BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/10 p. 3
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Kontinye pwogrese
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fason pou nou sèvi ak anrejistreman odyo yo
    Ministè Wayòm nan — 2015
Ministè Wayòm nan — 2010
km 4/10 p. 3

Repons kesyon w yo

◼ Èske li apwopriye pou yon Temwen Jewova distribye diskou li anrejistre oswa li kopye motamo?

Nou jwenn fòs ak ankourajman nan diskou biblik yo (Travay 15:32). Pakonsekan, li natirèl pou nou vle pataje enfòmasyon ankourajan sa yo ak moun ki pa t la nan reyinyon yo. Grasa divès aparèy ki fèt pou fè anrejistreman, nou ka anrejistre yon diskou epi distribye l bay lòt moun trè fasilman. Gen moun ki koleksyone yon seri diskou ki anrejistre, san wete diskou ki te bay sa gen trè lontan, e bon mobil moun sa yo genyen pouse yo prete zanmi yo anrejistreman diskou sa yo, oswa yo repwodui yo pou yo. Gen lòt moun ki kreye sit wèb e yo mete diskou yo sou sit sa yo pou moun ka pran yo sou Entènèt.

Natirèlman, pa gen pwoblèm si nou anrejistre diskou pou itilizasyon pèsonèl nou, oswa pou manm fanmi nou. Anplis de sa, ansyen yo ka pran dispozisyon pou frè yo anrejistre diskou yo pou moun ki malad nan kongregasyon an e ki pa ka vin asiste reyinyon yo. Sepandan, gen bonjan rezon pou nou pa distribye diskou nou anrejistre oubyen nou kopye motamo.

Piske souvan se anrapò ak bezwen kongregasyon an yo bay yon diskou, fasilman nou ta ka mal konprann pwen yo abòde nan yon diskou ki anrejistre, etandone nou pa konnen nan ki sikonstans yo te bay diskou sa a. Anplis de sa, li t ap difisil pou nou verifye kiyès ki te bay diskou a e ki lè yo te bay li, dekwa pou nou ka sèten enfòmasyon ki nan diskou a ajou e li egzak (Lik 1:1-4). Yon lòt bò, lè nou distribye diskou yo kopye motamo oswa yo anrejistre, sa ka tante kèk frè pou yo bay lòt moun twòp onè ak twòp konsiderasyon, konsa tou sa ka tante kèk frè pou yo aksepte twòp onè ak twòp konsiderasyon nan men lòt moun. —1 Kor. 3:5-7.

Esklav fidèl ki prevwayan an ap travay di pou yo bay manje espirityèl nan yon “mezi” ki egzak ak “nan moman apwopriye a”. (Lik 12:42.) Travay sa a gen ladan l dispozisyon yo pran pou prepare diskou oratè yo bay nan kongregasyon Temwen Jewova yo ak anrejistreman odyo moun ka kopye sou sit wèb jw.org la, ki se sit Entènèt ofisyèl Temwen Jewova yo. Nou dwe gen asirans esklav fidèl ki prevwayan an ansanm ak Kolèj santral la ap ban nou sa nou bezwen dekwa pou nou rete fèm nan lafwa. —Travay 16:4, 5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje