4 | Konsèy pratik Bib la bay
BIB LA DI: “Tout sa ki nan Ekriti yo [...] itil.” — 2 TIMOTE 3:16.
Sa sa vle di
Se vre Bib la pa yon liv medikal, men li bay konsèy pratik e ki bay anpil byenfè. Konsèy li yo ka ede yon moun k ap goumen ak pwoblèm sante mantal. Ann konsidere kèk egzanp.
Fason sa ka ede
“Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” — MATYE 9:12.
Bib la fè konnen nou ka bezwen chèche èd medikal. Anpil moun te jwenn soulajman lè yo aprann sa yo kapab anrapò ak maladi mantal yo genyen yo, pa mwayen sous yo ka fè konfyans e lè yo jwenn èd nan men yon pwofesyonèl.
“Fè espò pou kenbe kò nou anfòm.” — 1 TIMOTE 4:8, Bib la.
Lè nou envesti tan ak enèji nan abitid ki bon pou sante nou sa ka amelyore sante mantal nou. Pami abitid sa yo, gen fè egzèsis regilyèman, suiv yon rejim ki bon pou sante nou, epi dòmi ase.
“Kè kontan se bon remèd, men, lè yon moun dekouraje nèt, sa fè l pèdi fòs.” — PWOVÈB 17:22.
Lè nou li pasaj ki nan Bib la e nou fikse objektif ki rezonab ak objektif nou ka atenn, sa ka ede nou gen kè kontan. Lè nou gen yon atitid pozitif e nou toujou gen espwa sa ka ede n rete ekilibre nan domèn emosyonèl pandan n ap fè fas ak pwoblèm sante mantal yo.
“Se moun ki konn limit yo ki gen sajès.” — PWOVÈB 11:2.
Ou ka remake ou pa ka fè tout sa w ta renmen fè poukò w, kidonk, santi w alèz pou w aksepte lòt moun ede w. Zanmi w ak fanmi w ta byen renmen ede w, men yo ka pa konnen ki sa pou yo fè. Fè yo konnen egzakteman ki sa yo ka fè pou yo ede w. Se pou w rezonab nan sa w ap atann, epi toujou rekonesan pou èd ou resevwa.
Fason konsèy pratik ki nan Bib la ede moun k ap soufri yo
“M te santi gen yon bagay ki pa t kòrèk nan mwen, kidonk, m t al konsilte yon doktè. Li te ede m konprann sitiyasyon m nan. Sa te ede m aksepte reyalite a e m te aprann diferan opsyon medikal ki disponib pou ede m pi byen pran swen sante m.” — Nicole,a ki soufri twoub ki fè tanperaman moun chanje tanzantan an.
“M te remake lè m li Bib la regilyèman ansanm ak madanm mwen sa ede m kòmanse chak jounen avèk panse ki pozitif, e ki ban m fòs. E souvan, nan jou kote m ap goumen pou m kenbe yo, yon vèsè an patikilye konn touche kè m.” — Peter, ki soufri depresyon.
“Li te difisil pou m pale ak lòt moun konsènan pwoblèm mwen an paske m te wont anpil. Men, yon zanmi pwòch te vrèman montre l konprann mwen e l te mete l nan plas mwen. Li te vrèman ede m santi m pi byen e pou m santi mwen pa poukò m.” — Ji-yoo, k ap goumen ak yon twoub ki afekte fason moun manje.
“Bib la te ede m pou m ekilibre e pou m rezonab anrapò ak travay ak repo. Sajès ki gen ladan l te ede m jere pwoblèm emosyonèl ki t ap trakase m yo.” — Timothy, k ap goumen ak enkyetid ak panse nuizib ki bay tètchaje.
a Gen kèk non yo chanje.