BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt Lamantasyon 1:1-5:22
  • Lamantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lamantasyon
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Lamantasyon

LAMANTASYON

א [Alèf]*

1 Gade ki jan vil ki te chaje moun nan chita poukont li kounye a+!

Gade ki jan l vin tankou yon fi ki pèdi mari l, li menm ki te chaje moun pami nasyon yo+!

Gade ki jan li menm ki te yon prensès nan tèritwa ki ozalantou l yo vin tounen yon esklav+!

ב [Bèt]

 2 Li pase nuit ap kriye san rete+, e dlo nan je l mouye tout figi l.

Nan tout moun ki te renmen l yo, pa gen youn ki te la pou konsole l+.

Tout zanmi l yo trayi l+. Yo vin tounen ènmi l.

ג [Gimèl]

 3 Jida al ann egzil+ nan soufrans e li nan yon esklavaj ki rèd anpil+.

Li oblije rete nan mitan nasyon yo+. Li pa jwenn kote pou l repoze.

Tout moun k ap pèsekite l yo met men sou li pandan li nan gwo pwoblèm.

ד [Dalèt]

 4 Wout ki mennen Siyon yo vid nèt*, paske pa gen moun k ap vin nan fèt la+.

Tout pòtay vil la kraze+, e prèt yo ap plenn.

Fi ki vyèj* yo tris, e moun Siyon yo nan gwo boulvès.

ה [He]

 5 Se advèsè l yo ki mèt* li kounye a, e ènmi l yo kè pòpòz+.

Paske, Jewova lage l nan tristès akoz pakèt peche li fè yo+.

Pitit li yo al ann egzil devan advèsè a+.

ו [Waw]

 6 Vil Siyon pèdi tout glwa li te genyen+.

Prens li yo tankou sèf* ki pa jwenn kote pou yo manje.

Y ap mache tou faya devan moun k ap kouri dèyè yo.

ז [Zayin]

 7 Nan epòk Jerizalèm t ap soufri epi moun li yo pa t gen kote pou yo rete,

Li te sonje tout bèl bagay li te genyen nan tan lontan yo+.

Lè pèp li a te tonbe anba men advèsè a e pa t gen pèsonn pou pote l sekou+,

Advèsè yo te wè l epi yo te ri l* paske l tonbe+.

ח [Hèt]

 8 Jerizalèm fè anpil peche grav+.

Se poutèt sa li vin tounen yon bagay ki bay repiyans.

Tout moun ki te konn gen respè pou li meprize l kounye a, paske yo wè l toutouni+.

Li plenn+, epi li vire ale tou wont.

ט [Tèt]

 9 Salte li fè yo nan ke rad li.

Li pa t reflechi sou avni l+.

Fason l tonbe a fè moun sezi. Li pa gen pèsonn pou konsole l.

O Jewova, gade tray m ap pase, paske ènmi an leve tèt li met byen wo+.

י [Yòd]

10 Advèsè a met men sou tout richès li yo+.

Paske, Siyon wè plizyè nasyon k ap antre nan tanp li an+,

Yon seri nasyon ou te bay lòd pou yo pa kite yo antre nan kongregasyon w lan.

כ [Kaf]

11 Tout moun Siyon yo ap plenn, y ap chèche manje pou yo manje+.

Yo boukante bagay ki gen anpil valè yo genyen pou manje, jis pou yo pa mouri*.

O Jewova, gade jan m tounen yon fi* ki pa vo anyen.

ל [Lamèd]

12 Nou tout k ap pase sou wout la, èske sa pa di nou anyen?

Gade pou n wè!

Èske gen yon soufrans ki tankou soufrans m ap andire a,

Tankou jan Jewova te fè m soufri jou li te an kòlè anpil la+?

מ [Mèm]

13 Li fè dife sot nan syèl la vin boule zo m+. Li fè zo m yo pa itil anyen.

Li lanse yon filè pou l pran pye m, li fòse m vire tounen.

Li fè m vin tounen yon fi ki fin depafini.

Tout lajounen m ap soufri*.

נ [Noun]

14 Peche m yo mare nan kou m tankou yon jouk, li mare yo ak pwòp men l.

Yo sou kou m, e sa fè m pèdi fòs.

Jewova lage m nan men moun mwen pa ka reziste devan yo+.

ס [Samèk]

15 Jewova voye tout gason vanyan m yo jete byen lwen m+.

Li rele yon foul moun vin atake m pou yo kraze jèn gason m genyen yo+.

Jewova pilonnen Jerizalèm* anba pye l nan près diven an+.

ע [Ayin]

16 Bagay sa yo fè m kriye+. Dlo koule nan je m.

Paske, moun ki te ka konsole m oswa ki te ka ankouraje m* yo lwen m.

Pitit gason m yo pa gen okenn espwa, paske ènmi an pote laviktwa sou nou.

פ [Pe]

17 Siyon ouvri men l+, li pa jwenn moun pou konsole l.

Jewova bay tout moun ki toutotou Jakòb yo lòd pou yo aji kòm advèsè Jakòb+.

Jerizalèm vin tounen yon bagay ki ba yo repiyans+.

צ [Tsade]

18 Jewova aji avèk jistis+, paske mwen dezobeyi lòd* li+.

Nou tout pèp yo, koute, epi gade jan m ap soufri.

Pitit fi m yo ki vyèj* al ann egzil ansanm ak jèn gason m yo+.

ק [Kòf]

19 Mwen rele moun ki renmen m yo, men yo trayi m+.

Prèt mwen yo ak ansyen m yo mouri nan vil la

Pandan y ap chèche manje pou yo manje pou yo pa mouri*+.

ר [Rèch]

20 O Jewova, gade eta m, paske m ap soufri anpil.

Zantray mwen ap rache.

Kè m ap sote, paske mwen te dezobeyi nèt+.

Deyò, se epe k ap touye pitit mwen yo+, e anndan kay la, moun ap mouri tou.

ש [Chin]

21 Moun tande jan m ap plenn. Pa gen pèsonn pou konsole m.

Tout ènmi m yo tande malè ki tonbe sou mwen.

Yo kontan paske w fè sa rive m+.

Men, yon jou ap rive, w ap fè sa w te pwomèt w ap fè yo a+. Jou sa a, y ap vin menm jan avè m+.

ת [Taw]

22 Se pou tout mechanste yo fè yo parèt devan w, e se pou w pini yo+,

Menm jan w te pini m akoz tout peche m te fè yo.

Paske, mwen plenn anpil, e kè m ap dechire.

א [Alèf]

2 Gade ki jan Jewova an kòlè! Li kouvri vil Siyon ak yon nyaj nwa.

Li fè glwa Izrayèl la sot depi nan syèl la tonbe atè+.

Nan jou kòlè l la, li pa sonje ti ban li konn met pye l+ la.

ב [Bèt]

 2 Jewova detwi tout kay Jakòb yo san pitye.

Li tèlman an kòlè, li vide kote ki byen pwoteje nan Jida yo* atè+.

Li lage wayòm nan+ ak prens ki ladan l yo+ atè, epi li imilye yo.

ג [Gimèl]

 3 Kòlè l tèlman monte, li kraze tout fòs* Izrayèl.

Li rale men dwat li lè ènmi an vin atake+.

Li an kòlè kont Jakòb, e kòlè l tankou yon dife k ap kankannen tout sa k bò kote l+.

ד [Dalèt]

 4 Li detire* banza* l tankou yon ènmi. Li ranje men dwat li tankou yon advèsè+.

Li kontinye touye tout moun ki te gen valè nan je moun+.

Epi, li vide kòlè l tankou yon dife+ yo lage nan tant vil Siyon an+.

ה [He]

 5 Jewova vin tankou yon ènmi+.

Li detwi Izrayèl.

Li detwi tout fò l yo.

Li detwi tout kote ki byen pwoteje yo.

Epi, li fè gen anpil lapenn ak anpil plenyen nan Jerizalèm.

ו [Waw]

 6 Li sakaje tanp li an anpil+, tankou yon kay pay ki nan yon jaden.

Li fè moun sispann fete* fèt li a+.

Jewova fè moun Siyon yo bliye ni fèt, ni saba.

Li tèlman fache, li pa gad ni wa, ni prèt+.

ז [Zayin]

 7 Jewova abandone lotèl li a.

Li meprize tanp li an+.

Li lage miray kote ki byen pwoteje yo nan men ènmi yo+.

Yo fè gwo bri nan kay Jewova a+, tankou se yon jou fèt.

ח [Hèt]

 8 Jewova pran desizyon pou l detwi miray Siyon an+.

Li lonje fisèl li pou l mezire l+.

Li pa rale men l pou l pa detwi l*.

Li fè ranp li yo ak miray li yo vin tankou moun ki nan lapenn.

Li fè yo pèdi fòs.

ט [Tèt]

 9 Pòtay li yo antre nan tè+.

Li kraze gwo bwa yo konn fèmen pòtay yo e li detwi yo.

Wa Siyon an ak prens li yo nan mitan nasyon yo+.

Pa gen moun ki obeyi lalwa*. Menm pwofèt Siyon yo, Jewova pa t fè yo fè vizyon+.

י [Yòd]

10 Ansyen yo chita atè nan Siyon san yo pa di anyen+.

Yo lage pousyè sou tèt yo e yo met rad sak sou yo+.

Fi ki vyèj nan Jerizalèm yo bese tèt yo jis atè.

כ [Kaf]

11 Je m fatige, tèlman dlo koule nan je m+.

Zantray mwen ap rache.

Mwen nan gwo lapenn* akoz pèp mwen an ki tonbe+,

Akoz timoun yo ak tibebe yo ki endispoze sou plas piblik yo nan vil la+.

ל [Lamèd]

12 Yo kontinye mande manman yo: “Kot manje pou n manje ak bagay pou n bwè yo+?”

Yo pèdi konesans tankou moun ki blese ki sou plas piblik vil la,

E lavi* yo disparèt tikras pa tikras nan bra manman yo.

מ [Mèm]

13 Ki egzanp mwen ka ba ou?

Oubyen ki sa m ka di ki sanble avè w, o Jerizalèm?

Ak ki sa m ka konpare w, pou m ka konsole w, o vil Siyon?

Paske, malè ki frape w la gwo tankou lanmè+. Kiyès ki ka geri w+?

נ [Noun]

14 Vizyon pwofèt ou yo te fè pou ou yo se manti e yo san valè+.

Yo pa t fè konnen peche w te fè yo, sa ki t ap fè yo pa mennen w ann egzil+.

Men, yo te kontinye ap fè vizyon ki pa verite e k ap twonpe moun+.

ס [Samèk]

15 Tout moun k ap pase sou wout la ap bat men yo pou yo pase w nan rizib+.

Yo sezi+, yo souke tèt yo pou vil Jerizalèm, epi yo di:

“Èske se de vil sa a yo konn ap pale lè yo konn di: ‘Li tèlman bèl, li pa gen parèy. Li bay tout moun sou tè a kè kontan+’?”

פ [Pe]

16 Tout ènmi w yo pase w nan rizib.

Yo sezi, y ap manje dan e y ap di: “Nou kraze l+.

Se jou sa a nou t ap tann nan+! Jou a rive, e nou wè l+.”

ע [Ayin]

17 Jewova fè sa l te vle fè a+. Li reyalize sa l te di a+,

Sa l te bay lòd fè depi lontan an+.

Li dechire w san pitye+.

Li kite ènmi an pote laviktwa sou ou e ènmi an kontan. Li fè elòj pou fòs* advèsè w yo.

צ [Tsade]

18 O miray vil Siyon, pèp la t ap rele Jewova ak tout kè l.

Kite dlo nan je w koule lajounen kou lannuit tankou yon rivyè k ap desann.

Pinga w repoze, pinga dlo sispann koule nan je w.

ק [Kòf]

19 Leve! Se pou w rele pandan tout nuit lan*.

Se pou w di Jewova tout sa k nan kè w ak dlo nan je.

Leve men w devan l pou w priye l pou lavi* pitit ou yo,

Pitit ou yo k ap pèdi konesans nan chak kafou* paske yo grangou+.

ר [Rèch]

20 O Jewova, gade pèp ou a ou te pini an.

Èske medam yo ta dwe kontinye ap manje pwòp pitit yo, pitit yo fin fè yo+?

Oubyen, èske yo ta dwe touye prèt yo ak pwofèt yo nan tanp Jewova a+?

ש [Chin]

21 Timoun kou granmoun kouche atè nan lari, tou mouri+.

Pitit fi m yo ki vyèj* ak jènjan m yo tonbe anba kout epe+.

Ou touye yo nan jou kòlè w la. Ou fè san koule san pitye+.

ת [Taw]

22 Kòmsi se te yon jou fèt+, ou te fè malè sot tout kote.

Jou Jewova te an kòlè a, pa gen moun ki te chape oswa ki te rete vivan+.

Ènmi m nan te elimine pitit mwen te fè yo*, pitit mwen te leve yo+.

א [Alèf]

3 Mwen nan pwoblèm, paske Bondye te fache anpil e li te pini nou.

 2 Li rale m met deyò epi li fè m mache nan fènwa, li pa kite m mache nan limyè+.

 3 Vrèmanvre, li lonje men l tout lajounen pou l frape m+.

ב [Bèt]

 4 Li fè vyann sou kò m fini e li fè po m pèdi koulè.

Li kraze zo m.

 5 Li bati yon miray toutotou m. Li fè zèb ki gen pwazon pouse toutotou m+, e li antoure m ak pwoblèm.

6 Li fòse m ret chita kote ki fè nwa, tankou moun ki mouri depi byen lontan.

ג [Gimèl]

 7 Se kòmsi li te fè yon miray pou l anpeche m soti.

Li mare m ak chenn byen lou ki fèt ak kuiv+.

 8 Epi, lè m ap rele ak tout fòs pou m mande l sekou, li pa koute* priyè m+.

9 Li bare chemen m ak wòch yo kase.

Li fè wout mwen yo vin difisil pou m mache ladan yo+.

ד [Dalèt]

10 Li kache kò l pou l atake m tankou yon lous, tankou yon lyon k ap tann yon bèt pou l atake l+.

11 Li fòse m kite chemen yo epi li dechire m fè miyèt moso*.

Li fè m fin depafini+.

12 Li detire* banza* l e se mwen li vize ak flèch li a.

ה [He]

13 Li pèse ren m ak flèch* ki sot nan sak flèch li a.

14 Mwen tounen yon moun tout pèp ap pase nan rizib.

Mwen vin yon chante nan bouch yo tout lajounen.

15 Li plen m ak bagay ki anmè, e li chaje m nèt ak bagay ki anmè kou fyèl*+.

ו [Waw]

16 Li kraze dan m ak gravye.

Li fè m foure kò m anba sann dife+.

17 Ou fè m* pa anpè ankò. Mwen bliye sa ki bon.

18 Se sa k fè mwen di: “Mwen pa gen glwa ankò, e mwen pèdi espwa nan Jewova.”

ז [Zayin]

19 Sonje soufrans mwen, e sonje mwen pa gen kote pou m rete+. Sonje se plant anmè* ak pwazon ki anmè mwen manje+.

20 W* ap sonje sa kanmenm, e w ap vin ede m+.

21 Mwen reflechi sou sa nan kè m. Se sa k fè m ap ret tann ou avèk pasyans+.

ח [Hèt]

22 Se paske Jewova gen lanmou ki fidèl pou nou ki fè nou pa fin depafini nèt+.

Paske, mizèrikòd li pa janm fini+.

23 Li montre mizèrikòd li chak maten+. Li toujou merite pou yo fè l konfyans+.

24 Mwen* di: “Jewova se byen mwen+. Se sa k fè m ap ret tann li avèk pasyans+.”

ט [Tèt]

25 Jewova bon ak moun ki met espwa nan li+, moun* ki kontinye chèche l+.

26 Li bon pou yon moun ret an silans pou l tann*+ delivrans Jewova ap bay la+.

27 Li bon lè yon moun jwenn pwoblèm pandan l jèn+.

י [Yòd]

28 Se pou l chita poukont li an silans lè Bondye kite l jwenn pwoblèm+.

29 Se pou l bese byen ba pou l fè bouch li touche atè*+. Petèt ka gen espwa pou li+.

30 Se pou l vire figi l bay moun k ap frape l la. Se pou l kite yo joure l byen joure.

כ [Kaf]

31 Paske, Jewova pap abandone nou pou toutan+.

32 Byenke li lage nou nan lapenn, l ap fè nou mizèrikòd tou paske li gen anpil lanmou ki fidèl+.

33 Paske, li pa gen entansyon fè lèzòm soufri oswa lage yo nan lapenn+.

ל [Lamèd]

34 Lè yon moun kraze tout prizonye ki sou tè a anba pye l+,

35 Lè yon moun anpeche moun jwenn jistis devan Sila a ki gen pi gwo pozisyon an+,

36 Lè yon moun fè yon moun y ap jije pa jwenn jistis,

Jewova pa tolere bagay sa yo.

מ [Mèm]

37 Bon, kiyès ki ka di yon bagay epi pou l fè sa rive, si se pa Jewova ki bay lòd pou sa fèt?

38 Bon bagay ak move bagay

Pap sot nan bouch Sila a ki gen pi gwo pozisyon an anmenmtan.

39 Poukisa pou yon moun ap plenyen lè l ap peye pou peche l fè+?

נ [Noun]

40 Annou byen gade wout nou yo+, annou byen egzamine yo e annou retounen vin jwenn Jewova+.

41 Annou priye Bondye nou an ki nan syèl la ak yon kè ki sensè e annou leve men nou pou n di l+:

42 “Nou peche, nou dezobeyi w+, e ou pa padone nou+.

ס [Samèk]

43 Ou anpeche nou pwoche bò kote w paske w an kòlè+.

Ou kouri dèyè nou e ou touye nou san pitye+.

44 Ou sèvi ak yon nyaj pou w anpeche nou pwoche bò kote w, yon fason pou priyè nou pa pase+.

45 Ou fè nou vin tounen dechè ak fatra nan mitan pèp yo.”

פ [Pe]

46 Tout ènmi nou yo pase nou nan rizib+.

47 N ap viv ak laperèz. Yo tann pèlen pou nou pou n tonbe nan twou+. Nou fin depafini e yo fin kraze nou+.

48 Dlo ap koule nan je m tankou rivyè k ap desann paske yo kraze pèp mwen an+.

ע [Ayin]

49 Dlo kontinye koule nan je m san rete+,

50 Jiskaske Jewova voye je l e li wè sa k ap pase a detan l nan syèl la+.

51 Mwen* nan lapenn lè m wè sa k rive tout zòn ki ozalantou vil mwen an+.

צ [Tsade]

52 Ènmi m yo chase m san rezon kòmsi m se yon zwazo.

53 Yo detwi lavi m e yo lage m nan twou a. Yo kontinye voye wòch sou mwen.

54 Dlo te kouvri tèt mwen, epi m te di: “Mwen fini!”

ק [Kòf]

55 Mwen te rele w nan non w, o Jewova, pandan m byen fon nan twou a+.

56 Tande vwa m. Pa bouche zòrèy ou lè m ap rele w pou vin ede m, lè m ap mande w sekou.

57 Jou mwen te rele w la, ou te vin toupre m. Ou te di m: “Ou pa bezwen pè.”

ר [Rèch]

58 O Jewova, ou defann kòz mwen*, ou sove lavi m+.

59 O Jewova, ou wè mechanste yo fè m nan. Tanpri, fè m jwenn jistis+.

60 Ou te wè jan yo te vle tire revanj sou mwen. Ou te wè tout konplo yo fè sou do m.

ש [Sin] oswa [Chin]

61 O Jewova, ou tande move pawòl yo di ak konplo yo fè sou do m+.

62 Ou tande pawòl moun ki kont mwen yo ap di ak chwichwichwichwi y ap fè sou mwen tout lajounen.

63 Gade yo. Kit yo chita, kit yo kanpe, se nan rizib y ap pase m nan chante y ap chante yo.

ת [Taw]

64 O Jewova, w ap fè yo peye pou sa yo fè.

65 Kòm malediksyon, w ap fè yo vin awogan.

66 O Jewova, w ap kouri dèyè yo tou an kòlè, e w ap disparèt yo sou tè a.

א [Alèf]

4 Gade ki jan lò ki klere a, lò bon kalite a, vin pa klere ankò+!

Gade ki jan wòch ki te gen kote ki sakre a+ gaye nan tout kafou*+!

ב [Bèt]

 2 Gade ki jan yo konsidere pitit gason Siyon yo, ki te gen anpil valè menm jan ak lò bon kalite,

Tankou veso ki fèt ak tè,

Tankou travay yon atizan ki konn travay ak ajil fè ak men l!

ג [Gimèl]

 3 Menm chen sovaj yo bay pitit yo tete,

Men, pèp mwen an vin gen kè di+ menm jan ak otrich ki nan dezè a+.

ד [Dalèt]

 4 Lang tibebe yo kole anndan bouch yo paske yo swaf.

Timoun yo ap kriye pou manje+, men, pa gen moun ki ba yo anyen+.

ה [He]

 5 Moun ki te abitye manje bon manje kouche tou grangou* nan lari yo+.

Moun ki te konn met rad chè* sou yo+ depi lè yo toupiti kouche sou pil sann dife.

ו [Waw]

 6 Pinisyon* pèp mwen an pi gwo pase pinisyon moun Sodòm yo te jwenn pou peche yo te fè a+,

Yo menm ki te mouri sanzatann, san pa gen moun ki te pote yo sekou+.

ז [Zayin]

 7 Nazireyen* ki nan Siyon yo+ te pi pwòp pase nèj, yo te parèt pi blan pase lèt.

Po yo te pi woz pase koray*, yo te parèt pi klere pase pyè safi.

ח [Hèt]

 8 Men, yo vin pi nwa pase chabon*.

Yo pa rekonèt yo nan lari.

Po yo kole ak zo yo+. Po yo vin tankou bwa ki sèch.

ט [Tèt]

 9 Moun yo touye anba kout epe yo pi bon pase moun ki mouri grangou yo+,

Ki yo menm fin deperi, e yo mouri paske yo pa jwenn manje pou yo manje nan jaden yo.

י [Yòd]

10 Manman ki gen kè sansib yo kuit pwòp pitit yo ak men pa yo+.

Pitit yo te vin tounen manje pou yo manje lè malè te tonbe sou pèp mwen an+.

כ [Kaf]

11 Jewova montre jan l an kòlè.

Li vide gwo kòlè l la sou Siyon+,

E li met dife sou li, yon dife ki boule l rive jis nan fondasyon l+.

ל [Lamèd]

12 Wa yo ki sou tè a ak tout moun ki abite sou tè a pa t kwè

Advèsè a ak ènmi an t ap antre nan pòtay Jerizalèm yo+.

מ [Mèm]

13 Sa te rive paske pwofèt li yo te peche e prèt li yo te fè sa ki mal+,

Yo menm ki te fè san moun ki jis yo koule nan peyi a+.

נ [Noun]

14 Yo monte desann nan lari tou avèg+.

Yo sal ak san+.

Se sa k fè pèsonn pa gen dwa manyen rad yo.

ס [Samèk]

15 Yo di yo byen fò: “Al fè wout nou! Nou pa pwòp! Al fè wout nou! Al fè wout nou! Pa touche nou!”

Paske, pwofèt yo ak prèt yo pa gen kote pou yo rete e y ap monte desann.

Moun nan nasyon yo di: “Yo pap kontinye ret isit la ansanm avèk nou*+.

פ [Pe]

16 Se Jewova menm ki te gaye yo+.

Li pap pran swen yo ankò.

Moun pap respekte prèt yo+, e yo pap fè ansyen yo favè+.”

ע [Ayin]

17 Jis kounye a, je nou fin fatige nan chèche èd pou granmesi+.

Se pa ti chèche nou chèche èd nan men yon nasyon ki pa ka sove nou+!

צ [Tsade]

18 Chak pa nou fè, yo kouri dèyè nou+, sa fè nou pa ka mache sou plas piblik nou yo.

Lafen prèske rive pou nou. Jou nou yo rive nan bout yo, paske lafen rive pou nou.

ק [Kòf]

19 Moun k ap kouri dèyè nou yo pi rapid pase èg k ap vole nan syèl la+.

Yo kouri dèyè nou sou mòn yo, e yo tann anbiskad pou nou nan dezè a.

ר [Rèch]

20 Yo pran sila a Jewova chwazi a, souf lavi a+, nan pyèj nan gwo twou yo genyen ki byen laj la+,

Sila a nou di: “Se anba lonbray li nou pral viv nan mitan nasyon yo.”

ש [Sin]

21 O Edòm+, ou mèt fè fèt. Ou mèt gen kè kontan. Ou mèt viv jan w ap viv nan peyi Ouz la.

Men, y ap ba w koup la pou w bwè ladan l tou+, w ap vin sou e w ap ret toutouni+.

ת [Taw]

22 O Siyon, ou fin peye pou peche w fè yo.

Bondye pap fè w al ann egzil ankò+.

Men, ou menm, o Edòm, Bondye wè peche w yo.

L ap devwale peche w yo+.

5 O Jewova, sonje sa ki rive nou.

Voye je w gade pou w wè jan lawont tonbe sou nou+.

 2 Eritaj nou vin pou etranje, e kay nou yo vin pou moun lòt nasyon+.

 3 Nou vin tounen pitit ki pa gen papa. Manman nou yo tankou fi ki pèdi mari yo+.

 4 Pou nou bwè dlo nou genyen, nou oblije peye pou sa+. Pou nou sèvi ak bwa nou genyen pou n fè dife, nou oblije peye pou sa.

 5 Moun k ap kouri dèyè nou yo rive tèlman pre nou, yo prèske pran nou.

Nou faya, men yo pa kite nou pran repo+.

 6 Nou ouvri men nou bay peyi Ejip+ ak peyi Asiri+ pou n jwenn moso manje pou n manje.

 7 Zansèt nou yo ki te peche pa la ankò, men nou oblije peye pou peche yo te fè yo.

 8 Men kounye a se sèvitè lòt moun k ap dirije nou. Pa gen pèsonn pou sove nou anba men yo.

 9 Pou n al chèche manje pou n manje, nou riske lavi* nou+ akoz moun nan dezè a ki gen epe.

10 Po nou vin cho tankou founèz dife, paske nou nan gwo grangou+.

11 Yo imilye* madan marye ki nan Siyon yo ansanm ak fi ki vyèj ki nan vil Jida yo+.

12 Yo pann prens yo nan yon men+. Yo pa gen okenn respè pou granmoun yo+.

13 Jèn gason yo pote moulen, e tigason yo kilbite anba gwo pake bwa pou moun fè dife.

14 Ansyen yo pa chita nan pòtay vil la ankò+. Jèn gason yo pa jwe mizik ankò+.

15 Kè nou pa kontan ankò. Olye nou danse, se nan lapenn nou ye+.

16 Kouwòn nan sot sou tèt nou li tonbe. Malè pou nou, paske nou peche.

17 Se poutèt sa kè nou ap dechire+,

E akoz bagay sa yo, nou vin wè twoub+,

18 Akoz Mòn Siyon ki vin vid+. Kounye a, se rena k ap monte desann ladan l.

19 Ou menm, Jewova, ou chita sou twòn ou pou toutan.

Twòn ou an la jenerasyon apre jenerasyon+.

20 Poukisa ou bliye nou nètale e ou abandone nou pandan tout tan sa a+?

21 Fè n retounen vin jwenn ou, o Jewova, e nou menm, n ap kontan retounen vin jwenn ou+.

Fè tout bagay vin jan yo te ye nan tan lontan+.

22 Men, ou voye nou jete nèt.

Ou ret fache anpil kont nou+.

Chapit 1 rive nan chapit 4 se yon seri pawòl tris ki ekri sou fòm akwostich selon lòd yo mete lèt yo nan alfabè lang ebre a.

Lit.: “nan lapenn”.

Oswa: “Jèn medam”.

Lit.: “tèt”.

Se yon bèt ki sanble ak kabrit. Men, kòn li yo gen plizyè branch.

Oswa: “yo te kontan”.

Oswa: “yo genyen pou manje, yo fè nanm yo rejwenn fòs”.

Y ap pale la a de Jerizalèm kòmsi se yon fi.

Lit.: “mwen malad”.

Lit.: “pilonnen pitit fi Jida a ki vyèj”.

Oswa: “ankouraje nanm mwen”.

Lit.: “bouch”.

Oswa: “Jèn medam mwen yo”.

Oswa: “pou fè nanm yo rejwenn fòs”.

Lit.: “kote ki byen pwoteje ki pou pitit fi Jida a”.

Lit.: “kòn”.

Lit.: “Li met pye sou”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Li kraze”.

Lit.: “pou l pa vale l”.

Oswa: “lòd”.

Lit.: “Yo vide fwa m atè”.

Oswa: “nanm”.

Lit.: “kòn”.

Lit.: “nan kòmansman vèy dimaten yo”.

Oswa: “nanm”.

Lit.: “nan tèt tout ri”.

Oswa: “Jèn medam mwen yo”.

Oswa: “pitit mwen te pouse ki an sante yo”.

Oswa: “li bare; li rejte”.

Se kapab tou: “epi li fè m rete san m pa gen anyen pou m fè”.

Lit.: “Li met pye sou”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “ak pitit gason”.

Oswa: “anmè tankou absent”. Se yon plant ki anmè anpil e ki gen yon sant ki fò.

Oswa: “fè nanm mwen”.

Oswa: “se absent”. Se yon plant ki anmè anpil e ki gen yon sant ki fò.

Oswa: “Nanm ou”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “ret tann avèk pasyans”.

Sa vle di se pou l soumèt nèt.

Oswa: “Nanm mwen”.

Oswa: “kòz nanm mwen”.

Lit.: “nan tèt tout ri”.

Lit.: “faya”.

Lit.: “rad wouj fonse”. Yon seri rad wouj fonse ki te chè anpil.

Lit.: “Peche”.

Sa vle di: “Moun yo mete apa; Moun ki vwe tèt li”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “vin tou nwa”.

Oswa: “ret isit la kòm etranje”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “Yo vyole”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje