BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/8 p. 5
  • Bondye konprann ou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bondye konprann ou
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Èske Bondye konprann ou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Ou fè nou yon fason ki estrawòdinè
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Nou fèt “ yon fason ki estrawòdinè ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Ou bezwen kwè Jewova padone w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/8 p. 5

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE BONDYE ENTERESE NAN OU?

Bondye konprann ou

“O Jewova, ou egzamine m, e ou konnen m.” — SÒM 139:1, NW.

Yon kòd ADN ak yon anbriyon

“Je w te wè anbriyon mwen.” — SÒM 139:16, NW.

REZON KI FÈ KÈK MOUN GEN DOUT: Gen anpil moun ki panse Bondye wè lèzòm sèlman antanke pechè, sa vle di yo pa pwòp e yo pa merite pou l ba yo atansyon. Kendra te fè depresyon, li te santi l koupab anpil paske l pa t ka fè egzakteman sa Bondye mande yo. Se sa k fè, li te di: “Mwen te sispann priye.”

SA PAWÒL BONDYE A ANSEYE: Jewova wè pi lwen pase enpèfeksyon w yo e li konprann ki moun ou ye toutbon. Men sa Bib la di: “Li konnen byen ak ki sa nou fèt, li sonje nou se pousyè.” Mete sou sa, li pa aji avèk nou “selon peche nou fè”, men avèk mizèrikòd, li padone nou lè nou repanti. — Sòm 103:10, 14, NW.

Ann konsidere egzanp David, wa izrayelit nou te pale de li nan premye atik ki nan seri sa a. Nan yon priyè David te fè Bondye, men sa l te di: “Je w te wè anbriyon mwen epi nan liv ou a tout pati l yo te enskri [...]. Sonde m, o Bondye, e konnen kè m.” ​(Sòm 139:16, 23; NW). Wi, David te gen konviksyon menmsi li te fè peche, e pafwa li te fè peche grav, Jewova te anmezi pou l wè li repanti nan kè l.

Jewova konprann ou pi byen pase nenpòt ki moun. Men sa Bib la di: “Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, [Jewova] gade sa ki nan kè moun.” ​(1 Samyèl 16:7). Bondye konnen rezon ki fè ou aji tèl ou tèl fason. Li konnen fason ou fèt, fason ou grandi, anviwònman ou leve ladan l ak pèsonalite w gen enfliyans sou jan de moun ou ye a. Menm lè ou fè erè, li wè jan de moun w ap fè efò pou w ye e li apresye sa.

Kounye a, ki jan Bondye sèvi ak konpreyansyon pwofon li gen sou ‘moun ou ye toutbon an’ pou l rekonfòte w?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje