BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/02 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Soutit
  • Semèn 11 mas
  • Semèn 18 mas
  • Semèn 25 mas
  • Semèn 1ye avril
Ministè Wayòm nan — 2002
km 3/02 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 11 mas

Kantik 2

13 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou w fè de demonstrasyon. Nan youn y ap prezante La Tour de Garde 15 mas, nan lòt la, y ap prezante Réveillez-vous ! 22 mas. Si nou poko resevwa nimewo sa yo, sèvi ak peryodik nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik sa yo. Nan chak demonstrasyon, montre ki fason nou kapab reponn objeksyon sa a : “ Sa pa enterese m. ” — Gade nan liv Comment raisonner a, paj 16.

12 min : Annou rete net kòm kretyen. Diskou pou yon ansyen ki kalifye fè. Kit se nan lekòl, nan travay oswa nan vwazinaj, moun yo demontre yo gen tandans patriyòt pi plis sèjousi. Anpil moun k ap soutni tandans sa a wè se yon fason pou yo fè fas ak kè kase ak lapenn trajedi nasyonal yo pote. Menm si nou menm tou, sa fè nou mal lè nou wè sa k ap pase nan monn nan, nou konnen sa ki pi enpòtan toujou se kesyon souvrènte inivèsèl la. Anplis, mesaj Wayòm nan ban nou rekonfò. Lè n ap eksplike moun avèk tak poukisa nou pa patisipe nan aktivite nasyonalis k ap fèt yo, li ta bon tou pou nou pataje esperans ak rekonfò nou jwenn nan Pawòl Bondye a avèk yo. Sèvi avèk paj 20-4 bwochi Les Témoins de Jéhovah et l’instruction an nan soutit ki di : “ Le salut au drapeau ” a, pou w eksplike rezon ki fè nou pa patisipe nan seremoni patriyotik yo. Pale de pwen ki pi enpòtan yo, epi ankouraje paran yo pou yo pran san yo pou yo egzamine enfòmasyon sa a ansanm avèk pitit yo. Bay eksperyans nou jwenn nan paj 20 bwochi a ak sa ki nan paj 31 Réveillez-vous ! 8 janvye 1996 la. Ensiste sou nesesite pou nou bay Jewova tout atachman nou etan n ap respekte otorite gouvènman yo.

20 min : “ Se pou nou ‘ rich nan fè bèl zèv ’. ”a Siveyan sèvis la ap fè pati sa a. Ankouraje chak moun pou yo patisipe nan travay predikasyon an anplen, pou yo prepare yo pou yo selebre Memoryal la 28 mas. Fè oditwa a konnen ki jan pou yo byen sèvi ak fich envitasyon yo. Mande kèk pwoklamatè pou yo di nou jan yo te kontan dèske paran yo, vwazen yo, etidyan yo, ak lòt moun ki enterese te asiste Memoryal ane pase a. Mande yo sa yo te fè pou yo ede moun sa yo vini nan Memoryal la. Ankouraje tout moun ki kapab pou yo pran sèvis pyonye oksilyè ann avril e pou yo tou mande yon fich pyonye aprè reyinyon an.

Kantik 82 ak priyè final.

Semèn 18 mas

Kantik 7

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè sijè “ Rapèl pou Memoryal la ”. Ankouraje tout moun pou yo suiv pwogram lekti Labib pou Memoryal la, sòti 23 rive 28 mas, jan sa parèt nan bwochi Examinons les Écritures chaque jour — 2002 a.

15 min : “ Nou kontan dèske nou ini ansanm avèk Jewova ak Pitit Gason li a. ” Diskou pou yon ansyen fè, ki baze sou Bib la e ki pouse moun aji. Ankouraje tout moun pou yo fè anpil efò, depi jodi a rive jis 28 mas, pou yo envite pifò moun vin asiste Memoryal la ansanm avèk nou.

20 min : Èske w tire pwofi nan Annuaire la ? Diskou epi konvèsasyon ak oditwa a. Fè yon ti pale sou pwen enpòtan nan “ Lettre du Collège central, ” nan paj 3-5. Mande moun nan oditwa a pou yo fè konnen ki sa yo te li nan Annuaire la ki ankouraje yo e ki fòtifye yo. Chofe tout moun pou yo li Annuaire la nèt e pou yo sèvi avè l pou ede etidyan Labib yo konnen òganizasyon Jewova a pi byen.

Kantik 45 ak priyè final.

Semèn 25 mas

Kantik 12

14 min : Anons lokal. Fè moun yo konnen li pa twò ta pou yo ranpli yon fich pyonye oksilyè pou mwa d avril. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou w fè de demonstrasyon. Nan youn yon ansyen ap prezante La Tour de Garde 1ye avril, nan lòt la, yon jèn pwoklamatè ap prezante Réveillez-vous ! 8 avril. Si nou poko resevwa nimewo sa yo, sèvi ak peryodik nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik sa yo. Apre chak demonstrasyon, souliyen kèk bon pwen nan demonstrasyon an.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

16 min : Annou sèvi ak liv Comment raisonner a pou nou ankouraje moun. Konvèsasyon avèk oditwa a. Nou tout, nou bezwen bonjan ankourajman detanzantan. Kidonk, nou ta dwe dispoze ‘ pale yon fason pou konsole ’ moun, san wete moun ki dekouraje nou rankontre nan predikasyon (1 Tes. 5:14). Sèvi ak liv Comment raisonner a pou envite moun nan oditwa a di ki vèsè yo konn itilize pou yo ankouraje moun ki anba youn nan pwoblèm yo mansyone nan paj 119-22. Tout moun ta dwe fè efò pou yo ankouraje moun lè sa nesesè. — Gal. 6:10.

Kantik 131 ak priyè final.

Semèn 1ye avril

Kantik 27

7 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa mas la.

18 min : “ ‘ Òm an kado ’ yo ap pran swen twoupo Bondye a avèk anpresman. ” Diskou pou yon ansyen fè. Egzamine vèsè yo. Montre jan vizit pastoral ansyen yo fè pou ede inaktif yo, e pou ankouraje moun ki enfim yo fè sa yo kapab, bay bonjan rezilta. Bèje yo byen kontan wè efò twoupo a ap fè pou l rete aktif nan sèvis Jewova.

20 min : “ Annou chèche gen plis kè kontan nan predikasyon. ”b Lè n ap fè paragraf 5 lan, mande asistans lan bay sijesyon ki itil e k ap pèmèt nou jwenn pi bon rezilta nan teritwa nou. Fè youn ou de demonstrasyon sou fason nou ta ka pran inisyativ pou nou pwoche bò kote yon moun de kwa pou nou ba l yon temwayaj tou kout. Ankouraje tout moun pou yo kreye opòtinite pou yo preche semèn sa a.

Kantik 15 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje