Annou komemore lanmò Jezi Kris avèk rekonesans
1, 2. Ki rezon nou genyen pou nou komemore lanmò Jezi Kris avèk rekonesans ?
1 Samdi 22 mas 2008, kretyen ki tout kote sou tè a pral reyini apre solèy la fin kouche pou yo komemore lanmò Jezi Kris, konsa yo obeyi kòmandman Jezi te ba yo a (Lik 22:19 ; 1 Kor. 11:23-26). Nou santi nou pouse pou nou obeyi kòmandman sa a paske nou gen anpil rekonesans pou sa ki te akonpli nan dat sa a, sa gen 1 975 an. Jezi te kenbe entegrite l jiska lafen, malgre li te oblije mouri yon fason atwòs sou yon poto soufrans, konsa li te sangtifye non Papa l e li te bay Satan pi bon repons ki ta ka genyen pou pwovokasyon l lan. — Jòb 1:11 ; Pwo. 27:11.
2 San Jezi ki te koule a te rann nouvèl alyans lan posib. Sa te pèmèt Bondye adopte yon seri imen enpafè kòm pitit li, e moun sa yo gen posiblite pou yo dirije Wayòm selès la ansanm ak Kris (Jer. 31:31-34 ; Mak 14:24). Anplis de sa, lefètke Bondye te bay Pitit li renmen anpil la kòm sakrifis, sa fè pwofondè lanmou li gen pou limanite a parèt aklè, jan Jezi te esplike Nikodèm sa. — Jan 3:16.
3. Ki pwofi moun ki asiste Memoryal la ap jwenn ?
3 Envite lòt moun : Ministè Wayòm janvye a te sijere nou pou nou fè lis moun nou ta renmen envite yo, e pou nou envite chak moun sa yo pèsonèlman. Èske ou menm ou kòmanse envite moun ou te mete nan lis pa w la ? Èske w fè aranjman pou w patisipe omaksimòm nan kanpay k ap kòmanse 1ye mas la, kanpay y ap fè pou envite moun nan Memoryal la ? Moun k ap vin asiste Memoryal la pral tande enfòmasyon ki soti nan Bib la, enfòmasyon ki ka fè yo vin gen lafwa nan ranson an, yon lafwa k ap pèmèt yo jwenn lavi etènèl. — Wom. 10:17.
4. Poukisa nou ta dwe rive nan Memoryal la byen bonè ?
4 Tout moun ki kapab ta dwe fè efò pou yo rive byen bonè dekwa pou yo ka akeyi moun ki te aksepte envitasyon espesyal la. Lefètke jeneralman gen anpil moun ki vin asiste Memoryal la, n ap bezwen prete bonjan atansyon pou nou ka wè moun ki vini premye fwa ak moun ki konn asiste reyinyon detanzantan.
5. Ki jan nou ka prepare kè nou pou Memoryal la ?
5 Prepare kè nou : Nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2008 la ak nan Calendrier 2008 la, gen yon pwogram lekti Labib yo prevwa espesyalman pou epòk Memoryal la. Pwogram sa a ap kòmanse nan dat 17 mas. Si nou egzamine evènman enpòtan ki te rive nan lavi Jezi pandan dènye jou li te pase sou tè a, sa ap ede nou prepare kè nou pou nou selebre Memoryal la (Ezra 7:10). Si nou medite sou evènman sa yo e si nou lapriyè, sa ap ogmante rekonesans nou ni pou lanmou Jewova gen pou nou ni pou lanmou Pitit li a gen pou nou, lanmou ki te pouse Jewova bay ranson an. — Sòm 143:5.
6. Ki byenfè n ap jwenn si nou fè efò pou nou demontre rekonesans nou pou ranson an ?
6 Pandan Memoryal la ap pwoche, nou swete pou nou byen prepare nou e pou nou ede lòt moun prepare yo pou evènman enpòtan sa a. Lè nou komemore lanmò Jezi Kris avèk rekonesans, sa ap ranfòse relasyon nou ni ak Jewova ni ak Pitit li a (2 Kor. 5:14, 15). Sa ap ede nou tou pou nou imite yo lè nou demontre lòt moun nou renmen yo e nou dispoze fè sakrifis pou yo. — 1 Jan 4:11.