BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 out p. 26-30
  • Malgre m te timid anpil, mwen te vin misyonè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Malgre m te timid anpil, mwen te vin misyonè
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • MWEN TE ANTRE NAN SÈVIS APLENTAN
  • MWEN TE KÒMANSE ANVI VIN MISYONÈ
  • NOU T AL SÈVI NAN YON PEYI KI TE GEN ANPIL LAGÈ
  • NOU TE VIN GEN LÒT DIFIKILTE
  • MWEN JWENN ANPIL EPRÈV
  • MWEN GEN JEWOVA REKONESANS POU ÈD LI BAN MWEN
  • Yon kanpay espesyal nan Bilgari ki te reyisi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Jewova “fè tout bagay mache byen nan lavi” m
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Bilgari
    Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 out p. 26-30
Marianne Wertholz.

BYOGRAFI

Malgre m te timid anpil, mwen te vin misyonè

DAPRE MARIANNE WERTHOLZ

LÈ M te piti, mwen te timid e m te pè moun. Men, Jewova te ede m vin yon misyonè ki renmen moun. Ki jan l te fè sa? Toudabò, li te sèvi ak papa m pou ede m. Apre sa, te gen yon sè ki te nan adolesans li ki te ban m bèl egzanp. E finalman, li te itilize mari m ki te konn di m bèl ti pawòl e ki te pran pasyans avè m. Kite m rakonte n istwa m.

Mwen fèt nan yon fanmi katolik nan vil Vyèn, nan peyi Otrich, an 1951. Byenke m te timid, mwen te kwè nan Bondye e m te konn priye l souvan. Lè m te gen nevan, papa m te vin ap etidye ak Temwen Jewova. Yon ti tan annapre, manman m te vin jwenn li nan etid la.

Mwen menm ak Elisabeth, sè m nan (ki dèyè do m).

Sa pa t pran tan pou n te vin fè pati kongregasyon Dobling, nan vil Vyèn. Nou te konn fè anpil aktivite ansanm antanke fanmi. Nou te konn li Labib e nou te konn etidye l. Nou te konn asiste reyinyon yo e n te konn sèvi antanke volontè lè gen asanble. Papa m te ede m pou m renmen Jewova anpil depi m toupiti. Anfèt, papa m te toujou ap priye pou mwen menm ak sè m nan vin pyonye. Men, se pa t sa m te vle lè sa a.

MWEN TE ANTRE NAN SÈVIS APLENTAN

Mwen te batize an 1965, e m te gen 14 an lè sa a. Men, mwen te twouve l difisil pou m pale ak moun mwen pa konnen nan travay predikasyon an. Epitou, mwen te konn panse lòt jèn yo pi bon pase m e m te toujou vle pou yo aksepte m. Donk, yon ti tan apre m fin batize, mwen te kòmanse fè zanmi ak moun ki pa t ap sèvi Jewova. Mwen te renmen ret bò kote yo, men, konsyans mwen t ap kale m paske m te konn pase twòp tan ak moun ki pa Temwen. Sepandan, mwen pa t gen kouraj pou m chanje. Ki sa k te ede m?

Marianne ak Dorothée.

Mwen te aprann anpil bagay nan men Dorothée (ki sou bò goch).

Apeprè nan menm epòk la, te gen yon jèn tifi 16 an ki te rele Dorothée ki te vin yon pwoklamatris nan kongregasyon nou an. Li te tèlman renmen preche kay an kay, sa te gen gwo efè sou mwen. Byenke m te yon tikras pi gran pase l, mwen pa t twò chofe nan travay predikasyon an. Mwen te di tèt mwen: ‘Paran m Temwen Jewova, alòske fanmi Dorothée pa nan laverite. L ap pran swen manman l ki malad, epoutan, li toujou al preche!’ Egzanp li te ankouraje m pou m fè plis pou Jewova. Yon ti tan annapre, mwen menm ak Dorothée te vin ap preche ansanm antanke pyonye. Toudabò, nou te vin pyonye oksilyè, lè sa a yo te rele sèvis sa a pyonye vakans, e annapre, nou te vin pyonye pèmanan ansanm. Dorothée te tèlman renmen preche, sa te fè m renmen preche tou. Lè m te jwenn premye etid mwen, se li ki te ede m kòmanse l. Rive yon lè, mwen te vin santi m yon ti jan pi alèz pou m preche moun yo lakay yo, nan lari ak lòt kote ankò.

Premye ane m antanke pyonye pèmanan, te gen yon frè ki te rele Heinz ki te vin nan kongregasyon nou an. Li te aprann laverite nan peyi Kanada pandan l t al vizite frè l ki te Temwen. Yo te voye Heinz vin sèvi kòm pyonye espesyal nan kongregasyon nou an nan vil Vyèn. Mwen te annik wè l, m tonbe pou li. Men, li te vle vin misyonè, e mwen menm, mwen pa t janm gen entansyon vin misyonè. Donk, okòmansman, mwen te kache santiman m te gen pou li. Men, annapre mwen te vin renmen avè l, nou te marye e nou te vin pyonye ansanm nan peyi Otrich.

MWEN TE KÒMANSE ANVI VIN MISYONÈ

Heinz te konn pale avè m souvan sou anvi l genyen pou l vin misyonè. Byenke li pa t janm fòse m, li te konn poze m yon seri kesyon ki te fè m reflechi, tankou: “Piske nou pa gen pitit, èske nou ta ka fè plis nan sèvis Jewova a?” Kòm mwen te timid, mwen te pè vin misyonè. Se vre mwen te pyonye, men, zafè pou m ta vin misyonè a te parèt twòp pou mwen. Sepandan, avèk pasyans, Heinz te kontinye ede m reflechi sou sa. Li te ankouraje m tou pou m plis panse ak fason m ka ede lòt moun, olye m plis ap panse ak tèt mwen. Konsèy li te ban m nan te ede m anpil.

Heinz k ap kondui etid Toudegad nan yon ti kongregasyon yougoslav nan vil Salzbou, nan peyi Otrich, an 1974.

Tikras pa tikras, mwen te vin anvi antre nan sèvis misyonè, se sa k fè nou te ranpli fòmilè pou n t al Lekòl Galaad. Men, sèvitè filyal la te ankouraje m pou m aprann pale anglè pi byen anvan. Apre m te fin fè twazan ap fè sa, nou te sezi lè yo te voye n al sèvi nan yon kongregasyon yougoslav nan vil Salzbou nan peyi Otrich. Nou te fè setan nan tèritwa sa a, san wete ennan nou te fè nan sèvis sikonskripsyon an. Lang nan te difisil, men nou te gen anpil etid.

Annapre, an 1979, yo te mande n pou n al nan peyi Bilgari pou n te fè kòmsi se an vakans nou prale. Yo te entèdi travay predikasyon an nan peyi sa a. Se sa k fè nou pa t preche ditou pandan swadizan vakans sa a. Nou te antre ak yon seri piblikasyon ki toupiti an kachèt nan peyi a pou senk sè ki t ap viv Sofya ki se kapital la. Mwen te pè anpil, men, Jewova te ede m nan bèl asiyasyon sa a. Lè m te wè jan sè sa yo te gen kouraj ak kè kontan, malgre yo te ka mete yo nan prizon, sa te ban m fòs pou m fè tout sa òganizasyon Jewova a te mande m fè.

Pandan tan sa a, yon lòt fwa ankò, nou te ranpli fòmilè pou n t al Lekòl Galaad, e yo te aksepte nou fwa sa a. Nou te panse nou t apral Ozetazini pou n asiste lekòl la ann anglè. Men, an novanm 1981, yo te kòmanse fè kou Lekòl Galaad yo tou nan filyal peyi Almay. Donk, nou te asiste kou yo ann alman, sa ki te fè l pi fasil pou m konprann. Ki kote yo t ap voye n?

NOU T AL SÈVI NAN YON PEYI KI TE GEN ANPIL LAGÈ

Yo te voye nou nan peyi Kenya! Men, filyal peyi Kenya a te mande n si n t ap dispoze al sèvi nan peyi Ouganda ki toupre. Dizan anvan sa, te gen yon jeneral ki te rele Idi Amin Dada ki te bay gouvènman peyi Ouganda a koudeta. Nan ane ki te vin apre yo, gouvènman l lan te fè touye plizyè milye moun e yo te lakòz plizyè milyon moun soufri. Epi, an 1979 yo te met gouvènman peyi Ouganda a atè yon lòt fwa ankò. Nou ka konprann poukisa m te pè al sèvi nan yon peyi ki te gen anpil lagè konsa. Men, nan Lekòl Galaad, yo te prepare n pou n met konfyans nou nan Jewova. Donk, nou te dakò ale.

Bagay yo te tèt anba nan peyi Ouganda. Gouvènman an pa t ka bay moun yo dlo, kouran ak lòt bagay ki te nesesè. Telefòn pa t mache. Moun te konn tire lòt moun e yo te konn vòlè sa yo genyen, sitou lannuit. Donk, lè l te fènwa, tout moun te konn ret lakay yo e yo te espere pèsonn pa t ap vin vòlè sa yo genyen oswa touye yo. Yo te konn menm priye sou sa. Malgre tout difikilte sa yo, frè ak sè yo nan peyi a te kontinye sèvi Jewova ak kè kontan.

Mwen menm ak fanmi Waiswa k ap prepare manje lakay yo.

An 1982, Mwen menm ak Heinz te rive Kanpala, kapital peyi Ouganda. Pandan senk premye mwa yo, nou te fè ladesant lakay Sam ak Christina Waiswa ki te gen senk pitit ak kat lòt moun nan fanmi yo ki t ap viv nan kay la. Byen souvan, frè ak sè Waiswa ansanm ak fanmi yo te konn manje yon fwa pa jou, men, yo te konn kontan pataje ti sa yo te genyen an avè n. Pandan tan mwen menm ak Heinz te fè lakay fanmi Waiswa a, nou te aprann anpil bagay ki te ede n antanke misyonè. Pa egzanp, nou te aprann fason pou n pa gaspiye dlo. Nou te konn benyen ak yon tikras dlo e n te konn flòch twalèt la ak dlo nou te fin benyen an. An 1983, mwen menm ak Heinz te jwenn yon kay yon kote ki te plizoumwen an sekirite nan Kanpala.

Nou te renmen preche anpil. Mwen sonje nou te bay plis pase 4000 peryodik nan yon mwa! Men, sa m te pi renmen se fason moun yo te reyaji lè yo te tande laverite. Yo te gen respè pou Bondye e yo te renmen pale sou Bib la. Mwen menm ak Heinz te konn gen ant 10 ak 15 etid nou chak e n te aprann anpil bagay nan men etidyan nou yo. Pa egzanp, byenke yo te konn mache pou y al nan reyinyon chak semèn, yo pa t janm plenyen e yo te toujou ap souri.

Nan ane 1985 ak 1986, te vin gen de lòt gè nan peyi Ouganda. Souvan, nou te konn wè timoun ki te sòlda ki te konn gen gwo zam manch long nan men yo e ki te konn deside kiyès y ap kite pase sou wout yo. Nan epòk sa a, nou te konn priye Jewova pou l ede n aji avèk sajès pou n evite danje pandan n ap preche e pou n ret kè kalm. Jewova te reponn priyè nou. Byen souvan, lè n te rankontre yon moun ki te byen reyaji devan mesaj Wayòm nan, nou pa t pè ankò.

Mwen menm ak Heinz ak Tatiana (ki nan mitan).

Nou te renmen preche moun ki te vin viv nan peyi a tou. Pa egzanp, nou te rankontre Murat ak Dilbar Ibatullin, yon mari ak madanm ki te soti Tatastan nan peyi Larisi, e nou te etidye avè yo. Murat te doktè. Mesyedam sa yo te vin nan laverite e yo toujou ap sèvi Jewova. Annapre, mwen te gen privilèj rankontre Tatiana Vileïska, yon dam ki moun peyi Ikrèn ki te vle touye tèt li. Apre Tatiana te fin batize, li te retounen al viv Ikrèn e annapre li te patisipe nan tradiksyon piblikasyon nou yo.a

NOU TE VIN GEN LÒT DIFIKILTE

An 1991, pandan mwen menm ak Heinz te an vakans nan peyi Otrich, filyal la te fè n konnen nou t apral sèvi nan peyi Bilgari. Lè rejim kominis ann Ewòp delès la te tonbe, yo te rekonèt aktivite Temwen Jewova yo nan peyi Bilgari. Jan m te di sa pi wo a, mwen menm ak Heinz te antre ak kèk nan piblikasyon nou yo an kachèt nan peyi a pandan yo te entèdi travay la. Men twouve, se la yo te voye n preche.

Frè yo te mande n pou n pa t tounen Ouganda. Donk, nou pa t retounen nan kay misyonè a pou n t al ranmase afè nou e pou n te di zanmi nou yo orevwa. Nou t al nan Betèl Almay la, yo te ban n yon machin e n te kondui al nan peyi Bilgari. Yo te voye n nan yon gwoup nan Sofya ki te gen anviwon 20 pwoklamatè.

Nou te jwenn anpil lòt difikilte nan peyi Bilgari. Pou kòmanse, nou pa t konn lang nan. Mete sou sa, sèl piblikasyon ki te disponib nan lang peyi Bilgari se te liv La verité qui conduit à la vie éternelle ak Liv istwa biblik mwen an. Epitou, li te difisil pou n kòmanse fè etid ak moun. Malgre difikilte sa yo, ti gwoup nou te ladan l lan te chofe anpil e yo te fè anpil pwogrè. Legliz òtodòks la te remake sa, e se lè sa a nou te kòmanse jwenn pwoblèm toutbon.

An 1994, gouvènman an pa t rekonèt Temwen Jewova yo antanke relijyon ankò, e anpil moun te konsidere nou kòm yon sèk. Yo te arete kèk nan frè nou yo. Medya yo te gaye gwo manti sou nou, yo te fè konnen nonsèlman Temwen Jewova yo touye timoun, men tou, yo konn konvenk lòt Temwen pou yo touye tèt yo. Li te vin difisil pou mwen menm ak Heinz preche. Souvan, nou te konn rankontre yon seri moun ki agresif ki te konn rele sou nou. Yo te konn rele lapolis pou nou e yo te konn menm voye yon seri bagay sou nou. Li pa t posib pou frè yo te fè piblikasyon antre nan peyi a, e l te vin difisil pou n lwe kote pou n fè reyinyon. Yon lè, lapolis te menm debake yon kote nou t ap fè kongrè e yo te kanpe kongrè a. Mwen menm ak Heinz pa t abitye jwenn moun rayi nou konsa. Se pa t menm bagay ditou ak moun nan peyi Ouganda ki te renmen etidye Labib! Ki sa k te ede n fè fas ak chanjman sa a?

Nou te kontan lè n te ansanm ak frè ak sè nan zòn nan. Yo te kontan jwenn laverite e yo te apresye èd nou te ba yo. Yo tout te rete pwòch youn ak lòt e youn te ede lòt. Sa te aprann nou nou kapab gen kè kontan nan nenpòt asiyasyon nou genyen si n kontinye renmen moun.

Marianne ak Heinz Wertholz.

Nan filyal peyi Bilgari, nan ane 2007.

Men, rive yon lè, bagay yo te vin amelyore. Gouvènman an te vin rekonèt òganizasyon nou an ankò an 1998, e anpil piblikasyon te vin disponib nan lang peyi Bilgari. Annapre, nan ane 2004, yo te inogire yon nouvo biwo filyal. Jodi a, gen 57 kongregasyon ki gen 2953 pwoklamatè nan peyi Bilgari. Nan ane sèvis ki sot pase a, antou te gen 6475 moun ki te asiste Memoryal. Byenke yon lè te gen sèlman senk sè nan Sofya, kounye a gen nèf kongregasyon! Vrèmanvre, nou wè “sa ki pa anpil la [...] tounen 1000”. — Eza. 60:22.

MWEN JWENN ANPIL EPRÈV

Mwen te vin gen anpil pwoblèm sante. Tank ane yo t ap pase, mwen te vin gen plizyè timè, e m te menm gen youn nan tèt mwen. Mwen te fè radyoterapi e m te fè yon operasyon ki te dire 12 èdtan nan peyi End pou yo te retire pifò nan yo. Apre operasyon an, nou te fè kèk tan nan Betèl peyi End lan pou m te ka reprann mwen. Apre sa, nou te retounen nan asiyasyon nou nan peyi Bilgari.

Pandan tan sa a, Heinz te vin fè yon maladi ki te ra anpil ki te fè l difisil pou l pale, pou l mache e pou l kontwole mouvman l. Tank li t ap vin pi mal, li te vin depann de mwen pi plis chak jou. Pafwa, mwen te konn santi m about e m te konn ap mande tèt mwen ki jan m ap fè kontinye pran swen l. Sepandan, te gen yon jèn frè ki rele Bobi ki te konn al preche ak Heinz regilyèman. Bobi pa t jennen poutèt Heinz pa t ka pale byen oswa poutèt li pa t ka kontwole mouvman l. Mwen te ka toujou konte sou Bobi lè m pa t ka ede Heinz. Byenke mwen menm ak Heinz te deside pa fè pitit nan sistèm sa a pou n te ka fè plis pou Jewova, nou te santi Jewova te ban nou Bobi kòm yon pitit gason. — Mak 10:​29, 30.

Mete sou sa, Heinz te vin gen kansè. Malerezman, mari m mwen te renmen anpil la mouri an 2015. Mwen sonje Heinz anpil. Se li menm ki te konn toujou ede m pou m pa bay tèt mwen twòp pwoblèm. Li difisil anpil pou m aksepte li pa la ankò. Men, pou mwen menm, se kòmsi li toujou vivan (Lik 20:38)! Chak jou, mwen panse ak bèl ti pawòl li te konn ap di m ak bon konsèy li te konn ban mwen. Mwen di Jewova mèsi anpil dèske nou te kapab sèvi l ansanm pandan anpil ane.

MWEN GEN JEWOVA REKONESANS POU ÈD LI BAN MWEN

Pa gen dout, Jewova ede m nan tout eprèv mwen yo. Li te ede m pou m vin yon misyonè ki renmen moun, menm lè m timid (2 Tim. 1:7). Grasa Jewova, jodi a, mwen menm ak ti sè m nan nan sèvis aplentan. Li menm ak mari l ap sèvi nan yon sikonskripsyon nan lang sèb ann Ewòp. Jewova te reponn priyè papa m te konn fè sa gen anpil ane!

Chak fwa mwen etidye Bib la, mwen santi m anpè. Nan moman difisil yo, mwen aprann priye Jewova “pi rèd toujou”, jan Jezi te fè sa (Lik 22:44). Youn nan fason Jewova reponn priyè m, se lefètke frè ak sè nan kongregasyon m nan nan Nadezda, nan Sofya, demontre lanmou ak bonte anvè m. Yo konn envite m nan ti anbyans yo òganize. Byen souvan, yo konn fè m konnen jan yo apresye m, sa ki ban m anpil kè kontan.

Mwen konn medite souvan sou esperans rezirèksyon an. Mwen imajine mwen menm k ap gad paran m yo ki kanpe devan lakay nou. Mwen wè yo bèl menm jan ak lè yo t ap marye. Mwen wè sè m nan k ap fè manje pou akeyi yo. Mwen wè Heinz ki kanpe bò kot cheval li. Imajinasyon konsa ede m pou m pa gen panse negatif e yo fè m gen Jewova anpil rekonesans.

Lè m ap reflechi ak lavi m e lè m ap panse ak lavni, mwen dakò ak tout kè m ak pawòl David te di nou jwenn nan Sòm 27:​13, 14 ki di: “Ki kote m t ap ye si m pa t gen konfyans m ap benefisye bonte Jewova toutotan m ap viv? Met espwa nou nan Jewova. Mete kouraj sou nou e mete kran sou nou. Wi, met espwa nou nan Jewova.”

a Gade byografi Tatiana Vileïska ki parèt nan Reveye n! 22 desanm 2000, paj 20-24 (fransè).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje