BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 32
  • Dis flewo yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Dis flewo yo
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Twa premye flewo yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Dizyèm flewo a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sis flewo ki te vin apre yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Moyiz ak Arawon wè ak Farawon
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 32
Dlo rivyè Nil la tounen san, premye flewo.

ISTWA 32

Dis flewo yo

GADE foto sa yo. Chak foto montre yon flewo Jewova te voye sou Ejip. Nan premye foto a nou wè Arawon k ap frape baton l lan nan dlo flèv Nil la. Lè l te fè sa, dlo ki nan flèv la te tounen san. Pwason yo te mouri, e dlo flèv la te kòmanse santi.

Farawon ap pouse krapo sou kabann li ak men l, dezyèm flewo.

Apre sa, Jewova te fè krapo soti nan flèv Nil la. Yo te gaye tout kote. Yo antre nan fou. Yo antre nan moul pen. Yo monte sou kabann, toupatou. Lè krapo yo mouri, Ejipsyen yo te anpile yo e peyi a te gen move sant.

Lèfini, Arawon te frape baton l lan atè, epi pousyè yo tounen bigay. Se te yon dal moustik ki t ap plede pike ni moun ni bèt. Se bigay ki te twazyèm flewo nan peyi Ejip.

Bigay ap mòde yon fi pandan twazyèm flewo a.

Se sou Ejipsyen yo sèlman rès flewo yo te tonbe. Yo pa t tonbe sou Izrayelit yo. Katriyèm flewo a se te yon pakèt gwo mouch ki te anvayi kay tout Ejipsyen. Senkyèm flewo a te tonbe sou bèt yo. Anpil mouton ak kabrit ak lòt betay Ejipsyen yo te mouri.

Annapre, Moyiz ak Arawon te pran enpe sann, yo te voye sann nan anlè. Sa te fè yon dal gwo bouton leve ni sou moun ni sou bèt. Sa a, se te sizyèm flewo a.

Apre sa, Moyiz leve men l anlè, Jewova fè kout loray gwonde, li fè lagrèl tonbe. Anvan sa, lagrèl pa t janm te konn tonbe konsa ann Ejip.

Ejipsyen yo ap eseye chape anba moustik yo pandan katriyèm flewo a.
Bèt Ejipsyen yo mouri pandan senkyèm flewo a.

Nan uityèm flewo a, yon dividal krikèt te anvayi peyi a. Anvan sa, yo pa t janm wè krikèt konsa. Yo manje tout bagay lagrèl la pa t detwi.

Nevyèm flewo a, se te yon fènwa. Peyi a te fè twa jou nan yon fènwa pwès. Men, kote Izrayelit yo te ye a te gen limyè.

Finalman, Bondye te di Izrayelit yo pou yo touye yon mouton oubyen yon bouk kabrit, epi pou yo pase enpe san sou lento pòt yo. Apre sa, zanj Bondye a vin ap pase nan peyi Ejip. Nan chak kay li wè gen mak san an, li pa touye moun ladan l. Men nan tout kay zanj lan pa wè mak san an sou lento pòt la, li touye tout premye pitit ki nan kay la, ni premye pitit bèt, ni premye pitit moun. Sa a, se te dizyèm flewo a.

Apre dènye flewo sa a, Farawon mande Izrayelit yo pou yo kite peyi a. Pèp Bondye a deja pare pou l ale, e yo pran wout la menm jou swa sa a.

Egzòd chapit 7 rive nan chapit 12.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje