BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/13 p. 1
  • Prepare Memoryal la ak kè kontan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Prepare Memoryal la ak kè kontan
  • Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sou menm sijè a
  • “Kontinye fè sa”
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • “ Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m ”
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Rezon ki fè n selebre soupe Seyè a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Èske w ap prepare pou Memoryal la?
    Ministè Wayòm nan — 2015
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2013
km 3/13 p. 1

Prepare Memoryal la ak kè kontan

1. Epòk Memoryal la se yon moman espesyal pou n fè ki sa?

1 Memoryal la n ap selebre madi 26 mas la ban nou yon okazyon trèzenpòtan pou n kontan pou sa Bondye fè pou l delivre nou (Iza. 61:10). Menm anvan Memoryal la rive, si nou gen lajwa sa ap ede nou pou nou byen prepare. Kòman nou ka fè sa?

2. Ki sa k pouse nou fè preparasyon pou n selebre Memoryal la?

2 Prepare pou n selebre l: Soupe Seyè a se yon evènman ki gen anpil enpòtans, men ki tou senp. Sa mande pou n planifye tout bagay alavans yon fason pou n pa bliye bagay ki enpòtan yo (Pwo. 21:5). Yo dwe chèche pen ak diven ki apwopriye. Lokal la dwe byen netwaye e li dwe pare atan. Frè yo chwazi pou fè diskou a dwe byen prepare. Yo dwe byen òganize ni moun ki pral pase anblèm yo ni plasè yo. Pa gen dout, yo deja fè anpil nan preparasyon sa yo. Lefètke nou rekonesan pou kapasite ranson an genyen pou l delivre nou, sa pouse nou byen prepare evènman sakre sa a. — 1 Pyè 1:8, 9.

3. Ki sa nou ka fè pou n prepare kè nou pou n selebre soupe Seyè a?

3 Prepare kè nou: Pou n konprann tout sans Memoryal la genyen, li enpòtan tou pou n prepare kè nou (Ezra 7:10). Pou n rive fè sa, nou dwe rezève tan pou n egzamine lekti biblik espesyal yo prevwa pou epòk Memoryal la. E apre sa, reflechi sou lavi Jezi pandan dènye jou li te pase sou tè a. Lè nou medite sou espri sakrifis Jezi te genyen an sa ap pouse nou imite l. — Gal. 2:20.

4. Ki byenfè nou jwenn grasa ranson an ki ban nou plis jwa?

4 Lanmò Kris la jistifye dwa Jewova genyen antanke Souvren linivè a. Grasa sakrifis Jezi a nou pral delivre anba peche ak lanmò (1 Jan 2:2). Lanmò Kris la ouvri wout pou n vin gen relasyon pezib ak Bondye e pou n jwenn lavi ki pap janm fini an (Kol. 1:21, 22). Sa ede nou ranfòse detèminasyon nou pran pou n viv ann amoni ak ve nou te fè Jewova a e pou nou kenbe djanm antanke disip Kris (Mat. 16:24). Nou swete pou jwa nou ogmante, toutpandan n ap prepare nou pou n asiste Memoryal la k ap pwoche.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje