Lis sijè yo
15 oktòb 2008
Toudegad ki gen atik etid yo
ATIK N AP ETIDYE NAN SEMÈN :
1-7 desanm 2008
PAJ 3
KANTIK : 69, 14
8-14 desanm 2008
Se pou byen nou Jewova veye sou nou
PAJ 7
KANTIK : 36, 24
15-21 desanm 2008
Fason Jewova reponn yon priyè sensè
PAJ 12
KANTIK : 61, 43
22-28 desanm 2008
Èske w pran devan nan onore lòt moun ?
PAJ 21
KANTIK : 27, 66
29 desanm 2008–4 janvye 2009
Ki sa w dispoze bay pou w kontinye viv ?
PAJ 25
KANTIK : 79, 94
Objektif atik yo
Atik 1, 2 PAJ 3-11
De atik sa yo ban nou asirans Jewova konnen byen tout sa k rive nou. Li apresye andirans nou e li konnen ki sa k enkyete nou. Li konnen tout efò sèvitè l yo ap fè e li wè tout sa ki gen efè sou yo. Lefètke nou konn sa, sa rekonfòte nou anpil.
Atik 3 PAJ 12-16
Pifò nan nou konnen Sòm 83:18 la, men, èske nou konnen tout lòt bagay sòm sa a di ? Atik sa a montre ki jan Sòm 83 a kapab ankouraje kretyen yo anpil jodi a.
Atik 4 PAJ 21-25
Pòl te di : “ Se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan. ” Sa sa vle di pou nou gen respè pou moun ? Kiyès ki dwe montre li gen respè pou lòt moun e pou ki moun nou dwe gen respè ? Ki egzanp nou jwenn nan Bib la nan domèn sa a ? Atik sa a pral egzamine sijè sa a e l ap ede nou wè ki jan nou ka demontre nou gen respè pou lòt moun.
Atik 5 PAJ 25-29
Yon jou, Jezi te poze kesyon sa a : “ Ki sa yon moun kapab bay pou l’ gen lavi ? ” Ki jan w t ap reponn kesyon sa a ? Nan fason w ap viv, èske w montre lavi w gen valè pou ou ? Atik sa a pral ede w reflechi sou kesyon Jezi te poze a.
LÒT SIJÈ KI NAN TOUDEGAD SA A :
“ Vrèmanvre, non sa a se non ki pi gran e ki pi sen an ”
PAJ 16
PAJ 17
Pawòl Jewova a vivan : Pwen enteresan ki nan liv Tit la, nan liv Filemon an ak nan liv Ebre a
PAJ 30