BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/6 p. 3-4
  • Prejije: yon pwoblèm ki gaye toupatou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Prejije: yon pwoblèm ki gaye toupatou
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • YON PWOBLÈM NOU TOUT GENYEN
  • Yon monn kote pa gen prejije: ki lè?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Èske w kite prejije kontamine w?
    Reveye n! — 2020
  • Se pou nou tout vin youn menm jan Jewova ak Jezi fè youn
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Ansèyman Bondye bay la pote laviktwa sou prejije
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/6 p. 3-4

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A: YON MONN SAN PREJIJE: KI LÈ?

Prejije: Yon pwoblèm ki gaye toupatou

JONATHAN, yon ameriken ki gen paran l ki koreyen, te viktim anba prejije ras lè l te timoun. Pandan li t ap grandi, li te toujou chèche ansanm ak moun ki pa t ap gen prejije kont li akoz ras li. Konsa, li t al travay kòm doktè nan yon vil ki nan nò Alaska, Ozetazini, kote anpil nan malad li t ap bay swen yo se te moun ki te plis sanble ak moun ki nan ras li soti a. Li te swete petèt kote sa a, nan mitan Sèk Atik la ki te frèt anpil, li te rive chape anba prejije moun te ka gen kont li.

Li te vin pèdi espwa sa a lè l te vin ap pran swen yon dam ki te malad. Pandan dam sa a, ki te gen vennsenkan, t ap soti nan koma, li te gade figi Jonathan epi li di l yon vye mo ki montre jan l rayi Koreyen yo. Sa k te rive a te fè Jonathan mal anpil pou l wè li pa rive chape anba prejije malgre tout efò l te fè pou l al rete Alaska e pou l viv nan mitan moun ki sanble ak moun ki nan ras li soti a.

Sa k te rive Jonathan an montre yon reyalite ki tris anpil. Gen prejije nan tout rakwen tè a. Sanble depi gen moun yon kote gen prejije.

Sepandan, malgre prejije ap vale teren, pifò moun pa met dlo nan bouch yo pou yo kondane prejije. Se vrèman de bagay ki depaman youn ak lòt. Kòman fè prejije ap gaye toupatou konsa malgre anpil moun di yo kondane l? Sa klè, anpil moun ki kondane prejije refize dakò yo gen prejije lakay yo. Èske se konsa w ye tou? Kòman w t ap reponn kesyon sa a?

KI SA PREJIJE YE?

Moun ki fè rechèch yo pa fin ka di ki sa prejije ye. Genyen ki di se “opinyon oswa atitid negatif yon moun genyen sou yon lòt moun tou senpleman paske moun sa a fè pati yon gwoup an patikilye”. Gen lòt ki di se paske yo “pa gen ase enfòmasyon” ki fè yo gen opinyon negatif sa a. Konsa, sa vin fè yo “kouri jije yon moun ki fè pati yon gwoup”. Kèlkeswa jan sa ye, yon moun ka vin gen prejije kont yon lòt moun swa akoz ras moun nan, gwosè l, sèks li, lang li pale, relijyon l oswa nenpòt bagay ki ka fè l diferan ak lòt moun.

YON PWOBLÈM NOU TOUT GENYEN

Kit nou rann nou kont nou gen prejije, kit nou pa rann nou kont, li pa fasil pou n rive wè si n gen tras prejije ki kache nan kè nou. Bib la esplike sa k fè sa. Men sa l di: ‘Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè moun.’ ​(Jeremi 17:9). Konsa, nou gendwa ap twonpe tèt nou si n kwè nou tolere tout kategori moun. Oswa nou gendwa ap di tèt nou nou gen bonjan rezon pou n mal wè yon gwoup moun an patikilye.

Kòman w t ap santi w si w ta nan yon sitiyasyon konsa?

Pou ede n wè jan sa difisil pou n rive wè si n gen prejije ki kache anba anba lakay nou, ann imajine sitiyasyon sa a: W ap mache poukont ou sou yon wout, li lannuit e li fènwa anpil. Lè w voye je w, ou wè gen de jèn gason ou pa konnen k ap vin kwaze avè w sou wout la. Sanble yo gwo nèg e sanble gen youn nan yo ki gen yon bagay nan men l.

Èske w panse jèn gason sa yo ka vin atake w? Se vre, eksperyans ou fè deja ka fè w konprann ou bezwen pran prekosyon. Men, èske eksperyans sa yo ba w bonjan rezon pou w panse de jèn gason sa yo ka vin atake w? Yon lòt kesyon ki pi enpòtan nou te ka poze se: Nan ki ras oswa nan ki gwoup etnik ou panse mesye sa yo soti? Repons ou bay pou kesyon sa a ka fè w rive wè yon bagay. Li ka montre ou deja gen tikras prejije ki kòmanse ap grandi lakay ou.

Si nou pap bay tèt nou manti, nou tout dwe dakò nou gen yon degre prejije lakay nou nan yon domèn kèlkonk. Menm Bib la fè konnen moun gen yon fòm prejije lakay yo. Men sa l di: “Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo.” ​(1 Samyèl 16:7). Etandone se nou tout ki gen vye tandans sa a, ki souvan lage nou nan gwo tchouboum, èske gen espwa nou ka retire oswa elimine prejije nan lavi nou? Èske n ap janm wè yon lè kote tout moun k ap viv sou tè a pral san prejije?

Y AP FÈ FAS AK PREJIJE TOUPATOU

Kanada: “Malgre li [gouvènman peyi a] aksepte diferan gwoup e li mete sou pye kèk dispozisyon legal ak règ pou l pwoteje dwa diferan gwoup moun, zafè rasis la kontinye bay anpil pwoblèm nan kesyon dwa moun dwe genyen.” — Ti nouvèl tou kout Amnisti Entènasyonal bay sou Kanada, 2012.

Ewòp: “[Katreven uit] pousan Ewopeyen kwè pa gen ase efò ki fèt pou goumen kont prejije nan peyi yo.” — Intolerance, Prejudice and Discrimination: A European Report, 2011.

Afrik: “Vyolans ak diskriminasyon kont fi toujou ap gaye nan anpil peyi.” — Rapò Amnisti Entènasyonal bay, 2012.

Nepal: “Dalits (“intouchables”) [yo] soufri anba diskriminasyon ki fò anpil e ki gaye nan peyi a, sitou nan domèn ekonomik, sosyal ak kiltirèl.” — Human Rights Watch World Report, 2012.

Ewòp de lès: Lè gwoup moun ki rele tèt yo Wòm yo pap viv nan peyi yo, yo lage akizasyon sou do yo e, lè yo nan peyi yo, yo viktim anba prejije. Pa gen yon politisyen ki dispoze rezoud pwoblèm sa a. — The Economist, 4 septanm 2010.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje