Laverite konsènan Amagedon
“Move lespri [...] pral sanble dènye wa ki sou latè [...]. Lespri yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon.” (Se nou ki mete mo yo ann italik.) — REVELASYON 16:14, 16, Bib la.
AMAGEDON, e pafwa yo di “Amagedòn” pou li tou, se non yon kote. Men, sanble kote sa a pa t janm egziste sou tè a.
Men, ki vrè sans mo “Amagedon” an? Poukisa souvan yo asosye “Amagedon” ak yon evènman, tankou lagè?
Yo sanble yo kote yo rele Amagedon an
Mo ebre Amagedon an siyifi “mòn Megido”. Byenke pa gen okenn mòn ki egziste ki rele konsa, gen yon kote yo rele Megido ki egziste. Li nan yon zòn enpòtan kote gen de wout prensipal ki kwaze nan nòdwès kote nasyon Izrayèl tan lontan an te abite. Plizyè gwo konba te fèt toupre zòn sa a. Se sa k fè yo te vin asosye non Megido a ak lagèa.
Sepandan, se pa konba ki te fèt Megido yo ki fè Megido gen enpòtans, men se rezon ki fè yo te fè konba sa yo. Megido se te yon pati nan Latè pwomiz Jewova Dye te bay Izrayelit yo (Egzòd 33:1; Jozye 12:7, 21). Li te fè yo pwomès l ap defann yo lè yo atake yo, e li te fè sa (Detewonòm 6:18, 19). Pa egzanp, se te nan Megido Jewova te fè mirak pou l defann Izrayelit yo lè lame wa Yabin nan, yon wa kananeyen, ak Sisera, chèf lame l la, te anvayi yo. — Jij 4:14-16.
Donk, mo “Amagedon” an oswa “Amagedòn” gen yon sans senbolik ki laj anpil. Li gen rapò ak yon konba ant de fòs ki pisan.
Pwofesi nou jwenn nan liv Revelasyon an pale de yon epòk ki toupre rive kote Satan ak demon yo pral pouse gouvènman lèzòm yo rasanble lame yo genyen yo. Konsa, y ap vin yon gwo menas ni pou pèp Bondye a ni pou travay y ap fè a. Atak asayan sa yo pral fè a ap lakòz plizyè milyon moun mouri lè Bondye ap venk yo. — Revelasyon 19:11-18.
Poukisa pou Bondye, Labib di ki ‘gen bon kè, ki pa fè kòlè fasil, ki pa t janm sispann renmen moun’, ta lakòz tout pil moun sa yo mouri (Neyemi (Neyemya) 9:17)? Pou nou konprann fason Bondye pral aji, gen twa kesyon ki bezwen repons: 1) Kiyès k ap deklannche gè a? 2) Poukisa Bondye vin enplike nan gè a? 3) Ki efè konba sa a ap genyen pou anpil tan sou tè a ak sou moun ki abite sou li?
1. KIYÈS K AP DEKLANNCHE GÈ A?
Lagè Amagedon an se pa yon atak Bondye ap fè. Okontrè, Bondye pral defann moun ki bon yo anba moun k ap toupizi yo. Nan batay sa a, se “wa ki sou tout tè a”, anpalan de chèf yo k ap dirije monn nan, ki pral atake. Poukisa y ap fè atak sa a? Paske, menm jan yon moun fè ak yon maryonèt, se konsa tou Satan pral pouse ni gouvènman yo ni òganizasyon militè yo fè yon dènye gwo atak kont moun k ap adore Jewova Dye yo. — Revelasyon 16:13, 14; 19:17, 18.
Jodi a, lè nou konsidere jan yo bay libète lapawòl ak libète relijyon anpil valè nan kèk peyi, li difisil pou moun kwè gouvènman yo ap limite aksyon kèlkeswa mouvman relijye a, alewè pou yo ta elimine mouvman relijye sa yo. Sepandan, gen atak konsa ki te fèt nan 20yèm syèk la e ki kontinye ap fèt toujoub. Men, gen omwen de gwo diferans ant atak ki te fèt anvan yo ak atak ki gen rapò ak Amagedon an. Premyèman, atak ki gen rapò ak Amagedon an pral fèt sou tout tè a. Dezyèmman, aksyon Jewova Dye pral fè a ap yon pi gwo aksyon lontan pase sa li te konn fè nan tan lontan yo (Jeremi 25:32, 33). Labib pale de konba sa a kòm “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”.
2. POUKISA BONDYE VIN ENPLIKE NAN GÈ A?
Jewova anseye moun k ap adore l yo pou yo viv anpè ak lòt moun e pou yo renmen ènmi yo (Miche (Mika) 4:1-3; Matye 5:43, 44; 26:52). Se poutèt sa yo pap pran zam pou yo defann tèt yo lè atak vyolan sa a ap fèt. Si Bondye pa t fè anyen pou l delivre pèp li a, yo t ap elimine yo. Donk, se non Bondye, Jewova, sètadi repitasyon l, yo pral atake. Si moun k ap atake yo ta rive elimine pèp Jewova a, Jewova t ap tankou yon moun ki pa gen lanmou, ki enjis e ki pa gen pouvwa. Yon bagay konsa enposib. — Sòm 37:28, 29.
Bondye pa vle detwi pèsonn, se poutèt sa li bay avètisman klè sou sa l pral fè (2 Pyè 3:9). Grasa yon seri istwa li fè konsève nan Bib la, li fè tout moun sonje li te reyaji lè yo te atake pèp li a nan tan lontan (2 Wa 19:35). Anplis de sa, Labib fè konnen lè Satan ak moun l ap manipile yo pral atake pèp Bondye a, yon lòt fwa ankò, Jewova pral kanpe pou l koresponn avèk yo. Anfèt, depi lontan, Pawòl Bondye a fè konnen Jewova pral detwi mechan yo (Pwovèb 2:21, 22; 2 Tesalonisyen 1:6-9). Lè sa a, moun k ap atake yo pap gen dout se ak Toupisan an menm y ap goumen. — Ezekyèl 38:21-23.
3. KI EFÈ KONBA SA A AP GENYEN POU ANPIL TAN?
Lagè Amagedon an pral sove lavi plizyè milyon moun. Anfèt, se pral kòmansman yon peryòd kote lapè pral blayi sou tè a. — Revelasyon 21:3, 4.
Liv Revelasyon an pale de yon “gwo foul moun” pèsonn pa ka konte ki pral chape nan konba sa a (Revelasyon 7:9, 14). Anba direksyon Bondye, moun sa yo pral patisipe pou yo fè tè a tounen yon paradi, jan Jewova te vle sa.
Èske nou konnen ki lè yo pral fè atak sa a sou pèp Bondye a?
[Nòt anba paj]
a Se pa premye fwa yo asosye non yon kote ak lagè. Pa egzanp, kounye a, vil ki rele Iwochima nan peyi Japon yo te ratibwaze ak yon bonm atomik se yon senbòl pou menas gè nikleyè.
b Olokos ki te fèt la se yon egzanp ki montre jan yon gouvènman te eseye elimine kèk gwoup relijye ak kèk ras. Ant 1917 e 1991, gwoup relijye nan peyi ki te fè pati Inyon sovyetik yo te sibi gwo brimad tou. Gade atik ki gen tit “Un peuple paisible défend sa réputation” ki te parèt nan Toudegad 1ye me 2011 lan (fransè). Se Temwen Jewova ki pibliye l.
[Foto nan paj 6]
Jewova Dye te defann pèp li a nan tan lontan.
[Foto nan paj 7]
Jewova pral defann pèp li a ankò pandan gè Amagedon an.