BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp19 no 2 p. 4-5
  • Lè w viktim anba katastwòf natirèl

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè w viktim anba katastwòf natirèl
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • LÈ N KONNEN VERITE KI NAN BIB LA SA FÈ LAVI A GEN SANS
  • Èske w pare?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Lage tout tètchaje nou sou Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Fason n ka rive fè fas ak tètchaje
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Fason Bib la ka ede mesye yo fè fas ak enkyetid lavi a
    Kèk lòt sijè
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
wp19 no 2 p. 4-5
De mesye ki chita bò kot dekonm yon bilding

Lè w viktim anba katastwòf natirèl

“Okòmansman, nou te santi nou dezespere anpil. Inondasyon ak deboulonnay tè te detwi tout sa nou te posede.” — Andre, Syera Leyòn.

“Apre siklòn nan te fin pase, nou te retounen lakay nou. Nou pa t ret anyen menm. Nou pa t gen bouch pou n pale. Lè sa a, pitit fi m nan met de jenou l atè e li pete kriye.” — David, Ilvyèj.

SI W te viktim anba yon katastwòf natirèl, ou ka konprann santiman lòt moun ki te viv sitiyasyon sa a: yo sezi, yo pa vle aksepte reyalite a, yo nan konfizyon, yo enkyè e yo plede fè move rèv. Anpil nan moun sa yo ki dekouraje e ki about pa menm anvi kontinye lite nan lavi a.

Si lavi w te vin tèt anba akoz yon katastwòf natirèl, petèt ou menm tou ou santi w prèske krake. Ou ka menm kòmanse santi w pa gen rezon pou w kontinye viv ankò. Sepandan, Labib fè konnen ou bezwen kontinye viv e w gen bonjan rezon pou w gen espwa gen yon bèl avni k ap tann ou.

LÈ N KONNEN VERITE KI NAN BIB LA SA FÈ LAVI A GEN SANS

Eklezyas 7:8 di: “Jan yon bagay fini pi bon pase jan l kòmanse.” Apre w fèk fin viktim anba yon katastwòf natirèl, ou ka gen enpresyon lavi w pa gen sans. Men, tank w ap fè efò pou w kontinye viv, tikras pa tikras, sitiyasyon an kapab amelyore.

Labib anonse yon moman kote “yo pap tande bri moun k ap kriye oswa ki nan malè [...] ankò.” (Ezayi 65:19). Pawòl sa yo pral reyalize lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a k ap vin yon paradi (Sòm 37:11, 29). Lè sa a, pap janm gen katastwòf natirèl ankò. Tout souvni ki konn fè n soufri ak tout vye bagay nou te viv ki make nou yo, yo tout nèt pral efase pou toutan, paske Bondye toupisan an pwomèt: “Ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun yo” ankò. — Ezayi 65:17.

Imajine sa: Kreyatè a pran dispozisyon “pou [l] ban nou yon avni ak yon espwa”, yon lavi san kè sote, lè Wayòm li an, ki pafè, pral dirije tè a (Jeremi 29:11). Lefètke w aprann verite sa a, èske sa pa ba w anvi kontinye viv? Samantha, nou te pale de li nan atik anvan an, fè konnen: “Lè w toujou ap panse ak tout bèl bagay Wayòm Bondye a pral fè pou nou alavni, sa ka ede w sispann panse ak sa k te pase a, epi kontinye viv.”

Sa w panse si w chèche aprann plis bagay toujou sou sa Wayòm Bondye a pral fè pou limanite talè konsa? Sa kapab ba w asirans lavi w gen sans depi kounye a, byenke w te viktim anba yon katastwòf natirèl, epi tann ak anpil enpasyans moman kote pap gen katastwòf natirèl ankò. Annatandan, Bib la gen bonjan konsèy ki ka ede nou andire dega katastwòf yo lakòz. Ann wè kèk egzanp.

Kèk vèsè nan Bib la ki kapab ede w

Pran ase repo.

“Li pi bon pou yon moun pran yon ti repo olye l plede ap travay di e li kontinye ap kouri dèyè van.” — Eklezyas 4:6.

Gen kèk espesyalis ki fè konnen apre yon moun fin viv yon move sitiyasyon ki make l, si li “manke somèy [...], sa ka fè sitiyasyon l vin pi mal e sa ka fè l pi difisil pou l kontwole emosyon l”. Se sa k fè, li bon pou l pran ase repo.

Pale sou sa w santi.

“Tètchaje yon moun genyen fè kè l vin lou [oubyen ‘fè l tris’, nòt], men, yon bèl ti pawòl fè kè l kontan.” — Pwovèb 12:25.

Pale ak yon manm fanmi w oswa yon zanmi w ou fè konfyans. Fanmi w ak zanmi pwòch ou yo ka koute w, yo ka di w pawòl ki ankourajan e yo ka ba w bonjan èda.

Wè lavni yon fason ki pozitif.

“Selon pwomès Bondye fè, n ap tann yon syèl tounèf ak yon tè tounèf, e ladan yo jistis ap abite.” — 2 Pyè 3:13.

a Yon moun ki anba strès pandan yon bon bout tan oubyen ki gen gwo enkyetid ka bezwen jwenn yon tretman medikal.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje