BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/5 p. 8-10
  • Èske Temwen Jewova yo kwè nan Jezi?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Temwen Jewova yo kwè nan Jezi?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • LI TRÈZENPÒTAN POU MOUN KWÈ NAN JEZI
  • “MWEN FÈ YO KONNEN NON W”
  • Mesaj nou dwe preche a
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Yo bezwen èd ou
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Èske Temwen Jewova yo kwè nan Jezi?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Bondye gen yon non
    Koute gran Anseyan an
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/5 p. 8-10
Antoni ak Tèd k ap pale de Bib la, yo sèvi ak peryodik Toudegad pou yo fè konvèsasyon an

KONVÈSASYON AK YON MOUN NAN VWAZINAJ LA

Èske Temwen Jewova yo kwè nan Jezi?

Konvèsasyon ki vin apre a se stil konvèsasyon yon Temwen Jewova te ka genyen avèk yon moun nan vwazinaj li. Ann imajine gen yon Temwen Jewova ki rele Antoni ki rive lakay yon mesye ki rele Tèd.

LI TRÈZENPÒTAN POU MOUN KWÈ NAN JEZI

Antoni: Bonjou Tèd. M byen kontan wè w ankò.

Tèd: Mwen menm tou.

Antoni: M pote dènye Toudegad la ak dènye Réveillez-vous! a pou ou. M panse w ap kontan li sijè ki nan peryodik sa yo.

Tèd: Mèsi. Anfèt, m byen kontan ou vini jodi a paske gen yon kesyon mwen ta renmen poze w.

Antoni: Vrèman, ki kesyon sa a?

Tèd: Avanyè mwen t ap pale ak yon kòlèg mwen konsènan ti liv ou te kite pou mwen yo, m te di l jan yo enteresan. Men li di m mwen pa dwe li liv sa yo paske Temwen Jewova pa kwè nan Jezi. Èske se vre? M te di kòlèg mwen an m ap poze w kesyon sa a lè w vin wè m.

Antoni: Bon, mwen byen kontan ou poze m kesyon sa a. Se yon bon bagay ou fè dèske se yon Temwen Jewova ou chwazi poze kesyon sa a. Epitou, pi bon fason pou w konnen sa yon moun kwè se lè w mande moun nan sa dirèkteman.

Tèd: Se sa m panse tou.

Antoni: An reyalite, Temwen Jewova yo kwè toutbon nan Jezi. Anfèt, nou konnen li trèzenpòtan pou n gen lafwa nan Jezi pou n ka sove.

Tèd: M te panse nou kwè nan Jezi, men kòm kòlèg mwen an te di nou pa kwè nan Jezi, m te anvi konnen si se vre. M panse ou potko janm pale sou sijè sa a avè m.

Antoni: Èske m ka montre w kèk vèsè nan Bib la ki esplike jan sa enpòtan pou nou gen lafwa nan Jezi? Vèsè sa yo se vèsè Temwen Jewova yo itilize byen souvan lè y ap preche.

Tèd: Dakò.

Antoni: Pou n kòmanse, nou ka li pawòl Jezi te di nan Jan 14:6 la. Nou jwenn pawòl sa yo nan yon konvèsasyon Jezi te gen ak apot li yo. Men sa nou li: “Jezi di l: ‘Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a. Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.’” Selon vèsè sa a, ki sèl mwayen ki genyen pou yon moun pwoche kot Papa a?

Tèd: Se pa mwayen Jezi.

Antoni: Trè byen. E se sa Temwen Jewova yo kwè toutbon. Kite m poze w kesyon sa a: Dapre sa w konnen sou sa Bondye mande, lè yon moun ap priye Bondye, nan non kiyès li dwe fini priyè a?

Tèd: Nan non Jezi.

Antoni: M dakò. E se pou rezon sa a ki fè kèlkeswa priyè m ap fè, mwen fini l nan non Jezi. Se menm bagay la tou pou kèlkeswa priyè Temwen Jewova yo fè.

Tèd: M byen kontan konn sa.

Antoni: Gen yon lòt vèsè nou ka egzamine ansanm, se Jan 3:16. Vèsè sa a tèlman enpòtan, yo rele l ti Evanjil la. Rezon ki fè yo di sa se paske si w ta pran tout sa yo ekri sou lavi Jezi lè l te sou tè a ak sou ministè l epi w ta rezime yo nan yon sèl vèsè, li t ap bay Jan 3:16. Petèt ou ta renmen li vèsè sa a.

Tèd: Mèwi. Li di: “Paske, Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.”

Antoni: Mèsi. Èske w abitye ak vèsè sa a?

Tèd: Wi, m konn tande l anpil, e byen souvan, mwen konn wè yo ekri l sou mi ak sou pankat.

Antoni: Se yon vèsè anpil moun konnen. Ann egzamine l pi an detay, remake sa Jezi di: Lanmou Bondye gen pou lèzòm fè l posib pou n jwenn lavi etènèl men akondisyon nou fè ki sa sèlman?

Tèd: Akondisyon nou demontre nou gen lafwa.

Antoni: Wi. Sitou lafwa nan Jezi Kris, sèl Pitit Bondye fè a. Ide sa a, sètadi lafwa nan Jezi bay posiblite pou moun gen lavi etènèl, parèt nan paj 2 peryodik mwen pot pou ou a. Men youn nan objektif Toudegad la genyen: “Li ankouraje moun pou yo mete lafwa yo nan Jezi Kris, li menm ki te mouri pou nou ka gen lavi ki pap janm fini an e k ap gouvène kounye a antanke Wa nan Wayòm Bondye a.”

Tèd: Se vre, ou gen rezon. Nan peryodik la menm nou jwenn prèv ki montre Temwen Jewova yo kwè nan Jezi.

Antoni: Se sa.

Tèd: Si se konsa, sa k fè moun yo di Temwen Jewova yo pa kwè nan Jezi?

Antoni: Petèt gen anpil rezon ki fè moun yo di sa. Nan kèk ka, gen moun ki di sa senpleman paske yo tande lòt moun di l. Oswa se dirijan legliz yo ki ba yo move ansèyman sa a.

Tèd: Gen yon bagay ki pase nan lespri m, petèt gen moun ki ka di nou pa kwè nan Jezi paske nou rele tèt nou Temwen Jewova, men nou pa rele tèt nou Temwen Jezi.

Antoni: Se ka yon rezon tou.

Tèd: Poukisa nou pale de Jewova anpil konsa?

“MWEN FÈ YO KONNEN NON W”

Antoni: Yon rezon ki fè sa se paske nou konnen li enpòtan pou n sèvi ak non Bondye ki se Jewova menm jan Jezi, Pitit li a, te konn fè sa. Ann egzamine sa Jezi te di nan yon priyè l te fè Papa l. Nou jwenn priyè sa a nan Jan 17:26. Èske w vle li vèsè sa a pou mwen souple?

Tèd: Mèwi. “Mwen fè yo konnen non w e m ap fè konnen l, dekwa pou lanmou w gen pou mwen an ka nan yo e mwen menm pou m ann inyon avèk yo.”

Antoni: Mèsi. Remake Jezi di li te fè konnen non Bondye. Dapre ou menm, poukisa li te fè sa?

Tèd: Hmm. M pa konnen.

Li trèzenpòtan pou n gen lafwa nan Jezi pou n ka sove.

Antoni: Ebyen, ann gade yon lòt vèsè k ap ban nou esplikasyon sou sijè sa a. Vèsè ki pase nan lespri m se Travay 2:21. Men sa nou li: “Tout moun ki envoke non Jewova ap sove.” Kounye a, w ap dakò avè m si Jewova mande pou yon moun envoke non l pou l ka sove, se sèten Jezi te byen konnen enstriksyon sa a.

Tèd: Wi, se vre.

Antoni: Kidonk, youn nan rezon ki fè pou Jezi li enpòtan pou disip li yo konnen non Bondye e pou yo itilize non sa a se pou yo ka sove. E se youn nan rezon prensipal nou genyen ki fè nou pale de Jewova anpil konsa. Nou panse li enpòtan pou n fè moun yo konnen non Bondye e pou n ede yo envoke non sa a.

Tèd: Men, menmsi moun yo pa konn non Bondye oswa yo pa itilize non sa a dirèkteman, yo konnen ak kiyès y ap pale lè yo di Bondye.

Antoni: Sa w di a ka vre. Menm lè sa a, lefètke Bondye fè nou konnen non l sa fè l pi fasil pou n vin pwòch ak li.

Tèd: Ki sa w vle di?

Antoni: Fè yon ti reflechi: Li pa t nesesè pou n konn non Moyiz. Nou te ka annik konnen l kòm moun ki te fann lanmè Wouj oswa kòm moun ki te resevwa Dis Kòmandman yo. Se menm bagay la tou pou Noye, èske nou te oblije konn non l? Nou te ka annik pale de li kòm moun ki te bati lach la e ki te pwoteje fanmi l ansanm ak bèt yo. Pou rezon sa a, menm non Jezi nou pa t oblije konnen, nou te ka pale de li kòm moun ki te sot nan syèl la e ki te mouri pou peche nou, pa vre?

Tèd: M panse sa.

Antoni: Men Bondye te vle nou konnen non moun sa yo. Lefètke nou konn non yo sa fè istwa yo vin pi enteresan pou nou. Menmsi nou pa janm wè Moyiz, Noye oubyen Jezi, lefètke nou konn non yo sa fè moun sa yo pi reyèl pou nou.

Tèd: M pa t janm reflechi sou sijè sa a konsa, men sa w di a fè sans!

Antoni: E se yon lòt rezon ki fè Temwen Jewova yo itilize non Bondye anpil konsa. Nou vle ede lòt moun gen lafwa nan Jewova Dye antanke yon Pèsòn ki reyèl, yon Moun yo ka pwoche kote l. Anmenmtan, nou bay wòl Jezi jwe nan delivrans nou anpil valè. Petèt nou te ka li yon lòt vèsè k ap ede n konprann pwen sa pi byen.

Tèd: Pa gen pwoblèm.

Antoni: Nan kòmansman konvèsasyon an, nou te li Jan 14:6. Sonje Jezi te di ‘li se chemen an, verite a ak lavi a’. Ann fè yon ti bak epi note sa li di nan Jan 14:1. Èske w vle li sa Jezi te di nan dènye pati vèsè sa a?

Antoni k ap montre Tèd yon vèsè nan Bib la

Tèd: Dakò. Men sa l di: “Demontre nou gen lafwa nan Bondye, demontre nou gen lafwa nan mwen tou.”

Antoni: Mèsi. Kounye a, èske w t ap di pou yon moun gen vrè lafwa a li dwe kwè nan Jezi oubyen nan Jewova?

Tèd: Non. Jezi di nou dwe kwè nan toule de.

Antoni: Trè byen. E m sèten w ap dakò li pa sifi pou n annik di nou gen lafwa nan Bondye ak Jezi. Vrèmanvre, nou dwe viv yon fason ki montre nou gen lafwa nan moun sa yo.

Tèd: Se vre.

Antoni: Men, ki sa yon moun ka fè pou l montre li vrèman gen lafwa nan Bondye ak nan Jezi? Petèt nou te ka pale sou kesyon sa a yon lòt fwa Tèda.

Tèd: M ap byen kontan.

Èske gen yon sijè ou konn ap poze tèt ou kesyon sou li? Èske w ta renmen konnen kèk nan kwayans Temwen Jewova yo oubyen èske w ta renmen konnen relijyon yo a pi byen? Si se sa, pa ezite poze yon Temwen Jewova kesyon w genyen yo. L ap byen kontan pale avè w sou sijè sa yo.

a Pou w ka jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 12 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje