris.

Lè m malad

Sòm 41:3: “Jewova ap ede l pandan l kouche sou kabann li tou malad.”

Sa l vle di: Bondye ka ede w fè fas ak yon maladi ki grav, paske li ka fè lespri w anpè e li ka ba w fòs, andirans ak sajès pou w ka pran bonjan desizyon.

Ezayi 33:24: “Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’”

Sa l vle di: Bondye pwomèt rive yon lè tout moun sou tè a ap an sante.

Pou w aprann plis sou fason Bib la ka ede w si w malad, gade atik “Fason w ka fè fas ak yon pwoblèm sante ki vin sanzatann” nan.

Lè m santi m strese

Sòm 94:19: “Lè enkyetid te anvayi m, ou te konsole m, ou te soulaje m.”

Sa l vle di: Si n chèche èd nan men Bondye lè n santi n strese, li kapab ede n pou n rete kalm.

1 Pyè 5:7: “Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.”

Sa l vle di: Bondye gen sousi pou nou lè n ap soufri, li vle pou n priye l lè n gen pwoblèm.

Pou w aprann plis sou fason Bib la ka ede w lè w ap fè fas ak gwo tètchaje nan lavi w, gade atik “Ki sa w ka fè lè w anba strès?” la.

Lè gen lagè

Sòm 46:9: “Li fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a.”

Sa l vle di: Talè konsa, Wayòm Bondye a pral elimine tout lagè.

Sòm 37:11, 29: “Men, moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total. [...] Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.”

Sa l vle di: Moun ki jis yo pral viv sou tè a pou toutan.

Pou w aprann plis sou rezon ki fè n konnen Wayòm Bondye a toupre rive, gade atik “Ki lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a?”

Lè m gen enkyetid pou demen

Jeremi 29:11: “‘Mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou.’ Se sa Jewova di. ‘M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa.’”

Sa l vle di: Bondye bay moun k ap sèvi l yo asirans yo gen bonjan rezon pou yo espere yon pi bèl avni.

Revelasyon 21:4: “L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.”

Sa l vle di: Bondye pwomèt l ap elimine tout sa ki mal k ap fèt jodi a.

Pou w aprann plis sou bèl esperans Bib la bay pou lavni, gade atik “Bonjan espwa pou lavni” an.

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?” a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje