BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/14 p. 2
  • Èske w ap kite bèl okazyon sa a pase?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w ap kite bèl okazyon sa a pase?
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Montre rekonesans nou pou pi gwo kado Bondye ban nou an
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Annou montre nou rekonesan
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • “Kontinye fè sa”
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • “Lanmou Kris la genyen an oblije nou fè sa”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 3/14 p. 2

Èske w ap kite bèl okazyon sa a pase?

Epòk Memoryal la ban nou posiblite pou n montre nou rekonesan

1. Ki bèl okazyon nou genyen pandan epòk Memoryal la?

1 Memoryal ki pral fèt 14 avril la ap ban nou yon bèl okazyon pou n vin gen plis rekonesans pou bonte Jewova e pou n demontre rekonesans sa a. Istwa ki nan Lik 17:11-18 la ede n konprann jan Jewova ak Jezi bay moun ki demontre rekonesans yo anpil valè. Malerezman, se sèlman youn nan 10 moun ki te gen lèp yo ki pa t kite okazyon l te jwenn pou l di mèsi a pase. Alavni, ranson an, ki se yon kado Bondye bay, pral retire tout kalite maladi, sa ki pral fè n viv pou toutan. Se sèten, lè sa a, nou pap janm pase yon jou pou n pa di Jewova mèsi pou tout benediksyon sa yo. Nan semèn k ap vini yo, kòman n ap ka demontre rekonesans nou?

2. Ki sa k ka ede n vin gen plis rekonesans pou ranson an?

2 Gen plis rekonesans: An jeneral, nou santi n gen rekonesans pou yon moun lè n pran tan pou n reflechi sou sa l fè pou nou. Pou ede nou vin gen plis rekonesans pou ranson an, n ap jwenn yon pwogram espesyal pou n fè lekti Labib pou epòk Memoryal la plizyè kote, tankou nan apendis 12 ki nan Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo, nan Calendrier des Témoins de Jéhovah yo ak nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a. Poukisa n pa egzamine enfòmasyon sa yo ansanm an fanmi? Lè nou fè sa, n ap vin gen plis rekonesans pou ranson an. Konsa, sa ap pouse n fè pi plis nan sèvis n ap bay Jewova a. — 2 Kor. 5:14, 15; 1 Jan 4:11.

3. Ki jan nou kapab montre nou gen rekonesans pandan epòk Memoryal la?

3 Demontre rekonesans: Se aksyon yon moun fè ki montre si l gen rekonesans (Kol. 3:15). Mesye ki te gen lèp la te fè anpil efò pou l t al chèche Jezi pou l ka di l mèsi. Pa gen dout nan sa, mesye sa a dwe te kontan pale ak lòt moun sou mirak Jezi te fè pou l geri l la (Lik 6:45). Èske rekonesans nou genyen pou ranson an ap pouse n patisipe avèk zèl nan kanpay nou pral fè pou n envite moun yo vin nan Memoryal la? Lè nou pran sèvis pyonye oksilyè oswa nou chèche fè plis nan travay predikasyon an pandan epòk Memoryal la, se ap yon lòt bèl fason pou n montre nou rekonesan. Nan sware Memoryal la, si n gen yon kè ki rekonesan, sa ap pouse n byen akeyi moun k ap vin nan Memoryal la, epi, sa ap pouse n met tèt nou disponib pou n reponn kesyon y ap poze yo.

4. Ki jan nou ka fè pou n pase epòk Memoryal la san nou pa regrèt anyen?

4 Èske Memoryal sa a se ap dènye Memoryal n ap asiste (1 Kor. 11:26)? Nou pa konnen. Men, sa n konnen sèke yonfwa epòk Memoryal la fin pase, se yon bèl okazyon pou n demontre rekonesans nou ki pase tou. Èske w ap kite l pase san w pa fè anyen? Nou swete pou Jewova, Sila a ki ban nou ranson an, pran plezi nan pawòl k ap sot nan bouch nou ansanm ak refleksyon n ap fè nan kè nou ki montre nou apresye sa l fè pou nou an. — Sòm 19:14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje