BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lv p. 218-p. 219 par. 1
  • Fason pou yon moun venk mastibasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou yon moun venk mastibasyon
  • “Rete nan lanmou Bondye”
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan m ka rive sispann fè mastibasyon?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Ki jan m ka sispann panse ak sèks?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Ki jan nou ka pwòp nan je Bondye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • “Kouri pou imoralite seksyèl”
    “Rete nan lanmou Bondye”
Gade plis
“Rete nan lanmou Bondye”
lv p. 218-p. 219 par. 1

APENDIS

Fason pou yon moun venk mastibasyon

Mastibasyon se yon abitid ki nuizib pou relasyon yon moun genyen ak Bondye. Li fè moun nan panse ak tèt li sèlman e li kòwonp lespri moun nana. Anplis de sa, moun k ap pratike mastibasyon an ka vin konsidere lòt moun kòm yon mwayen ki pèmèt li satisfè dezi seksyèl li genyen. Pou moun sa a, relasyon seksyèl se pa yon aksyon ki pèmèt de moun eksprime lanmou yo gen youn pou lòt, men pito se yon mwayen pou l pran plezi l pou yon ti moman oubyen pou l satisfè dezi seksyèl li. Men, satisfaksyon sa a se pou yon ti tan. An reyalite, olye mastibasyon an fè manm kò a mouri “anrapò ak imoralite seksyèl, salte, dezi seksyèl san kontwòl”, li eksite yo pito. — Kolosyen 3:5.

Men sa apot Pòl te ekri: “Byenneme, piske nou gen pwomès sa yo, annou pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a, e n ap vin sen nèt nan lakrentif pou Bondye.” ​(2 Korentyen 7:1). Si w ap lite pou w suiv konsèy sa a, pa pèdi espwa. Jewova toujou “dispoze padone” w e li toujou pare pou l ede w (Sòm 86:5; Lik 11:9-13). Lefètke kè w ap kondane w e lefètke w ap fè efò pou w kite abitid sa a, menmsi pafwa ou retonbe ladan l ankò, se prèv ki montre ou anvi kite move abitid sa a. Mete sou sa, pa bliye, “Bondye pi gran pase kè nou, e li konn tout bagay”. (1 Jan 3:20.) Bondye wè pi lwen pase peche nou fè a, li wè kiyès nou ye. Konesans sa a li genyen an pèmèt li koute nou avèk konpasyon lè n ap sipliye l ak tout kè nou pou nou mande l pou l fè nou mizèrikòd. Se sa k fè, pinga w janm bouke priye l. Fè sa avèk imilite e avèk senserite, menm jan ak yon timoun ki al jwenn papa l lè li nan pwoblèm. Jewova ap fè w vin gen yon bon konsyans (Sòm 51:1-12, 17; Ezayi 1:18). Natirèlman, ou bezwen poze kèk aksyon ki ale nan menm sans ak priyè w yo. Pa egzanp, ou dwe fè efò pou w evite pònografi sou kèlkeswa fòm nan e ou dwe evite move frekantasyonb.

Si pwoblèm ou genyen sou kesyon mastibasyon an pèsiste, li ta bon pou w pale sa ak paran w ki kretyen oubyen ak yon zanmi w ki kretyen, ki gen matirite e ki gen sousi pou ouc. — Pwovèb 1:8, 9; 1 Tesalonisyen 5:14; Tit 2:3-5.

a Mastibasyon se lè yon moun eksite pati entim li, lè li karese l oubyen lè li fwote l. Jeneralman, moun nan rive nan yon pwen kote li ejakile, oswa li santi l satisfè.

b Gen anpil fanmi, pou yo rive kontwole fason moun nan fanmi an sèvi ak òdinatè ki nan kay la, yo mete òdinatè a nan yon pyès nan kay la kote moun gen abitid pase. Anplis de sa, gen kèk fanmi ki achte yon lojisyèl ki anpeche bagay ki pa kòrèk antre nan òdinatè a. Sepandan, pa gen okenn nan pwogram sa yo ki san fay nèt.

c Pou w jwenn sijesyon pratik sou fason pou w venk mastibasyon, gade atik “Les jeunes s’interrogent... Comment vaincre cette habitude?” nan Réveillez-vous ! novanm 2006, epi gade liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, volim 1, paj 178-182.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje