BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 56
  • Èske Dyab la kapab fè moun fè sa l vle?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Dyab la kapab fè moun fè sa l vle?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Kenbe tèt ak Satan, e l ap kouri !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Èske w kwè toutbonvre Dyab la egziste ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Èske Dyab la egziste toutbonvre?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 56

Èske Dyab la kapab fè moun fè sa l vle?

Repons Bib la bay

Dyab la ak demon yo tèlman reyisi fè moun fè sa yo vle, men ki sa Bib la di: “Latè anba pouvwa Satan.” (1 Jan 5:19, Bib la). Bib la montre kèk fason Dyab la rive fè moun fè sa l vle.

  • Twonpri. Bib la ankouraje kretyen yo pou yo “kenbe tèt anba riz Satan”. (Efezyen 6:11, Bib la.) Youn nan riz li itilize se fè moun konprann akolit li yo se sèvitè Bondye. — 2 Korentyen 11:13-15.

  • Bagay ki gen rapò ak movèzespri. Pou Dyab la ka twonpe moun, li sèvi ak moun k ap pran kontak ak movèzespri, moun k ap fè konnen sa k pral rive, divinò ak moun k ap fè astwoloji (Detewonòm 18:10-12). Demon yo ka rive jwe nan lespri moun k ap pran dwòg, k ap ipnotize moun e k ap chèche libere lespri yo grasa yon seri teknik meditasyon byen fasil. — Lik 11:24-26.

  • Fo relijyon. Relijyon k ap anseye fo doktrin twonpe moun e yo fè yo dezobeyi Bondye (1 Korentyen 10:20). Bib la rele fo doktrin y ap anseye yo “ansèyman demon”. — 1 Timote 4:1.

  • Moun ki gen demon sou yo. Bib la pale de kèk moun ki te gen demon sou yo. Pafwa, demon yo konn fè moun sa yo vin avèg oswa bèbè, oubyen yo konn menm fè yo fè tèt yo mal. — Matye 12:22; Mak 5:2-5.

Fason n ka pa kite Dyab la fè n fè sa l vle

Ou pa bezwen ap viv ak kè sote tèlman w pè pou demon yo pa fè w fè sa yo vle, paske Bib la montre ki jan w ka rive opoze ak Dyab la:

  • Aprann rekonèt manèv Dyab la itilize yo pou w ka “konn entansyon l”. — 2 Korentyen 2:11.

  • Chèche gen konesans ki nan Bib la, epi viv ann amoni ak sa w aprann yo. Lè w viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la, sa ap pwoteje w pou Dyab la pa fè w fè sa l vle. — Efezyen 6:11-18.

  • Jete nenpòt bagay ou genyen ki gen rapò ak demon (Travay 19:19). Pami bagay sa yo gen mizik, liv, peryodik, postè ak videyo ki ankouraje moun mele nan bagay ki gen rapò ak movèzespri.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje