“ Òm an kado ” yo ap pran swen twoupo Bondye a avèk anpresman
1 Jewova sèvi ak Pitit li a pou l ban nou “ òm an kado ” pa mwayen pitit li a. Ala yon bèl dispozisyon sa ye (Efe. 4:8, 11, 12) ! Òm an kado sa yo gen anpil responsablite san konte pran y ap pran swen twoupo Bondye a avèk anpresman (1 Pyè 5:2, 3). Nou tout, nou benefisye dispozisyon sa a ki itil anpil. Mesye sa yo enterese pèsonèlman nan byennèt espirityèl tout moun, kit se moun ki gen pwoblèm, kit se nouvo ki fèk vini nan òganizasyon an, kit se moun ki gen kèk feblès, oswa moun ki sou wout pou kite laverite a. — Fil. 2:4 ; 1 Tes. 5:12-14.
2 Lè evènman k ap simen latwoublay nan monn nan bay moun kè kase, bèje adjwen sa yo vin “ tankou yon kachèt pou bare van, tankou yon refij pou pare tanpèt lapli ”. Lè nou bouke oswa lè nou kraze anba pwoblèm, lè nou santi nou bezwen jwenn rekonfò yo fòtifye nou. Nan sitiyasyon sa yo, yo “ tankou rigòl dlo nan yon tè sèk, tankou lonbray yon wòch masif nan yon tè ki fin depafini ”. — Iza. 32:2.
3 Yo ankouraje inaktif yo : Ansyen yo fè yon efò espesyal pou yo ankouraje moun ki vin iregilye oswa ki vin inaktif. Y ap fè sa ki nesesè pou yo ede moun sa yo retounen patisipe ankò nan tout aktivite kongregasyon an. Vizit pastoral ansyen yo ede anpil moun pou yo asiste reyinyon kongregasyon an regilyèman, e pou yo tounen moun ki solid espirityèlman, e sa fè yo vin rekòmanse patisipe nan predikasyon ankò. Tout efò sa yo ansyen yo ap fè a demontre fason Jewova pran swen nou avèk amou, e sa demontre tou direksyon Jezi Kris ap bay. Li kite yon modèl pou montre nou ki jan li enterese ak nenpòt nan ti mouton li yo ki rive twonpe wout oswa ki rive pèdi. — Mat. 18:12-14 ; Jan 10:16, 27-29.
4 Bèje adjwen yo ap chèche siy ki montre lè yon moun kòmanse ap fè bak espirityèlman. Nenpòt moun ki parèt dekouraje, k ap sote reyinyon oswa k ap bese nan predikasyon, kapab gen nesesite pou l resevwa èd espirityèl sa a. Ansyen yo pap pèdi tan pou yo ede nenpòt moun ki kòmanse demontre li gen tandans suiv monn nan nan fason li abiye, nan fason li penyen, oswa si li kòmanse ap kritike kongregasyon an. Ansyen sa yo gen sousi pou yo ‘ bay menm pwòp nanm pa yo ’ nan efò y ap fè pou yo ede moun yo rekòmanse gen lanmou pou Jewova. Yo enterese nan travay sa a e yo fè l ak tout kè yo. — 1 Tes. 2:8.
5 Gen kretyen ki vwe vi yo pou sèvi Bondye, epi yo rive pèdi kontak avèk kongregasyon an, yo vin inaktif espirityèlman paske yo vin kraze anba pwoblèm sante, anba pwoblèm ekonomik oswa anba presyon fanmi. San ansyen yo pa bezwen gen tandans ap kritike, avèk bonte, yo kapab fè moun sa yo konnen Jewova ap pran swen tout ti mouton li yo e l ap soutni yo lè yo nan pwoblèm (Sòm 55:22 ; 1 Pyè 5:7). Bèje ki veyatif yo kapab ede ti mouton yo pou yo rann yo kont, si yo pwoche bò kote Bondye, Bondye ap pwoche bò kote yo, e y ap ba yo rekonfò k ap soulaje yo. — Jak. 4:8 ; Sòm 23:3, 4.
6 Yo bay moun ki enfim yo valè : Bèje adjwen sa yo demontre yo gen lanmou e yo gen sousi pou moun nou ta ka gen tandans bliye. Ki moun ? Nan chak kongregasyon nou ka jwenn moun swa ki enfim, swa ki nan mezon retrèt, oswa ki gen yon andikap kèlkonk. Nou konprann sa byen, posiblite yo genyen pou yo preche mesaj Wayòm nan limite akòz sikonstans pa yo. Petèt sèl posiblite yo genyen pou yo preche se lè moun vin vizite yo, oswa lè y ap pale avèk lòt malad yo oswa avèk moun k ap pran swen yo. Toutfwa, kèlkeswa sa yo anmezi fè a, se yon kontribisyon ki gen valè nan travay global predikasyon an (Mat. 25:15). Menmsi se sèlman 15 minit yo pase ap bay temwayaj, yo ta dwe make tan sa a, e y ap kontinye konte moun sa yo kòm pwoklamatè Wayòm nan ki regilye.
7 “ Òm an kado ” yo byen okouran bezwen espirityèl frè yo nan epòk Memoryal ane sa a. Ala yon bon moman sa ye, pou ansyen yo fè yon efò espesyal pou yo ede tout moun ki te devye, pou yo rekòmanse jwenn kè kontan ak lapè yo te genyen nan lespri yo lè yo te konn patisipe nan aktivite kongregasyon an kòmsadwa ! Nou kontan lè nou wè moun sa yo, “ paran nou nan lafwa ” sa yo la nan reyinyon kongregasyon an. Nou kontan wè lè yo sòti al preche, lè yo rekòmanse demontre yo gen lafwa nan sakrifis ranson an. — Gal. 6:10 ; Lik 15:4-7 ; Jan 10:11, 14.