-
Ki kalite moun Temwen Jewova yo ye?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 1
Ki kalite moun Temwen Jewova yo ye?
Dànmak
Taywann
Venezyela
End
Konbyen Temwen Jewova ou konnen? Kèk nan nou ka vwazen w, kòlèg travay ou, kamarad lekòl ou, oswa n ka konn pale avè w sou Labib. Men, ki kalite moun nou ye toutbon e poukisa n ap fè moun konnen nan ki sa n kwè?
Nou se moun tankou tout moun. Nou soti nan divès ras ak tout kalite kouch sosyal. Gen kèk nan nou ki te nan yon lòt relijyon e gen lòt ki pa t kwè nan Bondye. Sepandan, anvan nou te vin Temwen Jewova, nou tout te pran tan pou n byen egzamine ansèyman ki nan Bib la (Travay 17:11). Nou dakò ak sa n aprann yo, e konsa, nou chwazi adore Jewova Dye.
Nou jwenn byenfè lefètke n etidye Labib. Menm jan ak tout lòt moun, n ap fè fas ak tout kalite pwoblèm e n gen pwòp feblès pa nou. Men, lefètke n fè efò pou n aplike prensip ki nan Bib la nan lavi nou chak jou, nou vin gen gwo amelyorasyon nan kalite lavi n ap mennen (Sòm 128:1, 2). Sa se youn nan rezon ki fè n ap fè lòt moun konnen bon bagay nou aprann nan Bib la.
Nou viv ann amoni ak prensip Bondye yo. Prensip sa yo, jan Bondye anseye yo nan Bib la, ankouraje n viv byen ak lòt moun epi demontre respè anvè yo. Pami prensip sa yo gen onètete ak bonte. Prensip sa yo ede n vin moun ki djanm, ki itil sosyete n ap viv la e yo ankouraje fanmi n viv nan inite e pou yo gen bon prensip moral. Piske n kwè “Bondye pa gen patipri”, nou vin fòme yon fanmi entènasyonal frè ak sè kote pa gen pwoblèm ras ak pwoblèm politik ki divize nou. Menmsi pèsonèlman, nou se moun tankou tout moun, nou se yon pèp ki pa gen parèy. — Travay 4:13; 10:34, 35.
Ki sa k fè Temwen Jewova yo se moun tankou tout moun?
Ki prensip Temwen Jewova yo aprann grasa etid yo fè nan Bib la?
-
-
Poukisa nou pote non Temwen Jewova?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 2
Poukisa nou pote non Temwen Jewova?
Noye
Abraram ak Sara
Moyiz
Jezi Kris
Gen anpil moun ki panse Temwen Jewova se non yon relijyon ki fèk parèt. Sepandan, sa gen plis pase 2 700 ane, sèl vrè Dye a te rele moun ki t ap sèvi l yo “temwen” l (Ezayi 43:10-12). Rive jis nan ane 1931, yo te konn rele nou Etidyan Labib. Poukisa nou chwazi pote non Temwen Jewova?
Non sa a montre ki Bondye n ap sèvi. Selon ansyen maniskri yo, non Bondye ki se Jewova, parèt plizyè milye fwa nan Bib la. Nan anpil tradiksyon Labib yo retire non Bondye, yo mete kèk tit nan plas li tankou Seyè, Bondye, Letènèl. Men, vrè Dye a te fè Moyiz konn bon non l se Jewova lè l te di: “Se non sa a m ap toujou genyen.” (Egzòd 3:15). Konsa, Jewova distenge tèt li parapò ak tout fo dye yo. Nou fyè pou n pote non Bondye, yon non ki sen.
Non sa a montre ki misyon nou genyen. Gen anpil moun ki t ap viv nan tan lontan ki te bay temwayaj sou lafwa yo genyen nan Jewova. Premye moun ki te fè sa se Abèl, yon moun ki te jis. Pandan syèk ki te vin apre yo, Noye, Abraram, Sara, Moyiz, David ak lòt moun ankò te vin fè pati “gwo nyaj temwen” sa a (Ebre 11:4–12:1). Menm jan yon moun ka bay temwayaj nan tribinal an favè yon moun ki inosan, nou pran detèminasyon pou n fè konn laverite sou Bondye nou an.
N ap imite Jezi. Bib la rele Jezi “temwen fidèl la, temwen ki toujou di laverite a”. (Revelasyon 3:14.) Jezi te di li ‘fè moun konn non Bondye’ e l te kontinye “bay temwayaj sou laverite” konsènan Bondye (Jan 17:26; 18:37). Kidonk, vrè disip Kris yo dwe pote non Jewova e yo dwe fè moun konnen non sa a. Se travay sa a Temwen Jewova yo detèmine pou yo fè ak tout fòs yo.
Poukisa Etidyan Labib yo te chwazi pote non Temwen Jewova?
Depi ki lè Jewova gen temwen sou tè a?
Kiyès ki pi gwo Temwen Jewova?
-
-
Ki jan n te rive dekouvri verite ki nan Bib la ankò?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 3
Ki jan n te rive dekouvri verite ki nan Bib la ankò?
Etidyan Labib yo, bò 1870 yo.
Premye nimewo Toudegad, 1879.
Toudegad jodi a.
Bib la te predi, apre lanmò Jezi, gen fo anseyan ki t ap antre nan mitan kretyen premye syèk la e yo t ap tòde verite ki nan Bib la (Travay 20:29, 30). Se egzakteman sa k te rive. Fo anseyan yo te melanje ansèyman Jezi yo ak ansèyman payen, e konsa, anpil moun ki di yo se kretyen men ki pa suiv ansèyman Kris yo vre te vin parèt (2 Timote 4:3, 4). Jodi a, ki jan n ka sèten nou gen konesans egzak sou sa Bib la anseye toutbonvre?
Moman an te rive pou Jewova fè moun konn laverite. Jewova te predi nan ‘tan lafen an, vrè konesans lan t ap vin anpil’. (Dànyèl 12:4.) An 1870, gen yon ti gwoup moun ki t ap chèche laverite ki te vin rekonèt anpil nan doktrin Legliz yo t ap anseye yo pa t baze sou Bib la. Se sa k fè, yo te kòmanse chèche konprann sa Bib la anseye toutbonvre e Jewova te beni yo, li te fè yo konprann bagay espirityèl yo.
Kèk moun ki sensè te pran san yo pou yo etidye Bib la. Etidyan Labib sa yo, ki te la anvan nou e ki te dilijan, te itilize yon bon metòd pou yo etidye Bib la e jis kounye a nou kontinye itilize menm metòd sa a. Yo te egzamine Bib la sijè pa sijè. Lè yo te jwenn yon vèsè ki difisil pou konprann, yo te chèche lòt vèsè ki ka ede yo konprann li. Lè yo te vin gen yon konpreyansyon ki ann amoni ak rès Bib la, yo te ekri l sou papye. Lefètke yo te kite se Bib la ki esplike vèsè ki ladan l yo, yo te rive dekouvri laverite sou non Bondye, sou Wayòm nan, sou objektif Bondye gen ni pou lèzòm ni pou tè a, sou ki kondisyon mò yo ye ak esperans rezirèksyon an. Rechèch yo te fè yo te libere yo anba anpil fo ansèyman ak pratik ki pa nan Bib la. — Jan 8:31, 32.
Rive nan ane 1879, Etidyan Labib yo te konprann lè a te rive pou yo fè tout moun konn verite ki nan Bib la. Se sa k fè, nan menm ane sa a, yo te kòmanse pibliye Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova a, yon peryodik nou toujou pibliye jodi a. Kounye a, n ap fè moun konn verite ki nan Bib la nan 240 peyi e nou fè sa nan plis pase 750 lang. Anvan sa, vrè konesans lan pa t janm anpil konsa!
Apre lanmò Kris, sa k te rive verite ki nan Bib la?
Ki sa k te pèmèt nou dekouvri verite ki nan Pawòl Bondye a ankò?
-
-
Poukisa nou fè Tradiksyon monn nouvo a?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 4
Poukisa nou fè Tradiksyon monn nouvo a?
Kongo (Kinchasa)
Wannda
Yon pati nan woulo Simakis la ki gen non Bondye ladan l nan Sòm 69:31, li la depi twazyèm oubyen katriyèm syèk epòk nou an.
Pandan plizyè dizèn ane, Temwen Jewova yo te sèvi ak divès tradiksyon Labib, yo te enprime yo e yo te distribye yo. Men, nou te vin wè l nesesè pou n fè yon nouvo tradiksyon Labib ki t ap ede tout moun yo vin gen “konesans egzak sou laverite”, jan Bondye vle sa (1 Timote 2:3, 4). Konsa, an 1950, nou te kòmanse pibliye kèk pati nan Tradiksyon monn nouvo a nan yon langaj ki fasil pou moun konprann jodi a. Tradiksyon sa a fidèl, li egzak e li nan plis pase 130 lang.
Nou te bezwen yon tradiksyon Labib ki fasil pou moun konprann. Rive yon lè, fason yon moun pale yon lang konn chanje, epi gen anpil tradiksyon Labib ki itilize ekspresyon ki pa klè oswa ki pa alamòd e ki difisil pou moun konprann. Anplis de sa, yo vin dekouvri kèk ansyen maniskri ki pi egzak, ki pi ann amoni ak tèks orijinal la ki ede moun pi byen konprann lang yo te itilize pou ekri Bib la, anpalan de lang ebre, arameyen ak grèk.
Nou te bezwen yon tradiksyon Labib ki fidèl ak Pawòl Bondye a. Olye tradiktè Labib yo chanje Pawòl Bondye te fè ekri a lè y ap tradui l, yo dwe fidèl ak tèks orijinal la pito. Men, nan pifò tradiksyon Labib, yo pa itilize non Bondye ki se Jewova nan Ekriti sakre yo.
Nou te bezwen yon tradiksyon Labib ki ede moun rekonèt Sila a ki te fè ekri Bib la. (2 Samyèl 23:2). Nan Tradiksyon monn nouvo a, nou remete non Jewova tout kote l parèt nan anviwon 7 000 fwa nan maniskri Labib ki pi ansyen yo jan n ka wè sa nan foto ki pi ba a (Sòm 83:18). Apre tradiktè yo fin pase plizyè ane ap fè bonjan rechèch, yo fè yon tradiksyon Labib moun renmen li paske panse Bondye yo parèt byen klè ladan l. Kit ou gen Tradiksyon monn nouvo a nan lang pa w, kit ou pa genyen l, nou ankouraje w pran bon abitid li Pawòl Jewova a chak jou. — Jozye 1:8; Sòm 1:2, 3.
Poukisa n te vin wè l nesesè pou n gen yon nouvo tradiksyon Labib?
Ki bon abitid yon moun ki ta renmen konn volonte Bondye ta dwe pran?
-