Kantik 110
Travay Bondye estrawòdinè
Édition imprimée
(Sòm 139)
1. O Ya, ou konnen tout lavi mwen:
Lè m’al dòmi, lè’m leve, lè’m chita.
Tout panse mwen e tout sa mwen anvi fè,
Pawòl mwen di, fason’m mache,
ou wè tousa.
W’ap suiv mwen depi lè mwen nan vant,
Ou te wè lè zo nan kò’m t’ap pran fòm,
Se yon bagay vrèman estrawòdinè!
Se pou sa m’ap toujou louwe’w
devan lèzòm.
O Jewova, ou chaje ak konesans,
Sa fè mwen gen yon gwo respè pou ou.
E si fènwa ta soti pou ansèkle’m,
Mwen byen konnen w’ap avè’m toupatou.
Ki bò pou’m ta ye pou’w pa ta wè’m,
Pou’m ta kache pou’w pa konn kote’m ye?
Monte anwo? Desann jis nan fon Cheyòl?
Ret nan fènwa? Nan fon lanmè? Pa gen kote.
(Gade tou Sòm 66:3; 94:19; Jer. 17:10.)