Annou montre nou rekonesan
Ane sa a n ap selebre Memoryal la 17 avril
1. Menm jan ak salmis la, ki santiman nou dwe genyen ki apwopriye sitou nan epòk Memoryal la?
1 Men kesyon yon salmis te poze tèt li: “Ki sa m ap bay Jewova pou tout byen li fè pou mwen?” (Sòm 116:12). Sa k te pouse salmis lan poze kesyon sa a, se bèl aksyon Jewova fè ki montre mizèrikòd li gen lakay li ak jan l konn delivre moun. Jodi a, sèvitè Bondye yo gen plis rezon toujou pou yo montre yo rekonesan. Plizyè syèk apre Jewova te fin enspire salmis lan pou l ekri pawòl sa yo, Jewova te bay limanite pi gwo kado ki egziste a, sètadi ranson an. Toutpandan n ap prepare nou pou n komemore lanmò Kris 17 avril la, nou gen bonjan rezon pou nou montre nou rekonesan pou kokenn kado sa a. — Kol. 3:15.
2. Site kèk rezon ki fè nou dwe rekonesan anvè Bondye pou ranson an.
2 Benediksyon nou jwenn: Grasa ranson an, nou gen posiblite pou “nou jwenn padon pou peche nou”. (Kol. 1:13, 14.) Sa pèmèt nou sèvi Jewova ak yon konsyans ki pwòp (Ebre 9:13, 14). Nou ka pwoche kote Jewova nan lapriyè san nou pa pè pale avè l (Ebre 4:14-16). Moun ki gen lafwa nan ranson an gen bèl espwa pou yo jwenn lavi etènèl. — Jan 3:16.
3. Site kèk fason nou ka montre rekonesans nou anvè Jewova pou ranson an.
3 Montre nou rekonesan: Youn nan fason nou ka montre yon pwofon rekonesans anvè Bondye pou ranson an, se lè nou fè lekti Labib yo prevwa pou peryòd Memoryal la epi nou medite sou sa nou li a. Nan Toudegad 1ye fevriye 2011 (fransè), gen yon atik yo prepare pou ede nou fè sa. Men tit atik la: “Êtes-vous prêt pour le jour le plus important de l’année?” Mete sou sa, nou ka priye Jewova pou nou di l jan ranson an gen anpil enpòtans pou nou (1 Tes. 5:17, 18). Lè nou asiste Memoryal la nou obeyi kòmandman Jezi te bay la e konsa nou montre nou se moun ki rekonesan (1 Kor. 11:24, 25). Anplis de sa, n ap fè tout efò nou pou n envite plis moun posib vin asiste Memoryal la avè nou, konsa n ap imite egzanp Jewova nan fason li etann lanmou l genyen. — Iza. 55:1-3.
4. Ki detèminasyon nou dwe genyen?
4 Sèvitè Jewova yo, ki rekonesan, pa konsidere selebrasyon Memoryal la kòm yon reyinyon tankou tout lòt reyinyon. Pou yo se reyinyon ki pi enpòtan nan ane a! Toutpandan jou Memoryal la ap pwoche, nou swete pou nou gen menm detèminasyon ak salmis lan ki te ekri pawòl sa a: “M ap beni Jewova, e m pap bliye tout aksyon l yo.” — Sòm 103:2.