BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ssb kantik 55
  • Simen semans Wayòm nan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Simen semans Wayòm nan
  • Ann chante louwanj pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Annou simen semans Wayòm nan
    Ann chante pou Jewova
  • “ Kenbe nan pawòl mwen ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Annou simen semans Wayòm nan
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Se ‘ Bondye ki fè plant lan pouse ’ !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Ann chante louwanj pou Jewova
Ssb kantik 55

Kantik 55 (133)

Simen semans Wayòm nan

(Matye 13:4-8, 19-23)

1. O vini, nou tout esklav Jewova Dye,

Nou menm ki te ba li kè nou.

Ale fè travay li te konfye nou an,

Mache sou tras Jezi chak jou.

Semans verite Bondye a n ap simen

Nan tè ki kapab kiltive,

N ap jwenn bonjan fwi pou louwanj Jewova,

Si n travay di ak fidelite.

2. Gen kèk nan semans lan zwazo ap manje,

Se paske yo tonbe bò wout.

Gen kèk lòt ki tonbe nan tè ki gen wòch,

Chalè eprèv fennen yo tout.

Enkyetid ak materyalis ap toufe

Ti pous yo anvan yo grandi.

Sepandan, gen kèk grenn semans k ap tonbe

Sou tè ki bon, ki pwodui bon fwi.

3. Kantite semans ki tonbe nan bèl tè

Depann de jan n bay temwayaj.

Pasyans, ak lanmou ka repouse atak,

Y ap ede n lite ak kouraj.

Vijilans ap ede n evite pikan,

Lè n pran dispozisyon ki jis.

E konsa, nou ka espere rekòlte

Omwen trant, si se pa san fwa plis.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje