Èske w ap prepare pou Memoryal la?
Jou ki te 13 Nizan ane 33 epòk nou an, Jezi te konnen li te ret yon sèl nuit pou l pase ak zanmi ki pwòch li yo anvan yo egzekite l. Li t apral selebre dènye fèt Pak la avèk yo, apre sa, li t ap etabli yon nouvo selebrasyon ki se Soupe Seyè a. Se sèten, yon evènman konsa te mande pou yo fè bonjan preparasyon. Se sa k fè, li te voye Pyè ak Jan al fè kèk preparasyon pou tout bagay te ka pare (Lik 22:7-13). Depi lè sa a, chak ane, li nesesè pou kretyen ki vle selebre Memoryal la prepare evènman sa a (Lik 22:19). Ki bagay enpòtan konsa nou dwe fè pou n prepare pou Memoryal nou pral genyen 3 avril la?
Preparasyon pou pwoklamatè yo fè:
Pran dispozisyon pou nou byen patisipe nan kanpay envitasyon pou Memoryal la.
Fè yon lis etidyan Labib, fanmi, kamarad lekòl, kòlèg ak lòt moun nou konnen epi envite yo.
Fè lekti Labib yo bay pou Memoryal la epi medite sou li.
Vini nan Memoryal la tou dispoze pou n resevwa vizitè yo.