BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp24 no 1 p. 4-5
  • Byen ak mal: Sa k gide anpil moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Byen ak mal: Sa k gide anpil moun
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2024
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FASON NOU SANTI NOU
  • FASON LÒT MOUN SANTI YO
  • ÈSKE GEN YON PI BON FASON POU N PRAN BON DESIZYON?
  • Byen ak mal: Yon kesyon ki konsène nou tout
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2024
  • Entwodiksyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2024
  • Aprann pitit ou konprann byen ak mal
    Reveye n! — 2019
  • Se pou n gen yon konsyans ki klè devan Bondye
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2024
wp24 no 1 p. 4-5
Jèn gason ki nan foto ki nan atik anvan an k ap sèvi ak yon bousòl pandan l ap monte mòn nan. Li rive arebò yon falèz.

Èske fason nou santi nou toujou yon gid nou ka fè konfyans?

Byen ak mal: Sa k gide anpil moun

Prèske pifò moun dakò gen bagay moun fè ki byen, men gen bagay moun fè ki mal. Pa egzanp, an jeneral, moun kondane zak asasinay, vyòl ak abi seksyèl sou timoun, tandiske, yo fè lwanj pou moun ki demontre jistis, bonte e ki pran ka moun. Men, nan kèk domèn nan lavi a tankou sitiyasyon ki gen rapò ak sèks, onètete ak fason pou leve timoun, anpil moun kwè pa gen yon desizyon ki bon oswa ki mal. Yo panse kèlkeswa desizyon yo pran akseptab. Souvan, moun yo baze desizyon yo sou sa yo santi ak sa moun ki toutotou yo santi. Èske se yon bon fason pou moun pran desizyon?

FASON NOU SANTI NOU

Byen souvan, nou baze desizyon nou yo sou fason nou santi nou, sou sa nou santi ki byen oswa ki mal, sa vle di sou konsyans nou (Women 2:​14, 15). Depi toupiti, timoun yo ka menm rekonèt diferans ant sa ki byen ak sa ki mal e yo ka menm santi yo koupab. Tank ane ap pase, sa nou aprann nan men fanmi nou, zanmi nou, pwofesè nou, moun nan zòn nou, relijyon ak kilti nou gen efè sou konsyans nou. Lè n ap pran desizyon, konsyans nou fè nou konnen si desizyon nou pran yo ann amoni ak prensip n ap suiv yo.

Sa nou santi ki byen oswa ki mal ka pouse nou pran ka moun, gen rekonesans, aji avèk jistis ak konpasyon ak lòt moun. Epitou, sa ka anpeche nou fè yon seri bagay ki ka blese santiman moun nou renmen yo e ki ka fè nou santi nou jennen, nou wont epi fè nou santi nou koupab.

Èske fason nou santi nou toujou yon gid nou ka fè konfyans? Men fason Garrick di li te chwazi viv lè l te yon jèn gason: “M te konn fè kèlkeswa sa m te vle.” Sepandan, li te vin wè lè l fè sa l te panse ki dwat, sa pa t bay bon rezilta. Li te vin ap viv yon fason ki pa t ba l kè kontan paske li t ap “fè imoralite, pran dwòg, bwè pou sou epi fè anpil vyolans”.

FASON LÒT MOUN SANTI YO

Anplis de pwòp santiman nou yo, souvan nou kite fason lòt moun pral wè desizyon nou yo gide nou. Sa ka ede nou jwenn byenfè nan eksperyans yo ak sajès yo. Lè nou fè sa moun nan fanmi nou, zanmi nou ak moun kote n ap viv la panse ki byen, y ap respekte nou.

Èske fason lòt moun santi yo toujou yon gid nou ka fè konfyans? Lè Priscila te yon jèn fi, li te konn fè sa zanmi l yo te konn fè, e li te deside fè sèks anvan maryaj. Li te vin wè lè l fè sa lòt moun te panse ki byen, sa pa t fè l pi kontan vre. Li te di: “Lè m te konn fè sa tout lòt moun ap fè, sa pa t fè m santi m byen. Sa te lakòz mwen pran desizyon ki pa t saj e m te pran risk san nesesite.”

ÈSKE GEN YON PI BON FASON POU N PRAN BON DESIZYON?

Lè n ap deside ant sa ki byen ak sa ki mal, santiman nou ak santiman lòt moun jwe yon wòl enpòtan. Men, santiman sa yo sèlman pa toujou bay bon rezilta. Pafwa, nou ka fè tèt nou oswa lòt moun mal paske nou pa gentan reflechi sou konsekans desizyon nou yo kapab genyen (Pwovèb 14:12). Epi, nou pa gen okenn garanti prensip nou yo ak prensip moun ki toutotou nou yo bon pou nou toutbon e yo pap bezwen chanje. Dayè, gen kèk konpòtman moun yo te konsidere ki pa t bon, kounye a pifò moun wè yo akseptab, e gen lòt konduit moun yo te twouve ki akseptab, kounye a yo panse yo pa bon.

Jèn gason an ki kanpe nan yon wout an wòch bò yon pankat ki gen siy pou di fè atansyon. Lòt moun k ap monte mòn nan pa okipe pankat la.

Èske suiv opinyon lòt moun se toujou yon gid nou ka fè konfyans?

Èske gen yon pi bon gid ki ka ede n deside sa ki byen ak sa ki mal? Èske gen prensip moral nou kapab suiv jodi a ki pap fè nou jwenn desepsyon depi kounye a e alavni?

Erezman, gen yon gid moun ka fè konfyans ki toujou bay bon konsèy ki ka itil tout moun kèlkeswa kote yo ye. Atik ki annapre a pral pale sou yon gid moun ka fè plis konfyans pou ede nou detèmine sa ki byen ak sa ki mal.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje