BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp23 no 1 p. 10-11
  • 3 | Byenfè nou jwenn nan egzanp moun ki nan Bib la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 3 | Byenfè nou jwenn nan egzanp moun ki nan Bib la
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa sa vle di
  • Fason sa ka ede
  • 2 | “Konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
  • 4 | Konsèy pratik Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
  • Ki jan m ka kontwole santiman m?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • 1 | Lapriyè — “Lage tout tètchaje nou genyen sou li”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2023
wp23 no 1 p. 10-11
Pwofèt Moyiz ki dekouraje k ap gade syèl la e k ap priye Bondye.

3 | Byenfè nou jwenn nan egzanp moun ki nan Bib la

BIB LA DEKRI... Yon seri gason ak fi fidèl ki te santi yo “menm jan avèk nou”. — JAK 5:17.

Sa sa vle di

Bib la chaje ak istwa gason ak fi fidèl ki te egziste toutbon ki te fè yon seri eksperyans kote yo te gen divès kalite santiman ki t ap travèse yo. Pandan n ap li eksperyans yo, nou ka jwenn kèk moun nan Bib la ki sanble avèk nou.

Fason sa ka ede

Nou tout bezwen yo konprann nou. Men, sa sitou nesesè lè n ap debat ak sante mantal nou. Lè nou li istwa lavi moun nan Bib la ki te egziste toutbon, nou ka wè nou sanble ak yo e nou konprann panse ak santiman yo te genyen. Kòm rezilta, n ap vin konprann nou pa poukò nou nan pwoblèm nou yo e n ap santi nou mwens izole lè n ap fè fas ak enkyetid ansanm ak santiman ki twouble nou yo.

  • Bib la gen anpil pawòl moun ki te santi yo pa itil anyen e ki te dezespere. Èske w te janm rive nan yon pwen kote w di: ‘M santi m pa kapab ankò?’ Moyiz te santi l konsa, Eli ak David te santi yo konsa tou. — Nonb 11:14; 1 Wa 19:4; Sòm 55:4.

  • Bib la pale nou de yon dam ki te rele Ana ki te santi l “tris anpil” paske li pa t ka fè pitit e lòt madanm mari l la t ap plede nui l. — 1 Samyèl 1:6, 10.

  • Bib la pale de yon mesye ki te rele Jòb nou ka santi nou menm jan avè l. Byenke li te yon moun ki te gen lafwa, li te santi l kraze nèt, rive yon lè li te di: “Mwen rayi lavi m, mwen pa vle kontinye viv.” — Jòb 7:16.

Lè nou aprann fason pèsonaj biblik sa yo te reyisi jere panse negatif yo te toujou genyen yo, nou menm tou nou ka jwenn fòs nou bezwen pou n fè fas ak kalamite nou yo.

Fason Bib la ede Kevin

Fason twoub mantal ki fè tanperaman moun chanje tanzantan an afekte m

Kevin k ap bwè yon ti kafe ak de zanmi.

“Lè m te nan fen karantèn mwen, yo te fè m konnen mwen soufri yon twoub mantal ki fè tanperaman m ap chanje tanzantan. Gen moman kote m santi m ka jere kèlkeswa sitiyasyon nan lavi a. Men, gendelè m santi m pa merite viv.”

Fason Bib la ede m

“Yon pèsonaj nan Bib la mwen santi m menm jan avèk li se apot Pyè. Li te fè erè ki te fè l santi l pa vo anyen. Men, olye Pyè te kontinye panse konsa, li te fè zanmi ak moun ki gen sousi pou li. Lè m ap pase yon move moman akoz twoub mantal mwen an, pwòp enpèfeksyon m yo ka anvayi m e fè m santi m pa vo anyen. Menm jan ak pyè, m te aprann pou m rete pwòch zanmi m yo ki vle ede m avanse nan lavi a.

“Yon lòt pèsonaj nan Bib la ki vrèman rekonfòte m, se wa David. Souvan, li te santi l deprime akoz sitiyasyon l e li te regrèt erè l te fè yo. Mwen santi m menm jan avè l paske pafwa mwen fè oswa mwen di bagay mwen regrèt annapre. M remake pawòl David te di nan Sòm 51 yo rekonfòtan. Nan vèsè 3 a David di: ‘Mwen byen konnen sa m te fè ki mal yo, e se toutan peche m nan devan m.’ Sa vrèman dekri fason m santi m nan moman ki pi mal yo, paske sa ka difisil pou m panse yon fason ki pozitif sou tèt mwen. Epitou, m santi m menm jan ak David dapre sa l di nan vèsè 10 la: ‘Fè kè m vin pwòp, o Bondye. Ban m yon lòt espri, yon espri k ap fè m fidèl.’ Mwen fè Jewova menm demann nan pou l ede m santi m yon fason ki diferan konsènan tèt mwen. Pou fini, vèsè 17 la rekonfòte m. Li di: ‘O Bondye, ou pap rejte yon kè k ap fann.’ Vèsè sa a ban m asirans Bondye renmen m.

“Lè m konsantre sou egzanp ki nan Bib la ak sa Jewova ban m kounye a, sa ranfòse lespwa m pou lavni. Pwomès Bib la fè yo vin yon reyalite pou mwen e yo vrèman ede m kontinye avanse.”

Pou w jwenn plis èd:

Li atik “Vivre avec des troubles de l’humeur”, ki te parèt nan Reveye n! 8 janvye 2004, sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje