BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/5 p. 4-7
  • Èske gen moun ki ka predi lavni?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske gen moun ki ka predi lavni?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • PREDIKSYON BONDYE FÈ YO EGZAK
  • PWOFESI BONDYE YO PARAPÒ AK PREDIKSYON LÈZÒM YO
  • AVNI W
  • Kiyès ki kapab konnen lavni ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Kèk pwofesi ki deja reyalize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/5 p. 4-7
Yon manman k ap ede pitit fi l fè devwa lekòl li.

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Èske gen moun ki ka predi lavni?

Nou tout konn reflechi sou lavni. Nou konn mande tèt nou kòman lavi a ap ye ni pou nou ni pou moun nou renmen yo. Nou konn poze tèt nou kesyon tankou: ‘Èske timoun mwen yo pral viv nan yon monn ki pi bon? Èske tè a pral detwi nan yon katastwòf? Èske gen yon bagay mwen ka chanje kounye a pou m ka gen yon pi bèl avni?’ Anvi konnen an se nan nou chak li ye. Natirèlman, tout moun ta renmen gen asirans, gen objektif, gen disiplin ak estabilite nan lavi a. Si w ta ka prevwa kòman demen ap ye pou ou toutbon, ou ta ka prepare w pi byen kit se nan domèn fizik kit se nan domèn afektif.

Donk, ki sa demen sere pou ou? Èske gen moun ki ka konn sa? Espesyalis k ap eseye predi lavni yo konn reyisi kèk fwa, men anpil fwa yo echwe tou. Poutan, Bib la fè konnen Bondye ka predi evènman ki gen pou rive yon fason ki egzak. Men sa Pawòl li a di: “Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive.” ​(Ezayi 46:10). Jis nan ki pwen sa Bondye predi yo egzak?

PREDIKSYON BONDYE FÈ YO EGZAK

Poukisa ou dwe enterese konnen jis nan ki pwen pwofesi Bondye te bay nan tan lontan yo egzak? Ebyen, si w konnen yon meteyològ ki fè previzyon ki egzak chak jou, e li gen lontan depi l ap fè sa, sa ka enpresyone w. Petèt, ou t ap prete atansyon ak previzyon li fè konsènan jan tan an ap ye demen. Nan menm sans lan, si w ta aprann Bondye te predi anpil evènman e yo tout te rive egzakteman jan l te predi, se sèten ou t ap enterese konnen sa li di konsènan lavni.

Yon miray yo rebati nan vil Niniv, yon ansyen vil ki dezole.

Yon miray yo rebati nan plas kote ansyen vil Niniv te ye a.

DESTRIKSYON YON GWO VIL:

Pa egzanp, se t ap yon bagay estrawòdinè si yon moun ta predi yon gwo vil, ki pisan pandan plizyè syèk, pral detwi talè konsa epi sa ta rive vre. Bondye te sèvi ak youn nan pòt pawòl li yo pou l te predi yon evènman konsa. Li te di yo t ap detwi vil Niniv e moun pa t ap janm abite ladan l ankò (Sefànya 2:13-15). Ki sa listwa pwofàn rapòte sou sa? Nan setyèm syèk anvan epòk nou an, petèt 15 syèk apre Bondye te fin predi sa, Babilonyen yo ak Mèd yo te atake Niniv e yo te detwi l. Mete sou sa, depi alavans Bondye te presize l ap fè Niniv tounen “yon savann, yon tè sèk tankou dezè”. Èske prediksyon sa a te reyalize vre? Wi. Byenke li posib pou vil sa a ansanm ak pwovens li yo te kouvri yon tèritwa ki mezire 518 kilomèt kare, Babilonyen yo ak Mèd yo pa t ni prezève vil sa a, ni yo pa t sèvi avè l jan kèk moun te ka atann sa. Okontrè, yo te detwi l pito. Èske gen espesyalis nan domèn politik ki te ka predi evènman sa yo yon fason ki egzak konsa?

L AP BOULE ZOSMAN MOUN:

Ki moun ki ta ka anonse non zansèt yon moun ki t ap boule zosman lòt moun sou lotèl ansanm ak non vil kote yo t ap fè lotèl sa a, e li ta predi sa depi 300 an alavans? Si yon prediksyon etranj konsa ta reyalize vre, se sèten moun ki te fè l la t ap vin selèb. Pòtpawòl Bondye a te fè konnen: “Gen yon pitit gason ki pral fèt nan mezon David la, y ap rele l Yochiya! [...] E l ap boule zosman moun” sou yon lotèl ki nan vil Betèl (1 Wa 13:1, 2, NW). Anviwon twa syèk apre, gen yon wa ki te rele Yochiya, yon non biblik ki pa kouran, ki te soti nan fanmi David. Jan yo te predi sa, Yochiya te fè “detere zosman [kèk moun] pou boule yo sou lotèl” ki nan vil Betèl la (2 Wa 23:14-16). Ki jan yon moun ta ka predi yon evènman ak tout detay sa yo si l pa t gen yon fòs sinatirèl ki t ap gide l?

Jan pwofèt Izayi te pwofetize sa, lame Siris la te antre nan Babilòn grasa pòt yo ki te ret ouvè.

Nan Bib la, pwofèt yo te predi destriksyon Babilòn yon fason ki egzak.

LAFEN YON ANPI:

Se t ap yon bagay estrawòdinè si yon moun ta predi non yon moun ki t ap ranvèse yon gwo pisans mondyal ansanm ak estrateji moun sa a t ap itilize, li ta predi sa byen lontan anvan moun sa a fèt epi sa ta rive vre. Bondye te anonse gen yon moun ki rele Siris ki t ap alatèt yon lame ki t ap ranpòte laviktwa sou yon nasyon. Siris t ap libere Juif yo tou ki te kaptif epi li t ap soutni yo nan rekonstriksyon tanp yo a ki sakre. Mete sou sa, Bondye te predi pami estrateji Siris t ap itilize yo, Siris t ap seche dlo rivyè yo epi pòt vil la t ap ret ouvè sa k t ap fè l pi fasil pou l pran vil la (Izayi 44:27–45:2). Èske tout detay Bondye te bay nan pwofesi sa a te reyalize vre? Istoryen yo dakò Siris te pran vil la toutbon. Lame Siris la te itilize yon estrateji estrawòdinè, li te devye youn nan rivyè ki te mennen nan vil Babilòn nan, konsa, li te seche rivyè yo. Anplis de sa, lame a te antre nan vil la pandan pòt yo te ret ouvè. Apre sa, Siris te libere pèp Juif la epi li te fè konnen yo te ka rebati tanp yo a nan Jerizalèm. Se te yon bagay etranj paske Siris pa t konn adore Bondye Juif yo (Ezra 1:1-3). Ki moun, apa Bondye, ki te ka predi evènman istorik sa yo ak tout detay sa yo?

Nou sot pale sou twa egzanp ki montre jan Bondye te predi yon seri evènman e yo te reyalize jan l te di a. Evènman sa yo se pa t evènman ki te rive konsa konsa. Jozye, yon moun ki t ap dirije Juif yo, te di yon pawòl moun ki t ap koute l yo te konnen byen. Men sa l te di: “Nou tout nou konnen nan kè nou ak nan lespri nou [Jewova], Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre.” ​(Jozye 23:1, 2, 14). Pèp Jozye t ap dirije a pa t ka di yo pa t konnen jan tout pwomès Bondye te fè yo ak pwofesi li te bay yo te akonpli. Men, ki fason Bondye fè sa? Gen gwo diferans ant fason Bondye aji ak fason lèzòm aji. Li enpòtan pou n konn sa paske Bondye anonse kèk gwo evènman ki gen pou rive nan yon avni ki pwòch e k ap gen efè sou nou san mank.

PWOFESI BONDYE YO PARAPÒ AK PREDIKSYON LÈZÒM YO

Byen souvan, prediksyon lèzòm fè yo baze sou rechèch syantifik, sou analiz yo fè apati enfòmasyon ki disponib ak fason bagay yo prale oswa sou bagay moun ki mistik yo di. An jeneral, apre moun yo fin fè prediksyon sa yo, yo chita chita yo, y ap tann pou yo wè sa k ap rive. — Pwovèb 27:1.

Kontrèman ak lèzòm, Bondye konn tout detay. Li byen konprann jan moun fèt ak tandans yo genyen. Se sa k fè, lè Bondye chwazi bay yon pwofesi, li ka prevwa fason moun yo oubyen nasyon yo ap reyaji egzakteman. Men, Bondye ka fè plis pase sa. Li ka menm kontwole evènman yo ak fason bagay yo prale epi li ka chanje yo pou l ka sèten sa l te prevwa a ap rive san mank. Men sa Bondye di: “Konsa tou pou pawòl ki soti nan bouch mwen: li p’ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m te vle l fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l fè a.” ​(Ezayi 55:11). Nan yon sans, gen kèk nan prediksyon Bondye fè yo ki plis pase yon senp anons oubyen yon senp deklarasyon. Li toujou aji yon fason pou l asire l sa l prevwa a reyalize egzakteman jan l te vle a.

AVNI W

Èske gen yon prediksyon ou ka fè konfyans ki konsène avni w ak avni moun ou renmen yo? Si depi alavans ou ta konnen gen yon tanpèt k ap vini, ou t ap fè yon bagay pou w sove lavi w. Se menm jan an ou dwe reyaji parapò ak pwofesi ki nan Bib la. Bondye fè konnen gen gwo chanjman ki pral fèt nan monn nan talè konsa. (Gade kare ki gen tit: “Sa Bondye di sou lavni.”) Avni sa a totalman diferan parapò ak prediksyon anpil swadizan espesyalis fè.

Ou ka ap reflechi konsa: Limanite gen yon istwa an jeneral. Grasa pwofesi biblik yo, nou ka konnen jan istwa sa a ap fini. Men sa Bondye fè konnen: “Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M’ap fè tou sa mwen te vle fè a.” ​(Ezayi 46:10). Ou menm ak fanmi w kapab gen yon bèl avni. Pale ak Temwen Jewova yo konsènan sa Bib la di sou evènman ki gen pou rive yo. Temwen yo pa moun ki mistik, yo pa konn di yo tande vwa espri k ap pale avèk yo, ni yo pa gen okenn pouvwa espesyal pou yo fè prediksyon. Yo se moun ki etidye Labib e yo ka montre w bon bagay Bondye ap fè pou ou alavni.

Lè nou egzamine pwofesi biblik yo, sa aprann nou yon bagay enteresan sou pèsonalite Bondye. Bondye fè nou konnen volonte l, li montre nou li pa endiferan ni li pa abandone limanite. Okontrè, li vrèman enterese nan avni nou. Anfèt, li vle nou viv pou n ka wè bèl avni li sere pou nou.

Sa Bondye di sou lavni

Depi nan syèl la, de men k ap dirije moun ki obeyisan yo sou yon wout ki mennen nan bèl avni ki pral gen sou tè a.
  • Kontrèman ak pwofèt k ap predi lafendimonn yo, Bondye ban nou asirans tè a pap janm detwi. — Sòm 104:5; Eklezyas 1:4.

  • Pandan lèzòm ap sakaje tè a, Bondye pral aji pou l stope yo. — Sòm 92:7; Revelasyon 11:18.

  • Bondye konnen pifò relijyon pa di laverite sou li e yo pa fè sa Bib la di. Bondye ap detwi òganizasyon sa yo. — Revelasyon 18:4-9.

  • Se gouvènman Bondye a ki nan syèl la ki pral detwi mechan yo, sa vle di moun ki dezobeyisan yo. Se pa ni lèzòm ni yon pisans sou latè ki pral fè sa. “Pap gen avni pou moun ki mechan yo.” — Sòm 37:10, 38 NW; Dànyèl 2:44.

  • Bondye ap pwoteje moun ki gen apwobasyon l yo, e yo pral viv alèz sou yon bèl tè. “Gade moun ki san repwòch la byen, kontinye gade moun ki dwat la, paske avni moun sa a ap pezib.” — Sòm 37:11, 37, NW; Revelasyon 21:3, 4.

  • Nan Bib la, Bondye esplike nou fason nou ka jwenn apwobasyon l ak fason “nou ka rive chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive”. — Lik 21:36; Jan 17:3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje