Ki sa Bib la di?
Èske Bondye koute tout priyè?
ÈSKE W T AP DI...
li reponn priyè tout moun?
li reponn priyè yon seri moun?
li pa reponn priyè pèsonn?
MEN SA BIB LA DI
“Jewova toupre [...] tout moun ki rele l avèk senserite.” — Sòm 145:18.
KI LÒT BAGAY NOU KA APRANN NAN BIB LA?
Bondye pa koute priyè moun k ap fè rebèl avè l (Ezayi 1:15). Men, moun sa yo kapab “ranje bagay yo” avè l lè yo fè chanjman nan konduit yo. — Ezayi 1:18.
Pou Bondye reponn yon priyè, priyè sa a dwe ann amoni ak sa l mande nan Bib la. — 1 Jan 5:14.
Èske nou dwe priye nan yon pozisyon espesyal?
GEN MOUN KI KWÈ yo dwe toujou met ajenou, bese tèt yo oubyen mete de men yo ansanm lè y ap priye. E ou menm, ki sa w panse?
MEN SA BIB LA DI
Bondye te konn koute priyè moun ki te “chita”, moun ki te “kanpe”, moun ki te “kouche plat atè” oswa moun ki te “met ajenou”. (1 Kwonik 17:16; 2 Kwonik 30:27; Esdras 10:1; Travay 9:40.) Li pa mande nou pou nou rete nan yon pozisyon byen presi lè n ap priye.
KI LÒT BAGAY NOU KA APRANN NAN BIB LA?
Bondye koute priyè moun ki gen imilite. — Sòm 138:6.
Nou ka priye l nan nenpòt lang oubyen menm an silans. — 2 Kwonik 6:32, 33; Neyemi 2:1-6.