BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w24 novanm p. 31
  • Ki sa k ka ede w etidye chak semèn?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa k ka ede w etidye chak semèn?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Sou menm sijè a
  • Pwogram pou fanmi an — Etid familyal
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Pa souzestime tèt ou: Lè w gen yon pwogram ki chaje
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Yon pwogram etid biblik pou tout moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Amelyore fason w etidye!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
w24 novanm p. 31
Yon sè k ap sèvi ak yon laptòp, yon Bib ak yon kanè nòt pou l fè etid pèsonèl li. L ap itilize tablo ki gen tit “Pisans mondyal Dànyèl te anonse yo” ki nan Apendis B9 nan “Tradiksyon monn nouvo a”.

Ki sa k ka ede w etidye chak semèn?

ÈSKE W twouve l difisil pou w fè etid pèsonèl ou chak semèn e pou w pran plezi fè sa? Petèt, nou tout konn santi n konsa pafwa. Men, panse ak kèk bagay ou fè regilyèman, pa egzanp benyen. Sa mande tan ak efò pou n benyen, men lè n fin benyen, nou santi n vrèman byen! Lè n etidye Bib la, se kòmsi nou lave kò nou “ak dlo pawòl Bondye a”. (Efe. 5:26.) Ann egzamine kèk konsèy ki kapab ede n:

  • Fè yon pwogram. Etid pèsonèl nou fè nan Bib la pami “bagay ki pi enpòtan” yon kretyen pa dwe neglije (Flp. 1:10). Pou w rive suiv pwogram ou an, li ta bon pou w mete l yon kote w ap ka wè l byen fasil, pa egzanp, ou kapab ekri l sou yon fèy papye epi w kole l yon kote. Oswa w ka met yon alam sou telefòn ou k ap sonnen yon ti tan anvan lè etid la pou fè w sonje lè a rive.

  • Chwazi lè ak metòd k ap pi bon pou ou. Èske l pi fasil pou w ret konsantre pou w etidye pandan inèdtan oubyen pandan mwens tan, men pi souvan? Ou pi byen konn sitiyasyon w. Etidye fason k ap pi bon pou ou a. Si w santi w pa anvi etidye lè lè a rive, eseye etidye pandan sèlman dis minit. Menmsi w fè dis minit sèlman, ou ka aprann anpil bagay. Yonfwa ou kòmanse etidye, ou ka anvi kontinye. — Flp. 2:13.

  • Chwazi sa w ap etidye yo alavans. Si w tann se lè w pral etidye pou w chwazi sa w pral etidye a, ou ka pa “byen sèvi ak tan” w (Efe. 5:16). Eseye fè yon lis atik oswa sijè ou ta renmen etidye. Chak fwa w gen yon kesyon ki vin nan lespri w, ajoute l nan lis la. E chak fwa w fin etidye, ou ka ajoute lòt sijè ou ta renmen etidye nan lis ou a.

  • Fè chanjman lè sa nesesè. Eseye fè kèk chanjman nan pwogram ou lè sa nesesè, pa egzanp ou ka deside chanje kantite tan w ap fè ap etidye oswa ou ka chanje sijè ou chwazi etidye yo. Sa k enpòtan, se pa ki lè, pandan konbyen tan, oswa ki sa w ap etidye, men se pou w etidye regilyèman.

Nou vrèman jwenn byenfè lè n etidye chak semèn. Sa fè n vin pi pwòch Jewova, nou vin konn ki jan pou n pran bon desizyon e n santi n byen. — Joz. 1:8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje