“Kontinye fè sa”
Ane sa a n ap selebre Memoryal la 5 avril
1. Poukisa selebrasyon Memoryal la enpòtan?
1 “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” (Lik 22:19). Se pawòl sa a Jezi te itilize pou l te bay disip li yo lòd pou yo komemore lanmò l, ki te yon sakrifis. Lè nou wè tout sa ki vin posib grasa ranson an, nou rann nou kont pa gen okenn evènman moun selebre ki pi enpòtan oubyen ki gen plis valè pou kretyen yo pase Memoryal lanmò Kris, yon evènman nou komemore chak ane. Etandone dat Memoryal la ki se 5 avril ap pwoche, ki sa nou ka fè pou nou montre rekonesans nou anvè Jewova? — Kol. 3:15.
2. Ki jan nou ka montre apresyasyon nou pou Memoryal la lè nou etidye e lè nou medite?
2 Prepare nou: An jeneral nou prepare pou bagay nou konsidere ki enpòtan. Nou ka prepare kè nou pou Memoryal la lè nou etidye evènman ki te pase pandan dènye jou Jezi te viv sou tè a e nou ka medite sou yo an fanmi (Ezra 7:10). N ap jwenn yon lis ki bay kèk vèsè nan kalandriye a ak nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a. Nan Toudegad 1ye fevriye 2011 (fransè) nan paj 23-24, n ap jwenn yon lis ki pi konplè ki gen vèsè ak chapit ki koresponn ak vèsè sa yo nan liv Moun ki pi enpòtan an.
3. Ki jan nou ka montre apresyasyon nou pou Memoryal la lè nou ogmante patisipasyon nou nan predikasyon?
3 Preche moun yo: Yon lòt fason nou ka montre apresyasyon nou se lè nou patisipe otank posib nan travay predikasyon an (Lik 6:45). Apati samdi 17 mas, nou pral kòmanse yon kanpay toupatou sou tè a kote nou pral envite moun yo vin asiste Memoryal la. Èske w ka fè kèk chanjman nan pwogram ou dekwa pou w pase plis tan nan travay predikasyon an, petèt ou ka pran sèvis pyonye oksilyè? Poukisa w pa pale sou sa pandan pwochen adorasyon an fanmi an?
4. Ki byenfè nou jwenn lè nou asiste Memoryal la?
4 Se pa ti byenfè nou jwenn lè nou asiste Memoryal la chak ane! Lajwa nou genyen ak lanmou nou pou Bondye ogmante lè nou reflechi sou jenewozite Jewova genyen lefètke li te bay sèl Pitit li te fè a kòm ranson (Jan 3:16; 1 Jan 4:9, 10). Sa pouse nou pou nou pa viv pou tèt nou ankò (2 Kor. 5:14, 15). Anplis de sa, sa fè nou pi anvi louwe Jewova piblikman (Sòm 102:19-21). Wi, se ak kè kontan sèvitè Jewova yo, ki rekonesan, ap tann okazyon yo pral genyen pou yo selebre Memoryal la 5 avril kote yo pral ‘anonse lanmò Seyè a’. — 1 Kor. 11:26.