BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/6 p. 12-13
  • Èske nou dwe priye sen yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske nou dwe priye sen yo?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI SA LABIB DI SOU KESYON PRIYE SEN YO?
  • ÈSKE NOU DWE PÈ PWOCHE BÒ KOT BONDYE?
  • Èske mwen dwe priye sen yo?
    Repons Bib la bay
  • Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Ki jan pou n priye Bondye pou l koute nou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/6 p. 12-13

Èske nou dwe priye sen yo?

KIYÈS nan nou ki pa janm gen pwoblèm e ki santi l bezwen al kote yon moun pou ede l? Selon sa k lakòz pwoblèm nou an, petèt nou t ap chwazi al kote yon moun ki ka konprann nou e ki abitye fè fas ak pwoblèm nou genyen an. Donk, nou t ap santi n pi alèz pou n chèche èd nan men moun ki gen konpasyon pou nou e ki abitye fè fas ak pwoblèm nou genyen an.

Gen kèk moun ki gendwa santi menm bagay la lè y ap lapriyè. Olye pou yo priye Bondye, yo ka santi yo pi alèz pou yo priye yon sen paske yo panse Bondye nan yon nivo ki twò wo pou yo e li twò estrawòdinè pou yo. Yo ka panse, lefètke sen yo te fè fas ak difikilte ak eprèv moun abitye rankontre, sen yo ap plis ka konprann yo. Pa egzanp, yon moun ki pèdi yon bagay ki te gen anpil valè pou li ka prefere priye “Sen” Antoine de Padoue, patwon moun ki pèdi yon bagay oswa ki te gen yon bagay yo volè. Si moun sa a ta renmen priye pou yon bèt ki malad, li ka chwazi priye “Sen” François d’Assise. Si l santi li dekouraje akoz yon pwoblèm li genyen, li ka chwazi priye “Sen” Jude Thaddeus.

Sepandan, kòman nou ka sèten priye sen yo ann amoni ak sa ki nan Bib la? Piske lè nou priye Bondye se pale nou pale avè l, se sèten nou ta renmen konnen: Èske li koute priyè nou yo? E nou ta dwe ap mande tèt nou: Lè nou priye sen yo, ki jan Bondye wè sa?

KI SA LABIB DI SOU KESYON PRIYE SEN YO?

Abitid priye sen yo chita sou yon doktrin Legliz katolik anseye ki fè konnen sen yo kapab parèt devan Bondye pou nou. Selon Nouvo ansiklopedi katolik la (anglè), men ide prensipal doktrin sa a: “Sen yo ka sipliye Bondye pou l fè yon moun ki nan bezwen mizèrikòd.” Se sa k fè lè yon moun priye yon sen, li gen espwa Bondye ka fè l favè paske li panse sen yo gen yon relasyon privilejye avèk Bondye.

Èske Bib la anseye yon doktrin konsa? Gen moun ki baze yo sou sa apot Pòl te ekri pou yo fè konprann yo gen bonjan rezon pou yo priye sen yo. Pa egzanp, men sa apot Pòl te fè Kretyen ki nan Wòm yo konnen: “Kounye a, frè m yo, grasa lafwa nou gen nan Jezi Kris, Seyè nou an, e grasa lanmou ki soti nan lespri a, m ap ankouraje nou pou nou lite ansanm avè m nan priyè k ap fèt bay Bondye pou mwen.” ​(Women 15:30). Èske apot Pòl t ap mande kretyen parèy li yo pou yo te parèt devan Bondye pou li? Li difisil pou n di sa. Anfèt, si yo ta gen yon pwoblèm, se yo menm ki t ap mande Pòl, yon apot Kris, pou l parèt devan Bondye pou yo. Pòl te montre li kòrèk pou yon kretyen mande yon kretyen parèy li pou l priye Bondye pou li. Men, se yon lòt bagay nèt pou yon moun ta mande yon lòt moun li kwè k ap viv nan syèl la pou l priye Bondye pou li. Poukisa se pa menm bagay?

Men sa Jezi te di nan Evanjil Jan an: “Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a. Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” ​(Jan 14:6). Anplis de sa, men sa l te di: “Chak sa nou mande Papa a nan non mwen, li va ban nou li.” ​(Jan 15:16, Bib Kreyòl La). Jezi pa t di nou dwe priye l pou l ka pale ak Bondye pou nou. Okontrè, si nou vle Bondye tande priyè nou yo, se Bondye nou dwe priye, e se pa mwayen Jezi nou dwe fè sa e non pa mwayen okenn lòt moun.

Men sa Jezi te reponn lè disip li yo te mande l pou l aprann yo priye: “Lè n ap priye, men sa pou nou di: ‘Papa, se pou non w vin sen.’” ​(Lik 11:2). Donk, “lè n ap priye” oubyen chak fwa n ap priye, se ak Bondye sèlman nou dwe pale, se pa ni ak Jezi ni ak yon lòt moun nou dwe pale. Lè nou konsidere ansèyman sa yo ki klè, èske li pa lojik pou n panse se pa mwayen Jezi sèlman nou dwe priye Bondye e nou pa dwe fè sa pa mwayen yon moun k ap parèt devan Bondye pou nou oswa pa mwayen yon “sen”?

Lapriyè se yon bagay ki enpòtan nan adorasyon n ap bay Jewova a. Kèlkeswa lòt moun yon moun ta adore, sa pa ann amoni ak sa Labib anseye (Jan 4:23, 24; Revelasyon 19:9, 10). Se sa k fè se Bondye sèlman nou dwe priye.

ÈSKE NOU DWE PÈ PWOCHE BÒ KOT BONDYE?

Nan Sèmon Jezi te bay sou montay la, li te pran egzanp yon timoun ki mande papa l yon bagay pou l manje. Èske papa a t ap lonje yon wòch bay pitit la olye li lonje yon pen ba li? Oubyen, èske li t ap lonje yon sèpan bay pitit li a olye li lonje yon pwason ba li (Matye 7:9, 10)? Li difisil pou n ta imajine yon paran ki renmen pitit li fè yon bagay konsa!

Tankou yon papa ki renmen pitit li, Bondye vle pou nou pale avè l.

Ak egzanp sa a nan lespri w, ann sipoze ou se yon paran. Kounye a, imajine pitit ou ta renmen mande w yon bagay. Ou te toujou fè efò pou w gen bon relasyon avè l, e ou te toujou fè l santi l alèz pou l pwoche bò kote w. Malgre tout sa, san l pa gen rezon pou sa, pitit ou a pè jan w ka reyaji. Konsa, olye li vin mande w sa l ta renmen an, li pito mande yon lòt moun pou fè sa pou li. Ki jan w t ap santi w? E si l pran abitid pale avè w sèlman pa mwayen moun sa a, e li fè w konprann l ap toujou fè sa? Èske w t ap dakò yon bagay konsa? Jamè! Paran ki renmen pitit yo vle pou se pitit yo menm ki pale ak yo dirèkteman. E yo vle pou yo santi yo alèz pou yo mande kèlkeswa bagay la.

Pou Jezi fè aplikasyon egzanp pitit k ap mande paran l manje a, men sa l di foul moun ki t ap koute l yo: “Kidonk, si nou menm, aktout nou se pechè, nou konnen pou nou bay pitit nou sa k bon, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun bon bagay si yo mande l!” ​(Matye 7:11). Pa gen dout nan sa, yon paran gen gwo anvi pou l bay pitit li bon bagay. Papa nou ki nan syèl la gen yon pi gwo anvi toujou pou l koute priyè nou yo e pou l reponn yo.

Bondye vle pou nou pwoche bò kote l dirèkteman nan lapriyè menm lè nou dekouraje akoz feblès nou yo. Li pa mete pèsonn pou koute priyè n yo nan plas li. Men konsèy Bib la ban nou: “Renmèt sò [nou] nan men [Jewova], l’a kenbe [nou] fèm.” ​(Sòm 55:22). Olye pou n kite se sen oswa lòt moun ki pou parèt devan Bondye pou nou, li bon pou n gen yon pwennvi pozitif sou Jewova.

Papa nou ki nan syèl la gen sousi pou nou chak. Li vle ede nou fè fas ak pwoblèm nou yo e li envite nou pwoche bò kote l (Jak 4:8). Ala kontan nou kontan dèske nou gen posiblite pwoche bò kote Bondye nou an ki Papa nou, li “menm ki konn tande priyè” a! — Sòm 65:2, NW.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje