Nou kontan dèske nou ini ansanm avèk Jewova ak Pitit Gason li a
N ap selebre evènman ki pi enpòtan nan ane a nan dat 28 mas
1 Etan n ap selebre Soupe Seyè a 28 mas 2002 apre solèy fin kouche, n ap demontre nou kontan dèske nou ini ansanm avèk Jewova ak Jezi Kris. Nan okazyon espesyal sa a, rès kretyen wen yo pral kontan “ patisipasyon ” espesyal yo genyen avèk lòt eritye Wayòm nan ansanm avèk Papa a avèk Pitit Gason li a (1 Jan 1:3 ; Efe. 1:11, 12). Plizyè milyon “ lòt mouton ” pral medite sou bèl privilèj yo genyen pou yo ini lespri yo ak tout kè yo ansanm avèk Jewova ak Pitit Gason li a nan travay y ap fè pou Bondye a. — Jan 10:16.
2 Annou travay ansanm nan tèt kole : Jewova avèk Jezi te toujou kontan viv ini youn ak lòt. Yo t ap viv nan tèt ansanm depi dikdantan anvan lòm te egziste (Mika 5:2). Donk, te gen yon kokenn kòd afeksyon ki te devlope nan mitan yo toulede. Premye Pitit Gason Bondye a te egziste anvan li te vin viv kòm moun sou tè a. Men sa li te ka di antanke sajès pèsonifye : “ Mwen vin tounen sila a li te renmen anpil la jouranjou, etan mwen te kontan devan l tout tan. ” (Pwo. 8:30). Piske Pitit Gason Bondye a te pase yon pil tan nan bonjan asosyasyon kole sere avèk Sous lanmou an, sa te genyen yon gwo gwo efè sou li ! — 1 Jan 4:8.
3 Jewova te wè nesesite pou limanite jwenn yon delivrans, se sa k fè li te chwazi sèl Pitit li te fè a, ki renmen lèzòm anpil anpil, pou li te bay sakrifis ranson an, ki sèl espwa nou (Pwo. 8:31). Menm jan Jewova ak Pitit Gason li a ini etan y ap reyalize yon objektif yo genyen, se konsa nou menm tou, nou rete ini ansanm avèk yo, e nou rete ini youn ak lòt, nan kòd lanmou solid la, etan n ap fè volonte Bondye ak kè kontan.
4 Annou montre nou konn apresye toutbon : Si nou la nan Memoryal la, si nou rete ap koute avèk atansyon, avèk respè, n ap kapab demontre bonjan apresyasyon nou genyen, ni pou lanmou Jewova, ni pou sakrifis Pitit Gason li a te fè pou nou an. Yo pral pale sou egzanp lanmou Jezi bay, sou fidelite li devan lanmò pandan li t ap bay ranson an pou nou, sou dominasyon li antanke Wa nan Wayòm Bondye tabli a. Yo pral tou pwofite pale sou benediksyon Wayòm nan pral pote pou limanite. Yo pral raple jan nou toujou bezwen kontinye demontre lafwa, pou nou chofe ap travay ann amoni avèk volonte Jewova antanke “ konpayon travay nan laverite ”. — 3 Jan 8 ; Jak 2:17.
5 Annou ede lòt moun pou yo vini tou : Kolèj ansyen yo ta dwe fè yon efò espesyal pou yo ankouraje tout Temwen nan tèritwa a ki inaktif, pou yo vin asiste Memoryal lanmò Kris la (Mat. 18:12, 13). Li bon pou nou fè lis tout moun nou sipoze vizite, yon fason pou nou pa bliye pèsonn, e pou tout moun ka jwenn envitasyon pa yo.
6 Èske nou konnen lòt moun ki ta kapab vini nan Memoryal la ? Fè efò pou nou ede yo apresye evènman sa a. Envite yo ak tout kè nou, e fè yo konnen n ap kontan wè yo vini. Annou fè tout sa nou kapab pou nou envite etidyan Labib yo ak lòt moun ki enterese nan evènman sa a, evènman ki pi enpòtan nan ane a, san nou pa bliye manm fanmi nou ak moun nou konnen. Nenpòt moun ki aprann konnen “ kokenn enpòtans konesans Kris Jezi ” a, ka rive jwenn benediksyon ki genyen nan ranson an. (Fil. 3:8.) Moun ki demontre yo gen lafwa nan sakrifis Kris la kapab vin gen esperans solid nan lavi etènèl la. — Jan 3:16.
7 Pa janm souzestime efè Memoryal la kapab genyen sou moun ki gen bon kè yo. Sa gen 2 an, nan zile Papwazi Nouvèl Gine, te gen 11 moun laverite te enterese, ki te vwayaje nan yon ti bato pandan 17 èdtan, sou move lanmè, pou yo te kapab la nan Memoryal la. Poukisa yo te fè tout efò sa a ? Men sa yo di : “ Nou te vle selebre Memoryal lanmò Kris la, ansanm avèk moun k ap adore Jewova yo. Donk, sa te vo vrèman lapenn pou nou te fè vwayaj la. ” Reflechi sou jan moun ki enterese sa yo te montre yo chofe pou evènman sa a ! Reflechi sou apresyasyon yo te demontre etan yo te kontan pou yo ini ansanm avèk Jewova ak Pitit Gason li a e avèk kominote frè nou yo !
8 Ofri tout moun ki enterese yon etid biblik. Ankouraje yo pou yo asiste tout reyinyon kongregasyon an, e pou yo pataje verite y ap aprann nan ansanm avèk lòt moun. Ede yo pou yo mache nan limyè a e pou yo mete laverite an pratik lè yo mete prensip Bib la bay an pratik nan lavi yo (1 Jan 1:6, 7). Ede yo devlope yon relasyon kole sere ansanm avèk Jewova e pou yo kontinye montre yo apresye gwo privilèj yo genyen dèske yo ini ansanm pou yo fè volonte l.
9 Ala kontan nou kontan bèl privilèj nou genyen pou nou ini youn ak lòt ‘ nan yon sèl espri ak yon sèl nanm, etan n ap lite kòtakòt pou lafwa bon nouvèl la ’ ! (Fil. 1:27, 28.) Annou rete ap tann bonjan asosyasyon nou pral pwofite nan okazyon Memoryal ki pral fèt nan dat 28 mas la, etan nou toujou ap demontre nou gen anpil rekonesans pou Jewova ak pou Pitit Gason li a ! — Lik 22:19.