BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/13 p. 3
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2013
Ministè Wayòm nan — 2013
km 2/13 p. 3

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 25 fevriye 2013, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Yo tou bay dat yo egzamine chak sijè dekwa pou nou ka fè rechèch sou yo lè n ap prepare Lekòl la chak semèn.

1. Poukisa Jezi te di “moun ki nan lapenn” yo t ap gen kè kontan? (Mat. 5:4) [7 jan., w09 15/2 p. 6 § 6]

2. Nan priyè modèl Jezi te anseye disip li yo, ki sa li te vle di lè l te deklare: “Pa kite nou tonbe anba tantasyon”? (Mat. 6:13) [7 jan., w04 1/2 p. 26 § 13]

3. Poukisa Jezi te di disip li yo pap gentan fin preche nan tout vil yo “anvan Pitit lòm nan vini”? (Mat. 10:23) [14 jan., w10 15/9 p. 10 § 12; w87-F 1/8 p. 8 § 6]

4. Site de bagay egzanp Jezi te bay sou grenn moutad la mete aksan. (Mat. 13:31, 32) [21 jan., w08 15/7 p. 17-18 § 3-8]

5. Ki leson Jezi te vle anseye disip li yo lè l te di: “Si nou pa chanje pou nou vin tankou timoun piti, nou pa gendwa antre nan wayòm syèl la”? (Mat. 18:3) [28 jan., w07-F 1/2 p. 9-10 § 3-4]

6. Lè Jezi te di gran prèt la “se ou menm ki di l”, ki sans pawòl sa yo genyen? (Mat. 26:63, 64) [11 fev., w11-F 1/6 p. 18]

7. Poukisa yo rele Jezi “Seyè ata saba”? (Mak 2:28) [18 fev., w08 15/2 p. 28 § 7]

8. Sa k fè Jezi te reponn jan l te reponn nan lè l t ap pale de manman l ansanm ak frè l yo, e ki leson nou aprann nan sa? (Mak 3:31-35) [18 fev., w08 15/2 p. 29 § 5]

9. Jan sa parèt nan Mak 8:22-25, petèt, poukisa se an de etap Jezi te fè mesye ki te avèg la vin wè e ki sa nou aprann nan istwa sa a? [25 fev., w00-F 15/2 p. 17 § 7]

10. Ki sa nou aprann nan fason Jezi te reyaji lè Pyè te reprimande l nan istwa nou jwenn nan Mak 8:32-34 la? [25 fev., w08 15/2 p. 29 § 6]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje