BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g24 no 1 p. 13-15
  • Ki sa k rive ak kesyon respè pou tèt ou?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa k rive ak kesyon respè pou tèt ou?
  • Reveye n! — 2024
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ RESPÈ POU TÈT OU ENPÒTAN
  • FASON OU KA MONTRE RESPÈ POU TÈT OU
  • FASON TEMWEN JEWOVA YO ANKOURAJE MOUN GEN RESPÈ
  • Ou kapab jwenn èd
    Reveye n! — 2020
  • Ki sa k rive ak kesyon respè nan fanmi?
    Reveye n! — 2024
  • Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo ka ede nou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Chèche jwenn konsèy saj anrapò ak lavi n ap mennen chak jou sou JW.ORG
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
Gade plis
Reveye n! — 2024
g24 no 1 p. 13-15
Yon dam ki tris k ap gade tèt li nan yon glas.

Ki sa k rive ak kesyon respè pou tèt ou?

REZON KI FÈ RESPÈ POU TÈT OU ENPÒTAN

Moun ki gen respè pou tèt yo ka fè fas ak pwoblèm ki gen nan lavi a ak asirans. Yo pa bay vag fasil.

  • Selon rechèch yo fè, li pi fasil pou moun ki mal wè tèt yo soufri akoz enkyetid, depresyon ak twoub anrapò ak fason moun manje. Epitou, li pi fasil pou yo tonbe nan pran dwòg epi bwè twòp alkòl.

  • Moun ki respekte tèt yo evite konpare tèt yo ak lòt moun, sa fè l pi fasil pou yo byen boule ak lòt moun ki bò kote yo e pou yo fè bon zanmi. Yon lòt bò, moun ki mal wè tèt yo gen tandans kritike moun, sa ki ka kraze relasyon moun ak moun.

  • Menm lè moun ki gen respè pou tèt yo jwenn pwoblèm, yo pa bay vag. Yo pa kite pwoblèm anpeche yo atenn objektif yo. Tandiske, byen souvan, moun ki mal wè tèt yo pran nenpòt ti pwoblèm pou yon pakèt afè. Sa ki ka fè yo bay vag byen fasil.

FASON OU KA MONTRE RESPÈ POU TÈT OU

Fè zanmi ak moun k ap ankouraje w. Pase tan ak moun ki gen respè pou moun, ki enterese toutbon nan ou, e k ap ankouraje w.

“Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

Ede lòt moun. Lè w aji ak jantiyès e w ede lòt moun, menm moun ki pa ka remèt ou sa, w ap jwenn vrè kè kontan moun jwenn lè yo bay. W ap gen kè kontan menmsi lòt moun pa wè bon aksyon w fè.

“Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Travay 20:35.

Ede pitit ou aprann respekte tèt yo. Youn nan fason pou w fè sa, se kite yo rezoud pwoblèm yo jwenn poukont yo nan mezi yo kapab. Sa ap ede pitit ou aprann jere pwoblèm yo jwenn, epi rezoud yo. Leson sa a ap fè yo gen respè pou tèt yo e sa ap itil yo lè yo vin gran.

“Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache, menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” — Pwovèb 22:6.

Yon Temwen Jewova k ap kondui yon etid Labib ak yon dam nan yon restoran.
Yon Temwen Jewova k ap kondui yon etid Labib ak yon dam nan yon restoran.

FASON TEMWEN JEWOVA YO ANKOURAJE MOUN GEN RESPÈ

Reyinyon Temwen Jewova yo ak pwogram etid Labib yo fè ak moun yo ede moun yo amelyore lavi yo e li ede yo vin gen plis respè pou tèt yo.

NOU FÈ REYINYON CHAK SEMÈN

Nan reyinyon nou fè chak semèn yo, nou renmen tande diskou ki baze sou Bib la ki konn bay konsèy sou fason pou n vin gen plis respè pou tèt nou. Reyinyon nou yo gratis e tout moun ka vin asiste. Pa egzanp, nan reyinyon nou yo, w ap aprann...

  • rezon ki fè ou gen valè nan je Bondye

  • fason pou w jwenn vrè sans lavi a

  • fason pou w vin gen zanmi k ap dire lontan

Epitou, w ap vin gen bon zanmi ki “gen sousi youn pou lòt”. — 1 Korentyen 12:​25, 26.

Pou w aprann plis sou reyinyon nou yo, chèche ti videyo ki gen tit Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm? nan sou jw.org.

NOU FÈ ETID LABIB AK MOUN YO

Nou sèvi ak liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an pou n ofri moun yo yon etid Labib gratis k ap ede yo konn Bib la. Liv etid sa a gen vèsè kle, rezònman ki klè, kesyon efikas, videyo ki kaptivan ak bèl foto. Etid Labib nou an ede moun yo rejwenn diyite yo e li ede yo amelyore lavi yo.

Pou w ka wè fason etid Labib ak Temwen Jewova yo ka fè w jwenn byenfè, chèche ti videyo ki gen tit Poukisa nou dwe etidye Labib? la sou jw.org.

Israel Martínez.

APRANN PLIS

Israel Martínez te santi l pi ba pase lòt moun paske l pa t gen kòb e li pa t fè gwo etid. Chèche atik ki gen tit “Mwen pa santi m wont tèt mwen ankò” sou jw.org pou w ka wè ki jan reyinyon Temwen Jewova yo ak etid Labib te ede l vin gen respè pou tèt li.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje