BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/12 p. 11
  • Èske w te konnen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te konnen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • “Yo tout vin ranpli ak lespri sen”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • “Pawòl Jewova a te kontinye ap gaye plis toujou”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/12 p. 11

ÈSKE W TE KONNEN?

Èske se toutbon te gen Juif ki te soti “nan tout nasyon sou tè a” pou yo vin Jerizalèm nan fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an?

Moun k ap pale nan yon lari ki chaje ak moun nan Jerizalèm nan fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an

Yon lari ki chaje ak moun nan Jerizalèm nan fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an.

Anplis istwa Bib la rakonte nan Travay 2:5-11 la, Filon, yon ekriven juif ki t ap viv nan premye syèk la, rakonte yon istwa ki dekri yon foul moun ki te vin Jerizalèm nan fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an.

Men sa Filon ekri sou moun ki te konn vwayaje vin Jerizalèm yo: “Gwo foul moun pa ka konte te soti nan anpil vil, genyen ki te vwayaje nan wout atè, genyen ki te vwayaje sou lanmè, yo soti nan lès, nan lwès, nan nò ak nan sid pou yo vin nan chak fèt ki te genyen.” Mete sou sa, li te site pawòl Agripa Iye, pitit pitit Ewòd Legran, te ekri nan yon lèt li te voye bay Kaligoula, anperè women an. Nan lèt sa a, men sa Agripa te di konsènan Jerizalèm: “Vil ki sen an [...] se pa kapital peyi Jide a sèlman, men tou se kapital yon pakèt lòt peyi, paske gen yon pakèt Juif ki konn al nan lòt peyi ki ozalantou l detanzantan.”

Agripa te fè yon lis zòn kote te gen plizyè kominote Juif ki t ap viv ladan yo. Pami zòn sa yo, te gen kèk ki lwen nan Mezopotami, nan Afrik dinò, nan Azi Minè, nan Lagrès ak nan zile ki nan Lanmè Meditèrane. Men sa Joachim Jeremias, yon biblis, di: “Byenke nan lis sa a li pa di yon fason byen klè yo te vwayaje vin Jerizalèm, men sa parèt nan sa l te di a, piske tout Juif ki adilt te oblije vwyaje pou y al nan vil sa a.” — Detewonòm 16:16.

Ki kote plizyè milye moun ki te vin Jerizalèm nan fèt Juif yo te rete?

Dekonm yon kote moun te konn benyen yo dekouvri nan Jerizalèm

Dekonm yon kote moun te konn benyen yo dekouvri nan Jerizalèm

Chak ane, yo te òganize twa fèt Jerizalèm. Se te fèt Pak la, fèt Pannkòt la ak fèt Tonèl yo. Nan premye syèk la, plizyè milye moun te vwayaje al Jerizalèm pou okazyon sa yo. Yo te soti tout kote ann Izrayèl e nan tout lòt peyi kote Juif yo t ap viv (Lik 2:41, 42; Travay 2:1, 5-11). Tout moun sa yo ki te vwayaje yo te bezwen kote pou yo rete.

Gen ladan yo ki te dòmi kay zanmi yo, gen lòt ki te dòmi nan otèl oubyen yo te lwe chanm kay pou yo rete. Gen anpil moun ki te rete nan tant anndan vil la oubyen ozalantou miray vil la. Dènye fwa Jezi te vin Jerizalèm, li te rete Betani, nan yon vil ki toupre. — Matye 21:17.

Yo dekouvri yon kantite konstriksyon ki te gen basen pou moun benyen toupre tanp lan. Yo panse konstriksyon sa yo se te otèl pou moun ki t ap vwayaje yo rete e pou yo te benyen anvan yo te antre nan tanp lan. Sou youn nan konstriksyon sa yo, yo te jwenn yon enskripsyon ki fè konnen Teyodòt, yon prèt ki t ap dirije yon sinagòg nan zòn nan “te konstwi sinagòg la pou moun yo te ka li Tora e [...] mete sou sa, li te konstwi otèl, chanm ak kote moun ka vin pran dlo pou etranje ki nan nesesite ki te rete nan vil la”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje