BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/12 p. 3
  • Poukisa ou dwe konprann Bib la?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa ou dwe konprann Bib la?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Yon liv ou dwe konprann
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Fason pou nou ede moun ki poko pare pou etidye liv Sa Labib anseye a
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Ansèyman veridik ki fè Bondye plezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/12 p. 3

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA KONPRANN BIB LA

Poukisa ou dwe konprann Bib la?

“Bib la se yon liv relijye moun byen konnen. Men, li se yon liv etranje e li pa enpòtan pou Chinwa yo.” — LIN, LACHIN.

“Mwen pa menm ka konprann plizyè liv sakre ki gen nan Endou, relijyon m nan. Kidonk, ki jan m ka rive konprann Lasent Bib?” — AMIT, END.

“Mwen respekte Bib la paske se yon liv ki la lontan, e m tande se liv moun achte plis nan monn nan. Men, mwen pa janm wè youn ak je m.” — YUMIKO, JAPON.

Anpil moun nan monn nan bay Bib la anpil valè. Sepandan, yo ka pa konnen anpil bagay nan Bib la, oswa yo pa konn anyen ladan l. Se konsa sa ye pou plizyè milyon moun k ap viv ann Azi, e se menm bagay la pou yon pakèt moun k ap viv nan peyi kote anpil moun gen Bib.

Yon dam k ap li Bib la

Sepandan, ou ka mande tèt ou: ‘Poukisa m dwe enterese konprann Bib la?’ Lè w rive konprann liv sakre sa a, sa ka ede w fè bagay sa yo:

  • W ap jwenn satisfaksyon ak kè kontan

  • W ap fè fas ak pwoblèm ou gen nan fanmi w

  • W ap fè fas ak enkyetid ki gen nan lavi a

  • W ap amelyore relasyon w gen ak lòt moun

  • W ap byen jere lajan w

Ann pran egzanp Yoshiko, ki nan peyi Japon. Li t ap mande tèt li sou ki sa Bib la pale epi li te deside li l. Ki rezilta li te jwenn? Men sa li di: “Bib la te ede m gen objektif nan lavi m epi li ede m gen espwa konsènan lavni.” Men sa l ajoute: “Mwen pa santi lavi m san sans ankò.” Amit nou te site pi wo a te deside egzamine Bib la. Men sa l di: “Mwen te sezi wè sa. Bib la gen enfòmasyon ki pratik pou tout moun.”

Bib la gen gwo efè sou lavi plizyè milyon moun. Poukisa w pa egzamine l pou w ka wè jan sa ka pwofitab pou ou?

Une vie pleinement satisfaisante: Comment?

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason Bib la ka ede w jwenn byenfè, gade bwochi Une vie pleinement satisfaisante: Comment? Se Temwen Jewova ki pibliye l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje