Montre rekonesans nou pou pi gwo kado Bondye ban nou an
1. Poukisa sitou nou rekonesan anvè Jewova?
1 Pami tout “bèl don” Jewova ban nou, se ranson Pitit li renmen anpil la te bay la ki pi gwo ladan yo (Jak 1:17). Grasa ranson an, li vin posib pou nou jwenn anpil benediksyon, e pami benediksyon sa yo gen padon nou jwenn pou peche nou (Efe. 1:7). Nou toujou rekonesan anvè Jewova pou sa. Pandan epòk Memoryal la, nou bezwen pran tan sitou pou nou medite sou kado presye sa a.
2. Ki sa nou ka fè pou nou ede ni nou menm ni fanmi nou vin pi rekonesan?
2 Ogmante rekonesans nou: Memoryal la ap fèt 30 mas, kèk semèn anvan Memoryal la, èske w pa ta ka pran yon pati nan tan w rezève pou adorasyon familyal la pou w egzamine kèk enfòmasyon sou ranson an? Anplis de sa, chak jou ansanm ak fanmi nou, fè lekti Labib espesyal yo prevwa pou epòk Memoryal la. Pèsonèlman, reflechi sou fason ranson an pwofitab pou ou epi reflechi sou fason li enfliyanse pwennvi w genyen sou Jewova, sou tèt ou, sou lòt moun e sou lavni. Mete sou sa, ou ka twouve li itil pou w aprann de nouvo kantik yo pral chante nan Memoryal la, se nimewo 8 ak nimewo 109. —Sòm 77:12.
3. Ki bagay nou ka fè pou nou montre rekonesans nou?
3 Kèk bagay nou ka fè pou nou montre nou rekonesan: Si nou rekonesan anvè Jewova pou ranson an, sa ap pouse nou pale de Jewova ak lòt moun e sa ap pouse nou esplike yo jan Jewova demontre yon kokenn lanmou lè li te voye Pitit li a vin mouri pou nou (Sòm 145:2-7). Pou kèk fanmi montre rekonesans yo, pandan mwa mas, avril ak me, yo pran dispozisyon pou gen omwen yon moun nan fanmi an ki pran sèvis pyonye oksilyè. Si sa pa posib, èske w pa ta ka ‘rachte tan’ sou lòt aktivite pou w ogmante patisipasyon w nan ministè a (Efe. 5:16)? Anplis de sa, si nou gen rekonesans, sa ap pouse nou ede lòt moun pou yo vin asiste Memoryal la avèk nou (Rev. 22:17). Kòmanse fè lis non moun nou ta renmen envite. Ladan l n ap mete non moun nou vizite yo, non etidyan nou yo, non fanmi nou, kòlèg travay nou ak vwazen nou, epi apre sa, patisipe otan nou kapab nan kanpay espesyal y ap fè pou nou envite moun nan Memoryal la.
4. Nan ki sans nou ka itilize peryòd Memoryal la avèk sajès?
4 Epòk Memoryal la ban nou yon lòt okazyon pou nou montre Jewova nan ki pwen nou rekonesan anvè l pou kado sa a li bay limanite a. Nou swete pou nou itilize peryòd sa a pou nou ogmante rekonesans nou anvè Jewova ni pou ranson an ni pou tout ‘richès Kris la’, yon richès “moun pap janm fin konprann”. —Efe. 3:8.