BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwfq atik 7
  • Èske Temwen Jewova yo se kretyen yo ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Temwen Jewova yo se kretyen yo ye?
  • Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Sou menm sijè a
  • Èske Temwen Jewova yo kwè nan Jezi?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Poukisa nou dwe suiv “Kris”?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Èske annik kwè nan Jezi sifi pou yon moun sove?
    Repons Bib la bay
  • Kiyès Jezi Kris ye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
Gade plis
Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
ijwfq atik 7
Yon fi k ap etidye Labib.

Èske Temwen Jewova yo se kretyen yo ye?

Wi. Men kèk rezon ki fè se kretyen nou ye:

  • Nou fè tout sa n kapab pou nou suiv ansèyman Jezi yo ak konduit li pye pou pye. — 1 Pyè 2:21.

  • Nou kwè Jezi se moun Bondye itilize pou l ka sove nou e “Bondye pa t bay non okenn lòt moun anba syèl la pami lèzòm ki ka pèmèt nou sove.” — Travay 4:12.

  • Lè moun yo vin Temwen Jewova, yo batize nan non Jezi. — Matye 28:18, 19.

  • Nou priye nan non Jezi. — Jan 15:16.

  • Nou kwè Jezi se Chèf kongregasyon an, sa vle di moun Bondye bay otorite sou tout gason. — 1 Korentyen 11:3.

Sepandan, nou diferan nèt ak lòt relijyon ki di yo se kretyen yo nan plizyè domèn. Pa egzanp, nou kwè Labib anseye Jezi se Pitit Bondye, li pa fè pati yon trinite (Mak 12:29). Nou pa kwè moun gen yon nanm ki pa ka mouri e pa gen okenn vèsè nan Bib la ki montre Bondye ap krabinnen moun nan yon dife lanfè pou toutan oubyen yon vèsè ki montre moun ki pran latèt nan aktivite relijye yo dwe gen tit ki mete yo nan yon pozisyon ki pi wo pase lòt moun yo. — Eklezyas 9:5; Ezekyèl 18:4; Matye 23:8-10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje